26/01/2022
Ann eseye analize èske se pa anperè Jacques 1er (Jean-Jacques Dessalines) ki te pwovoke pwòp lanmò l.
(Suiteee.....)
Dènye bagay la se dosye bwa kanpèch yo. Malgre te gen yon entèdiksyon fòmèl pou moun pa koupe pye bwa men moun pat sispann koupe bwa nan zòn Sid peyi a pou voye bwa lotbò. Anperè Jacques 1er ki te gen yon vwayaj lap fè nan Sid la nan lete 1806, lè li wè valè lo bwa kanpèch ki te prepare pou voye vann lòt peyi li pase lòd boule tout e se dènye goud dlo ki ta pral ranvèse vaz la, anperè a menm te gentan wè kòlè popilasyon an nan Sid, lè li rive pòtoprens li di ak kolonèl Lamarre:>. Ebyen chose dite, chose faite nan mwa Oktòb 1806 sitwayen Sid yo revòlte, yap manifeste kont anperè a, lè anperè a pran nouvèl sa, li kite Marchand pou l al nan Sid pou l al met lòd nan dezòd men pou defann li lè lap pase Pòtoprens li konte sou fidelite jeneral li yo tankou Pétion, Gérin, Christophe, Yayou, elatriye... men malerezman se te byen konte mal kalkile paske pi fò nèg sa yo te gentan ap planifye kont anperè a. 17 Oktòb 1806, nan zòn Nò Pòtoprens, sou pon lanaj (pont larnage) anperè Jacques 1er tonbe sou yon anbiskad. Dessalines ki wè se nèg li te pase lòd vin tann li yo ki la li avanse san kè sote. Tout d'un coup li tande "feu, crie Gérin" men sòlda yo ezite nan yon premye tan yo pa tire, anfen yon jèn sòlda ki rele Garat tou ap tranble tire sou cheval Dessalines nan e cheval la tonbe avè l "à moi Charlotin, crie l'empereur" Charlotin Marcadieu kouri al sou li, li anbwase l (kouvri l) ak men l, se te yon jès "sublime" e "héroïque" men malerezman tou 2 tonbe ansanm krible anba bal e kout sab. Kò anperè a te dekapite nan Pòtoprens, se depi jou sa non pon an chanje an pon wouj.
À swivvv....