Ti Tonel Lekol Ekri Li Kreyol.,

Ti Tonel Lekol Ekri Li Kreyol.,

Share

Pap koute fre n se n yo
yon goud nasyonal anyen
anba tonel la vin ekri li kreyol
lanng tout ayisyen natif natal.....

06/03/2020

🌿🌿🌿🌿🌿🌿🌿🌿🌿🌿
Sètne venteyen jou anba dlo
mabiye tounwa tèt lan pye
wèm konsa em sèch konw pen
van tanpèt lapli dchennen tonbe
inè dimmaten pye atè map vini
rigòl rivyè men wòtè mpa mouye
Rivem kat chimen lakay anm
dfen papam dfen grann anm
lan vivan moun sayo lèt ak sitwon
yandyable ak bwa metsiyen
konmsi marasa fèy lan men yo
dyab sonnen kòlèt anjandre yo
ouvè pòt banm antre eyopa mouye
Wèm gadem koupem kout jye
chante yap klenwonnen tounwit la
yochak ak ion bouji kenzkòb
fas anba yap ranpe kotem lan
youn gen òkèt lòt la ap èstène
yap vlopem ak potach fèy maskreti
wouzem ak tafya bawon lakwa
Dmen m leve chache yo kou zepeng
konesans mwen wèm lanw simityè
atè miyò bò ion potobwa ankwa
barem ak kat michan papa tonm
chak douvan tonm yo bouji limen
m nik bat pay kanson wet pousyè
chache wout al lakay anm
M voye dlo mwen wouze kay la
annafè paka jwenn somèy lannwit
kochon senyen esan map bwè
plèzim byen manje san kochon
anpil piman bouk kraze ladanl
mozo kwim la poum vale dlo sous.
🇭🇹MCANTOINE🇭🇹CAMILOR🇭🇹

05/30/2020

KOURAY MANMAN MWEN
✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️
Viza manman peyi lòt bò dlo
lo chabon lo patat tito lan bak
ion grenn mizèrere lavi enposib
timoun granmoun vin dyaspora
gentan al bliye chè manman sa.
✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️✈️
Tranche manman pagen dyòl
kotel jwenn souf rele anmwe
doulè lan fiftiwann li model di
mil jye moun asiste kanpe ga2
jan kouto dbò fann manmanm
pagen dwòg tafèl bliye doulè
manman lan dennye bout souf li
kimele doktè dwòg rale timoun
Pouc timoun piman zwazo mi
valesa lan tyaka fin dtripe kraze
gwo gout swè gout lapli lap bay
dgoute benyenn 2janmni gaye
lage timoun atè epa ion blag
jan kwis toujou kole pac lakòl
pou manman gonw timoun
Timoun fin fèt pat mande fèt
ke manman manje lipa manje
tibebe pakonnsa fòl bwè lèt
rel li c rèl pantanw lan dòmi
kout tèt dtire pyel pwenl mare
potete manman fòl pire souc sa
sansa dyab grangoul pap pac
tafèl sispann rele nwit lajounen
Fyèl manman lanmè san bout
timoun lan rale woule anwo kbann
leve kanpe rache nap soutab
grenn fouchèt kouto asyèt fayans
malè pandye timoun fenk mache
Lapli plonje vip pip pat bay siyal li
sann cho padil cho timoun tèktèk
chay pwasenkant soudo manman
prec vit ranmac pitimi lan solèy
timoun soubra gòch sak anwo tèt
anmenmtan lekòl poul peye mèt
lèl vann sot mache kwabosal
Chatiman manman sonw maswife.
🇭🇹MCANTOINE🇭🇹CAMILOR🇭🇹
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

05/30/2020

❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Tifanm lan mi kou sapoti
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Gadel janw wèl la saw wè
yonti poupe kreyòl lakay
lestonmal bonbe patwò gwo
wal byen fiskel kont kòwou
outa di c pitit rèn egip la
lèw gad pye janmni sagra
poujan pyel klere miwa lò
Bout bòt nègès la mezi pyel
kou talon kbrit trac bannda
kata kta lanwon laviwonndede
jip tonm simityèl plake sonw tipli
kge anwo kòsay wòz pachimanl
yonti fanm fenk sot lan kèmès
Renl byen chita lan menl
lap voye payèt zèklè zetwal
lan ion tifènwa limyè koukouy
ou rele gason kouw fòl vire
tifanm lan tousa yon nèg tavle
lan rèv kou jyel klè anba pat menl
Tizanj ayisyen nègès kreyòl sa.
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️

