11/12/2023
Mwen pa gen mo pou m di Bondye m lan mèsi. Kòm siyn ki montre m rekonesans mwen a Senyè m lan, se la vi m mwen remèt li ankò.
Senyè mwen dwe w tout la vi mwen.
Lè m tap chache lanmò, ou te fèmen pòt sa pou mwen
Lè m te nan inyorans, ou pat sispann fè m gras
Mèsi paske w lanmou w pou mwen se yon lanmou etènèl.
Senyè a kontinye ogmante ane m yo
Mwen pap sispann pale de w Senyè.
Zanmi m yo, frè m yo, kòlèg mwen yo,
Mwen vle pataje fèt mwen avè w.
Bòn fèt