Limyè Kris la

Limyè Kris la

Share

Vini wè, Vin ede, Vini rete. Santi lanmou Kris la pandan n'ap pataje lanmou li ak moun nou renmen yo.

Photos from Limyè Kris la's post 01/29/2026

“Lè nou gen lafwa nan Jezikri, nou konte nèt sou Li—nou fè konfyans nan puisans, entèlijans ak lanmou enfini Li. Nou kwè ke menmsi nou pa konprann tout bagay, Li konprann yo. Paske Li deja fè eksperyans tout doulè ak lapenn nou yo, Li konnen kijan pou ede nou simonte defi nou yo.”

Kisa ou ka fè ane k ap vini an pou ranfòse lafwa ou nan Jezikri?

Photos from Limyè Kris la's post 01/22/2026

Jezikri se pi gran Èt ki te fèt sou tè sa a—egzanp pafè nou an. Li se Senyè tout senyè, Kreyatè a, Sovè nou an, epi li te vini sou tè a pou nou te ka viv avèk Bondye ankò.

Kijan ou pral montre lanmou ou pou Jezikri?

Photos from Limyè Kris la's post 01/15/2026

Lafwa nan Jezikri ede nou prepare pou Jijman Final la. Atravè yon disip fidèl anvè Li epi repantans pou tout peche nou yo, nou ka jwenn padon pou peche nou yo epi vin pi ak sen pou nou ka rete nan prezans Bondye. Lè nou repanti pou peche nou yo, abandone tout panse ak aksyon enpi, Sentespri a ap chanje kè nou pou nou pa menm gen anvi peche ankò. Lè sa a, lè yo jije nou, n ap jwenn nou pare pou antre nan prezans Bondye.

Kisa ou ka fè pou prepare w pou Jijman Final la?

Photos from Limyè Kris la's post 01/08/2026

Non sèlman Ekspyasyon Jezikri a simonte efè Chit Adan ak Èv la epi li rann padon peche ak transgresyon endividyèl nou yo posib, men Ekspyasyon li a pèmèt nou fè byen epi vin pi bon nan fason ki depase kapasite mòtèl nou yo.

Nan ki fason ou te aksepte pouvwa redanmtè Jezikri nan lavi ou?

Photos from Limyè Kris la's post 12/30/2025

Ekriti yo anseye nou ke apre nou fin kite lavi mòtèl sa a, nou pral viv ankò. Nan Liv Mòmon an, yon pwofèt ki rele Alma anseye; "lespri tout moun, kit yo bon kit yo move, yo mennen lakay Bondye ki te ba yo lavi a."

Photos from Limyè Kris la's post 12/23/2025

Liv Mòmon an anseye ke, “redanmsyon an vini nan e pa mwayen Mesi ki Sen a; paske li plenty gras ak verite.” (2 Nefi 2:6.)

Ki jan Mesi Sen an, Jezikri, ka rachte nou? Liv Mòmon an kontinye eksplike ke “li ofri tèt li kòm sakrifis pou peche, pou satisfè obligasyon lalwa a, pou tout moun ki gen kè brize ak lespri kontri; epi obligasyon lalwa a pa kapab satisfè pou onkenn lòt moun.” (2 Nefi 2:7.)

Sakrifis Jezi a pou peche a rele Ekspyasyon an, epi li gen ladan l soufrans li nan jaden Jetsemane a ak sou kwa a, lanmò li pa krisifiksyon, ak rezirèksyon gloriye li nan twazyèm jou a. Gras ak Ekspyasyon li a, Kris la gen pouvwa pou rachte nou anba peche ak lanmò.

Kisa Sakrifis Ekspyatwa Kris la vle di pou ou?

Photos from Limyè Kris la's post 12/17/2025

Sa gen lontan, Adan ak Èv, papa ak manman limanite, te transgrese kòmandman Bondye yo epi yo te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la.

Akòz transgresyon yo a, nou nan yon eta mòtalite ki tonbe, n ap lite ant byen ak mal, n ap eseye jwenn lajwa ak lapè nan mitan eprèv ak tribilasyon yo.

Nou ka mande tèt nou poukisa yo te tonbe, men ekriti yo anseye ke, "tout bagay te fèt nan lasajès moun ki konnen tout bagay la." (2 Nefi 2:24.)

Poukisa Chit Adan ak Èv la tèlman enpòtan pou lavi nou sou tè a?

Photos from Limyè Kris la's post 12/11/2025

"Kreyasyon an se yon ekspresyon lanmou Bondye ak dezi li pou nou gen opòtinite pou nou grandi."

Ki sa ou pi renmen sou Latè a?

11/21/2025

Jezikri ka ede ou jwenn kè kontan! Koman w ka suiv li pou w ka resevwa benediksyon li yo?

Want your school to be the top-listed School/college in Toledo?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Category

Telephone

Address


1545 Eastgate Road
Toledo, OH
43614

Opening Hours

Tuesday 9am - 9pm
Wednesday 9am - 9pm
Thursday 9am - 9pm
Friday 9am - 9pm
Saturday 9am - 9pm
Sunday 9am - 9pm