05/08/2024
Nou tout kwè nan *Force* poutan nou pa janm konn si se *L'union* ki bay li.
Ke tout sa ki pa vle rete esklav ini yo...
Nou tout viktim tande!!! Nou tout nèt se viktim.
Nou tèlman viktim, kounya youn ap viktim lòt.
Kòmsi la nou panse ke bandi yo se yo ki kreye tèt yo?
Se eksprè prezidan ayisyen yo fè pou yo pa janm rezoud pwoblèm yo?
Sektè prive a pa janm vle kreye endistri vre?
Timoun yo pa renmen lekòl vre?
Jèn fi yo kontan fè pèlen vre?
Nou tout kontan kite peyi a vre?
Moun ki laba yo pa anvi tounen vre?
Tout politisyen se volè vre?
Peyi Dayiti pòv vre?
Kale je. Nou tande, rayi ayisyen parèy ou, pa chita palé pou n chèche sous pwoblèm yo ...
L'union ap toujou fè la Force, sinon patap gen CoreGroup, OEA, ONU...
Nou menm Ayisyen, nou pa gen alye, ann fè alyans ak tèt nou.