05/28/2020

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Machte boutè andetay
mwen vann boutèy papil
Kè kontan gwo lavant boutèy
lan fè fèt dis zòtèy blayi atè
zenglen boutèy filange pye
lagem lan soufrans tetanòs
Bèl lavant pagen kòb al lopital
esak pamanke lakou kay la
zenglen boutèy pou piyay
tadwe sèvim papansman
yonti laswenyaj jwenn ion tisouf
ak chava machann boutèy la
Kouto pagrate manch li
bwote dlo lan panyen pèse
pouw al pac twal mouye lan kaytè
c laraj moute maswife pado
chen taniche maleng soudol
enpoze mouch vin lage vè ladann
Kton pakouto menl blec dwèt...
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

05/22/2020

🇭🇹Renmen peyin ayisyen🇭🇹
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Filozòf kreten c kopye
c konesans entèlektyèl yo
kòtòf yo zafè moun bon
voye monte lan sak papal
menmjan asak rele didye yo
Sak lan ginen payas yo
reyinyon ravèt ak mouch
bèl mèvèy wè sak genyen
barik san anyen kapfè bri
podyab pakonnen santibon
vyann santi c pafen pouyo
Jou vini jou ale toujou konsa
vèb konjigezon repete zòt
istwa ou paka kopye franc
liv kreyòl papka etidye lekòl
ekriti lanng kreyòl bèl anpil
magouy bwasel ak franc angle
epa tisanti fèl lèd anmenmtan
lè wal mèt lan sèvèl ou tonton
jansèl ekri kreyòl fòk csa
Rebwazman voye jete sak pàn
kot chanjman lèzanj kap vini yo
bwac kat la kipat janm mele
jis satisfè kèk pyas lan pòch
twòp egzanp douvann mezanmi
ekriti kreyòl dwe gen chans li
piske zanfann yo tonbe lan kopye
Yon jaden san kouto digo
ion tè kipa ckle wete zèb yo
lapli ap tonbe lalin plen dlo agogo
sak pamanke plan pitimi ak mayi
ann metmen plan ekriti kreyòl la
sak dòmi reve yon ayiti miyò
Entèlektyèl ak filozòf ion peyi
cti grenn pwa plan bannann lantè
tilèzanj kap grandi jwenn kichòy
san yo pap bzen al mèt bikò yo
latanta yo soukont blan malfektè
aprann yo masisi ak kidnapè
Si peyin gen entèlektyèl ak filozòf
lan lanng manman papa yo
ctan wi poun pran konsyans
wete n lan ktya boumbe santi saa.
🇭🇹Mcantoine🇭🇹Camilor🇭🇹🇭🇹

