06/05/2022
- kilès ou ye, kòman ou wèw, saw fè nan la vi?
Mwen se Asca JEAN-MARIE, Yon ayisyèn ki fyè de tèt li, mwen konsidere tèt mwen kòm Yon ajan devlopman
- kotew soti, kotew ye e kotew vle rive?
-Mwen soti nan mas pèp la, Mwen pami jèn kap fè efò pou chanje lakay, Mwen vle poum rive enfliyanse anpil lòt jèn parèy mwen pandan nap fè vizibilite pwodiksyon nasyonal la
- en tant ou ke wap etidye sciences agronomie, ki konsèy ou à jenès Ayisyèn lan?
-Konsèy mwen pou jenès ayisyèn lan*Ann pa chita tann dyòb biro Ann aprann kreye pwòp anplwa pa nou poun kouri dèyè chomaj.
- ki principe ou met nan la vi ou pou reyisi nan la vi a, e ki konsèy ou ak jenès mouyaj foukè ?
-Pi gwo prensip mwen bay tèt mwen se poum toujou rete Yon modèl pou antouraj mwen yo, konsèy mwen pou jenès mouyaj la se pou yo evite kwè nan dyaspora se mete tèt yo la pou yo aprann pou yo ka aplike konsa yap ka sove zòn sa nan lamize.
- ki pi gro bagay ou akonpli nan la vi ou e ki lòt bagay ou ta renmen akonpli?
-Pi gwo bagay mwen reyalize nan lavim se te premye eksperyans mwen te fe nan agrikilti, Mwen ta renmen gen Yon asosyasyon sou tout teritwa nasyonal la kap travay pou bay agrikilti jarèt.
- èskew panse fè tout viw en Ayiti, si wi ou non, poukisa ?
-Wi konte fè vim ayiti se pou sa konsidere tèt mwen kòm Yon ajan devlopman.Mwen reyalize lakay mwen se youn nan pi bon peyi sou latè e gen tout mwayen ki ka fè Yon Moun viv alèz nou sèlman dwe eksplate yo poun transfome sak mande transfome.
- saw renmen e saw pa renmen nan mouyaj foukè ki premye travay ou ta renmen ki fèt?
-Sam renmen nan mouyaj foukèt li se Yon zòn pezib,pi gwo travay mwen ta renmen fèt se pou Moun Yo gen dlo pou yo ka fè Jaden paskel se Yon zòn sèche.
- Kilès ki infliyansew e ki social ou fè déjà ?
-Mwen gen plizyè Moun ki enfliyanse mwen papam se Yon Moun espesyal paske li toujou fe fason prèske tout san ap manje lakay la soti nan jadenl.Mwen fè sosyal souvan si ak asosyasyon Eskout dayiti Nou souvan fè asenisman nan vil okay e pote sipò nou nan moman katastwòf natirèl yo.
- saw pansé ki ka retirer Ayiti nan sal ye a
-Pou mwen menm premye bagay ki ka retire ayiti nan sal ye a
Se tounen anbrase agrikilti,paske depi nou ka bay tèt nou manje Yo pap ka acheté silans nou pou 1000pyas ankò.
- kòman ou konprann la vi a e saw swete ki pou ta chanje ?
-Sam konprann de lavia li mande fòk nou gen detèminasyon ak kouraj poun travay,Sam ta renmen ki pou chanje fòk yo bay jenès la Plas li nan Sosyete a.
- kòman ou panse diaspora ka kontribye nan développement mouyaj foukè?
-Dyaspora ka kontribiye plizyè fason,Pigwo pwoblèm zòn nan se pwoblèm dlo ede nou jwenn mwayen poun fè Yon tiyo rive mouyaj foukèt apresa tout rès bagay yo ap fèt.
- Pale nou de royal ferme agricole e ki objectif nou
-Ferme Royal Agricole pran nesans li okay zòn charpentier kote nou plizyè jèn pami nou te gen etidyan nan sciences agronomiques e sciences Juridiques nou te jije bon poun fè plantule pou vann e la nou te anbrase lide a nou te kòmanse travay solèy lapli grangou pat fè nou
Nou te plante :sitron,Lam , kokoye,Zaboka,palmye...
Nan Yon pati nou te plante piman ak Gonbo,melon 🍈
Nou te pèdi ladan yo akoz dlo te pase m'en nou te reyisi Yon bèl pati e la nou te di nou ka fè plis ke sa.
- remèsye 7 moun ?
Map Remèsye papam ak manmanm ki toujou akonpanye mwen nan tout sam ap fè.
Gabner Lamour Moun ki te fèm plis motive
ING.Agro Friole Lubin.
Agro Pierre Yves-Mary
Agro Amaze André
Me Jeuneson Altejacques
Mouvement de conscientisation SA