Ti koze sou Edikasyon

Ti koze sou Edikasyon

Partager

paj sa kreye nan lide pou ede chak anseyan pi pèfòman nan pwosesis ansèyeman/aprantisaj la

14/11/2022

Edikasyon - pwoblèm definisyon

Malerezman, mo edikasyon an pa gen yon definisyon pwòp. E defisyon etimolojik li pa sifi pou sène mo edikasyon an puiske li vin sibi anpil evolisyon ak transfòmasyon. Sepandan chak otè eseye defini l yon fason

Ansanm nou pral gade definisyon etimolojik li ak fason kèk otè eseye defini l

1- Definisyon etimolojik li
Nan lantikite oubyen "histoire ancienne"
Antikite se peryòd ki kòmanse nan lane 3300 av J.C pou fini nan lane 476 ap J.C. Peryòd sa kòmanse apati lòm vin dekouvri yon nouvo fòm de kominikasyon ki se "écriture". Aprè peryòd sa nou jwenn "préhistoire" ou "avant l'histoire"

a) Grèk yo te konn itilize tèm "eskolè" ki siyifi "Loisir" ou "Récréation". Malerezman jounen jodia nou paka redui edikasyon nan yon senp lwazi.

b) Laten yo te konn itilize tèm "educatio" ou "educare" ki siyifi "Formation de l'esprit".

Puiske definisyon etimolojik mo sa pa arive fè n sène mo a pou tout evolisyon lap sibi kounye a ann al eseye gade kòman kèk otè konprann mo sa

2- Fason kèk otè defini mo edikasyon
2.1- Selon Socrate: éduquer un homme c'est donc lui apprendre à raisonner afin de bien se conduire".

Socrate defini edikasyon konsa paske pou li bonè ak devlopman site a depan de nivo edikasyon sitwayen yo.

2.2- Selon Emmanuel Kant: Éducation vise à sortir l'humain de l'animalité pour le destiner à l'humanité.

2.3- Selon Emile Durkheim: Éducation est l'action exercée par les générations adultes sur celles qui ne sont pa encore mûres pour la vie social

2.4- Selon Kairov: L'Éducation est purement un phénomène de l'humanité. Dans une société de classe, l'éducation répond aux besoins d'une classe pour le maintien de sa domination.

2.5- Pou fini, selon Hebart: Éducation est l'art de trouble la paix enfantine, de lui imposer des liens de la confiance et de l'amour afin de l'exiter et de la contraindre à notre guise et de la plonger avant l'heure dans les inquiétudes des années futures.

Anpil otè eseye bay lòt definisyon toujou men nap kanpe la e nou espere ti tèks sa te edew.

Kesyon
Ki definisyon ke w pi renmen?
Kijan w konprann mo sa ki se edikasyon?

14/11/2022

Nan tan pase yo, lè yon elèv pa reyisi oubyen gen difikilte aprantisaj se te elèv la yo te konn akize. Men depi kèk tan refleksyon yo panche sou lekòl yo ak anseyan yo lè pwoblèm sa vin poze swa atravè program ansèyman yo, metòd ak teknik pedagogik yo ki vin ap kesyone.

Refleksyon yo pa rete la sèlman, yo kontinye pou di gen lòt faktè ki dwe konsidere nan pwosesis ansèyman/aprantisaj la. Faktè sa yo konn pafwa favorize pwosesis la oubyen antrave l.

Ansanm nou pral eseye gade kèk nan faktè sa yo

Faktè sa yo konn pafwa entèn oubyen ekstèn. Pami faktè sa yo nou jwenn "le besoin, l'interet et la motivation"

1- "le besoin"
Yon bezwen se yon dezi, yon anvi(natirèl ou pa). Se yon santiman de mank.

Yo klase bezwen yo an 2 gran kategori
a)- bezwen primè ou natirèl
b)- bezwen segondè ou acquis

a) bezwen primè yo se yon seri de bezwen ki endispansab pou lòm viv tankou: bezwen manje, dòmi etc...
Bezwen sa yo lè yon pa konble yo ka antrave pwosesis ansèyman/aprantisaj la ki ka vin bay echèk eskolè. Li enpòtan pou paran yo ak sila ki konsène veye sou bezwen sa yo.

b- bezwen segondè yo se bezwen ki pwovoke pa vi nou nan sosyete a. Yo konn pafwa se bezwen moral, estetik, entèlektyèl ak entèpèsonèl
Exanp: bezwen enklizyon, afeksyon etc...

Bezwen sa yo lè yo pa konble konn bay mank de pwogresyon lakay elèv yo e fè yo santi ke yo manke enpòtan. Men yo pa endispansab pou n viv.

Mèsi nap kanpe la pou jodi a e nou espere tèks sa te itill ou. Nap kwaze yon lòt lè pou enterè ak motivasyon

Kesyon: Nan eksperyans ou kòm elèv ki bezwen ki te manke konble ki te fèw manke pwogrese?

Pa bliye
Like
Abòne
Pataje
Pou plis moun ka benefisye

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Saint-Marc ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Fleurençeau
Saint-Marc
HT4310