05/20/2020

Mezanmi kilè peyim retounen granmoun ayisyen qfè eleksyon blan fèmen dyòl yo

05/08/2020

♥️Revè bonjan lanmou♥️
♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️
Brit soukou janw tfèl la
ouleve wal plac enpi marye
sam tfèw mta renmen konnen
pou kalte michan so kbrit saa
Souflèt lave menw lan figim
kanta c lanmou mte vle bawou
san wete menm tikal ladann
lan epòk mwen patvo lanmouw
wal choutem pimal kon boul ba
tirem jete rale kòw soumwen
Jou kouri lanne file kou zetwal
somèy chakjou dòmi revew
c lan ki avyon kikote wap sòti
èske c lan dyèt c lan elikoptè
tavin soulaje soufrans lapèn anm
jouk tikèm ta sispann bat fò
Kousaa nègès anm tdi anpil
sonw malin kap wonjem paka geri
anpilfwa lèm sonjew anvi wèw
mezi venn lan kòm vin nanm
poujan mta renmen wè vizaj ou
yon bagay kipa janm fèt
Si fèy lanbwa tifèy vèvenn pat
tkab tanpere kòlè lanmoum pouwou
tan koul ya zom patap bon menm
takab fè bouton chemiz ak li
Ay kòmè anmwen mal madobat
rale souyon pye ak yon baton beki
lavi mare pwenl toufounenm touttan
refize banm ion tisouf menm fèpam
poum tapran sant wout wap vini
malgre toutsen lèzanj jete twagout dlo
veye lan kitwou pòt menm ion tijòf
taka fèm viv lespwa lanmouw
nad marid wale oupajanm tounen
Atout kèm mpagen rayisman pouwou
mèsi granmèt oula mwen la toujou
lanmou mtal reve boukante ak wou
ion jou kou jodiya nava kwaze tichou
ke n tounen noupa tounen viv ansanm
pigwo soulajman lap ye poumwen
jye pam tonbe lanjye paw
mpap kche diw fanmanm kòkòt
lap yon gerizon poutout kò anmwen
Mtoujou renmenw map renmenw piplis
dpi map viv wè solèy limyè lavi
rankin pagen plas lan kèm pouwou
moun damou ak bonjan lanmou
vag lanmè lavi pap janm efac sa........
♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️
♥️♥️♥️Mcantoine ♥️Camilor♥️♥️♥️

05/01/2020

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Apranw tan c yon lòt mezanmi
kk jye legliz lanng franc pat janm linèt
bègwè adjipopo lan bannann yo
tal fè konprann cte reyèl
legliz aktout lanng franc ya
teyon pigwo èd pouti pèp la
veriteya menl sou tanbouwa
Blan paka voye pèpè ni sinistre
pote bay legliz fopwofèt yo
lekòl fout fèmen pòt yo
direktè pwofesè pap touche
lan aprann ti ayisyen lanng san zefè
Dpi digdantan relijyon sayo tap frape
sakfè ayiti pafèmen tou
kirezon tipèp vodou wa
yap menlen piwèt yo san legliz
enpi blanfranc pa voye liv franc
timoun pèp la vin bèbè pousa
jan bègwè talfè konprann liyan
san moun sayo pap gen ayiti
Tank moun sayo alkwè lan blan
okontrè blankolon toujou ap piye
malgre kowonaviris la ap touye yo
anndan ewòp lan etazini
pè pastè reskiyè kolonblan yo
vin dmanti koulya sam di laa
Ewòp legliz ann priye kont kowonaviris la
kòm c zam tipèp afrik pèp ayisyen
plis kon mwa konsa pè ak pastè
bank yo pajwenn ladim tipèp yo
tal konprann Granmèt la sonw jwèt
c Bondye kikreye lafrik ak ayiti
yonfwa ankò kolonblan elyann
pèpnwa c pitit Granmèt la ayibobo
🇭🇹🇭🇹 MCANTOINE CAMILOR...🇭🇹

05/01/2020

🇭🇹🇭🇹 Bouyon dòmi 🇭🇹🇭🇹
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Lanng papaw epavre
diliv tè kòtòf lestonmak cpaw
tonmtonm moun kigen trann2 dan
tadwe manje moulen sa
c vale yal valel lan sòs kalalou
Krèm sonw glas kidi konsa
woblije krazel enpi valel
bouyon gen bannan ak malanga
ekip chòy kidi paka tiglout yo
bonjan reyalite yo bwè bouyon
koze tèt chat enbesil lan ranyon
Entèlektyèl sayap rele konnesè
viv chan’y ak potè machann boutèy
peyizan fè dis soudis
chòdyè toujou drese tiplat manje
touye vè lan vant entèlektyèl yo
gras ak moun yapdi pakonn li yo
Yon sosyete wonzgoud edmi
senkòb diskòb c lò pouyo
kkpoul sonw jòn ze latwoublay
nèg save voye bèl ekriti manti
konmkwa jodiya zye pt patap wè
yon ekip restavèk entèlektyèl sandan
yap dòmi leve soupil fatra
Nèg pòtoprens vann tè peyizan yo
viza blankolon avali entèlektyèl yo
akfòs jan yo tigrangou sanfyèl
peyin vann yo likidel ak kolonblan
menm nèg konnesè sayo mmh
kat la bat lipat file pran lan mera
adye wi dan salòp yo toujou ayiti
Wont sèviyo kòlè san sousi
sennatè palmantè politichen yo
antrav lan dengwenn fiftiwann yo
peyin ayiti lanw twou sam tafè
lajan gentan gaspiye hte pèpè blan
c tipèp la kap rann san peye dèt yo
yon bann pa itil rele entèlektyèl
Sak fout reyèlman ennèvem lan
c san dsalin tousen kilan venn yo
ay mesye sabay kèplen kè dtounen
dis lanne okipasyon cpa anyen..
Mcantoine Camilor....🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

