09/02/2026
SE LÈ PITIT Jenne T AP DÒMI, LI TE JWENN TAN POU KONSTWI RÈV LI, TAN POU ETIDYE . Felisitasyon Pou gradiyasyon ou .
Li rele Jenne.
Li se yon manman.
E jodi a, li se yon gradye Kaw Academy nan Jesyon Pwojè.
Men dèyè diplòm sa a, gen yon istwa.
Pitit li gen yon lane. Lè li t ap dòmi, se souvan lè sa a Ladyy te jwenn tan pou l etidye.
Te gen nwit san dòmi.
Te gen fatig.
Te gen dout.
Men li pa t abandone.
Paske vin manman pa t vle di mete rèv li sou kote. Sa te jis aprann li pousuiv rèv li yon lòt jan.
Jodi a, nou pa wè sèlman yon diplòm.
Nou wè yon manman ki te chwazi pa abandone tèt li. Nou wè yon egzanp pou anpil lòt fanm k ap eseye avanse pandan y ap pote anpil responsablite sou zepòl yo.
Ladyy, istwa w fè nou sonje poukisa Kaw Academy egziste.
Pou bay plis moun posiblite pou yo aprann, grandi epi kontinye konstwi avni yo, kèlkeswa sikonstans yo.
👏🏾 Felisitasyon, Ladyy Jenne. Nou fyè de ou.
Petèt se istwa pa w n ap rakonte nan pwochen pwomosyon an. 🎓