01/05/2026
📝 Lè wap pale ak Yon Moun gade nan Direksyon kotel ye a.
📝lè yo pozew yon kesyon, lè wap reponn gade Moun nan nan je.
📝 Lè wap pale siveye wotè vwa w, paske pale twò fò jennen tout Moun.
📝Na yon deba ou diskisyon tout Moun pa pale ansanm.
*
_Jouman se kòmansman vyolans*_
Kèk ti bagay ki ka edew pa fè vyolans ak bouch ou.
📝 Kenbe pawòl (jouman)kika blese Moun nan nan kèw.
📝respire chak fra ou an kolè rale souf ou épi lagel.
📝 Chanje sijè konvèsasyon an.
📝Bay kòw libète, chanje andwa si posib, al fè tan ak Yon lòt group Moun.
Konklizyon
Tout Moun konn di mo ki pa fè Moun plezi. Men fòk Nou travay pou fè sa le mwens posib. Lèw renmen blese Moun li fèw parèt pou yon Moun gwosyè épi sa bay yon move pòtrè de Moun ou ye a. Pale ak politès sa pèmèt ou gen yon bon kontak avèk antouraj ou e yo apresyew tou.