04/25/2020

Sak genyen kisal ye...
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Tonnè krake tanbou banbou
lan ion dans mangonmen
jilèt chandra file popatat
gòj zenyakrab pakoule san
pye atè mache anwo kraze boutèy
kòd pit sere sètne san dmele
Dzagreman lanso s**o
mòn kbrit move lan dyable
lopital dchapèl manje malad
kmyon chavire lan etan tomazo
gras mizèrikòd sak sanlensòf
lapli tonbe tèya pamouye
Kreve jye pwa jerizalèm
lan moulen tonmtonm jeremi
fanm padra jipon trase marèl
lanmè vle regleman tolalito
teyat moute dsann san rete
ak tikiyè ranmase kdav kanntè
Anfen serafen pye fen
langonmye dyayi vonmi flèm
kay madan brino c kandyanwou
enpav pyesal grenpe maswife
avèg kolonn kbrit tèt san kòd
kannale wout kou chen anraje
babye malfini babye manman poul
bèf genyen chaje plizyè mèt
solèy dzè fè fòfe genyen san goumen
Peyi lakou ayiti cherim lan
kolonblan soutèt glas piwete
ion kout kanno pamenm fè paw
ayiti releyo chenmèt chèmètrès
yap gagòte naje lan byen peyiya
pitit tè peyi ayiti yomenm
atò menm yon popatat paka bwè
Sak vle serye konprann dmagoji
peta bèbè vodou vin sandan
manchèt peyizan ap koupe pèpè
kilti ayisyen fin janbe lanmè
politisyen ak entèlektyèl yap rele
viv blankolon viv okipasyon
enpi pitit tèya dwoge ak kidnapè
Wawè sak genyen kisal ye
si oumenm dyaspora pa avèg..
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
MCANTOINE🇭🇹CAMILOR..🇭🇹

04/18/2020

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹.
Lan laj piti mteye
penmèt frekansite
mpat tolere radiyès
douvan jye pam ditou
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹.
Mte gonw matant anm
manmzèl pat banm gwo laj
ion maten dizè solèy cho
li pran lalwa kale mwatye
metel lanw plat dlo
Map gade piwèt manmzèl
sal pral fè ak lalwaa
kareman li pran moso
lagel lan lalwèt li vale sa
Tegon apeprè senk timoso
youn dèyè lòt tiglou yo
ha non mwen etank gason
lal fèsa douvanm c penmèt
Lan dennye rès kireteya
mwen dil ban mwenl
janl fèl la mwen valel tou
mesye mwen konn jòj
Tousam fè poum vomil
c rans blag lougawou
mal pason jounen mal makak
mwen cho mwen frèt
enpi map swe kou pitit bouki
Sak pidi manke touyem tètnwè
mal moute lan ion kmyonèt
pagen plas moblije pran sèso
rete tèt bse fèmpa alèz menm
lèm rive dsann kmyonèt
m tèlman cho lan lariya
Onti moman msanti flèm
kap jwen marèl sou lestomak mwen
m konnenm bon nèt
mpral resi vomi bout lalwaa
non papa c plòt krache wi
kal gonfle bouch anm
fèm ap krache kouwè fanm ansent
Matant anm saa map pale laa
jouk koulya li la wi
tank tifanm lan di konw wòch
mpa kwè ion nèg janmen
tadi pran jòf pantalèt li
kreyòl pale kreyòl konprann
Men sakfè aprè leson saa
mal blije tke frenm patikoul
bwè lan vèya respekte vè
kivedi gason papousib fanm..
MCANTOINE🇭🇹Camilor🇭🇹🇭🇹..

Want your school to be the top-listed School/college in New York?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Category

Website

Address


1667 Empire Blv
New York, NY
11225