MOUN TOMAZO KONTINYE AP VIKTIM ANBA ENFLIYANS RONY COLIN KI PA VLE MOUN TOMAZO ANTRE KWADEBOUKE.
jodi a anko Rony Colin voye yon bakop la polis ki imatrikile DCPR 1 - 00 577 vin bloke moun Tomazo depi anba morn kabrit paske li pase polisye yo lod pou yo pa kite kamyonet Tomazo desann ak pasaje ale kwadebouke. li vle se anba morn kabrit pou stasyon an ye.
Polisye yo aksepte ak Rony Colin yo bloke depi se kamyonet kap sot Tomazo pou ale kwadebouke.
Pasaje yo oblije pran a pye pou yo ale kwadebouke.
Kot sa prale mezanmi kote otorite ki nan Tomazo yo.
Radio Communautaire de Thomazeau 106.7 FM
C'est la nouvelle page de la Radio Communautaire de Thomazeau (106.7 FM)
19/06/2017
Se nan wout tè a lew rive Bo simityè a, wap jwenn stasyon Kamyonet ki fe kwadebouke Tomazo.
19/06/2017
AKTIVITE YO reprann nan sikri Kwadebouke Tomazo jodi lendi 19 jen pou chofe kamyonet yo. Menmsi li poko ofisyel men chofe yo ap chaje deye simityè a nan do klinik PROFAMIL LA. Tout moun ka al pran machin nan espas sa a.
15/06/2017
Ye mekredi 14 jen 2017 la se te jounen prestasyon seman otorite seksyon kominal yo nan meri Tomazo.
15/06/2017
Sous twou kayiman se te la randevou a te kase kote sendika chofe yo te reyini pou lanse mouvman sa a jis pou Otorite nan Komin Tomazo yo ka leve pye yo byen WO Akoz pwoblen wout sa a ki tounen yon fenomen pou moun Tomazo.
15/06/2017
2e manb nan Katel Meri Tomazo a Ludner Occivil te enpisan fas ak desizyon chofe Tomazo yo, paske chofe yo tap reklame prezans Majistra an chef la ki rete an silans depi lè mouvman sa komanse.
15/06/2017
Anba pa monte anwo pa desann. Se konsa sa te ye Bo sous twou kayiman yè mekredi 14 jen 2017 jis pou chofe kamyonet sikri kwadebouke Tomazo yo ka fose otorite yo fe yon entevansyon pou yo konsenan pwoblem estasyon kote pou yo chaje nan kwadebouke a ka rezoud.
15/06/2017
TOMAZO BLOKE depi lendi 12 Jen 2017 paske chofe kamyonet kap fe sikri kwadebouke Tomazo pa gen stasyon pou yo chaje machin yo nan kwadebouke paske Katel Meri Kwadebouke a kap dirije pa Rony Colin mete yo deyo nan stasyon kote chofe yo te konn chaje machin yo depi vandredi pase. Pou rezon sa a chofe te Chita ak depite Tomazo a pou yo konnen ki Jan otorite komin nan ka ede yo. Piske pa gen solisyon ki jwenn, se pou rezon sa a chofe yo an grev depi lendi. Jounen yè mekredi 14 jen an wout la te bloke net menm otorite pat ka pase sitou otorite kominal ki ta pral prete seman kom ASEK KAZEK ak DELEGE VIL yo.
Nap raple nou tout ke Lycee Florvil Hyppolite de Thomazeau genyen an final College la Modestie
2 - 1 nan kad chanpyona inter scolaire
19/05/2017
Pandan ti mesye Lise yo ak college la Modestie a ap woule balon wouch manman yon bann ki tre rekonet nan Tomazo ap met plezi pou fanatik li yo.
19/05/2017
Jodi 18 me 2017 la nan Tomazo se te final chanpyona lekol yo nan komin Tomazo. Lise a tap jwe ak kolej la Modesti. Anpil moun te fe de plasman pou vin gade anbyans sa a.
19/05/2017
18 Mai 2017 sa fe drapo peyi 214 an depi lap flote an granmoun nan peyi dayiti . Men eske nou menm ayisyen nou konn enpotans bel ti peyi sa a ? Eske nou konn fe yon ti reflechi pou fason hero nou yo te goumen pou ba nou libete sa nou genyen jodi a. Eske se chak 18 Mai nou Sonje nou gen yon drapo? Antouka li le li tan pou nou leve eskanp figi nou jis pou nou montre lot peyi yo ke nou se moun tankou tout moun. Apre ti refleksyon sa a sou drapo peyi nou men kijan sa te ye nan Tomazo.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Téléphone
Site Web
Adresse
#5 Rue Capois A Cote De La Place Publique Thomazeau
Ville De Port-au-Prince
50944394316