Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti

Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti

Partager

L’Action sociale (LAS), fondée par Edouard A. Tardieu, existe depuis déjà 70 ans. Aujourd'hui

Photos from Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti's post 28/10/2025

MWA OKTÒB SA A, FÈ KREYÒL LA YON ZOUTI MATON!

📚 Kopivit L'Action Sociale (KLAS) ap envite tout moun selebre Mwa Lang ak Kilti Kreyòl la avèk nou!
Nou kwè nan fòs lang manman an, se poutèt sa nou ofri ou pi bon zouti pou metrize li nètale.

💡 Pou ou menm ki poko achte DIKSYONÈ KREYÒL KLAS la
Aprann lang lan, se aprann istwa li, dinamik li, ak fòs li!
📘 DIKSYONÈ KREYÒL KLAS (Edisyon Kopivit L’Action Sociale la)
Yon diksyonè monoleng kreyòl Ayisyen ki se rezilta plis pase twa lane travay yon ekip lengwis, edikatè, ak ekriven Ayisyen.
✨ Li gen plis pase 22,000 antre ak anviwon 25,000 definisyon.
✨ Li entegre mo nan syans, teknoloji, vodou, kilti popilè, ak mo ki soti nan lang afriken ak lang Tayino yo!
✨ Chak mo gen pwònonsyasyon, klas gramatikal, egzanp, epi li menm gen ideyofòn ak entèjeksyon.

POU W VIN MATON NAN LANG LA AK SAN FÒT!
Nou genyen Zouti Fòmasyon sa yo

📗 Gramè Kreyòl : Gramè Referans ki reponn nètale ak pwogram Ministè Edikasyon Nasyonal la.
📘 Fich teknik pou sekretè yo vin pi djanm nan travay yo : Aprann kijan pou pale devan yon piblik, kijan pou fè yon rapò, rezime, kontrandi, lèt, ak disètasyon.
📕 12 leson pou w maton nan li ak ekri kreyòl ayisyen : pèfeksyonnen li ak ekri Kreyòl Ayisyen an ak sèlman 12 leson.
📒 Kreyòl zewo fot : pou ou menm ki vle ekri Kreyòl san fè fot.
📙 Le créole rapide / Creole fast / El creòl rápido : Pou aprann Kreyòl an Franse, Angle, oubyen Panyòl.

KILTI, ISTWA, AK DIVÈTISMAN
Pou konekte ak kilti peyi ou epi jwenn konesans:

📖Pawòl renmen, Pawòl myèl myèl ( #1 & #2), Pawòl piman bouk pou tout moun ki renmen bèl pawòl an kreyòl.
📖 20 kont ak Jera Mari, Timtim! Bwa chèch, Istwa Bouki, Dans fòlklò, ak Fanm vanyan.
🎲 Blag ak mo kwaze, Ann jwe, ann chante, ak Istwa pou nou, Timoun! : pou tout moun ki renmen Istwa, Rekreyasyon ak Jwèt.
🚗 Seri Rene ak Rita fè yon bèl vwayaj atravè peyi a pou dekouvri richès nou yo pou moun ki renmen Vwayaj Kiltirèl sitou nan moman nou pa ka vwayaje la a.

🌟 LITERATI ESKOUT AK JENÈS LA 🌟
Pou ankadreman, lidèchip, ak devlopman jèn yo, sitou pou mouvman Eskout la:

* Istwa Mogli, Lavi Franswa moun Asiz, Mwen se animatè louvto, Pat Wòwòt ak Kanè louvto.
* Tout sekrè pou Wout la, Kadans eskout, Konpa eskout, ak Kisa eskout la ye. Liv pou Eskout ak Woutye yo.
* Vin eskout Louvèti : Kasik Anri.

PA KITE MWA KREYÒL LA PASE SAN OU PA ACHTE YOUN NAN LIV SA YO!

Fè lang Kreyòl la tounen yon avantaj pèsonèl ak pwofesyonèl!

📞 POU JWENN DIKSYONÈ KLAS LA AK TOUT LÒT LIV SA YO JODI A:

Rele Kopivit sou: +509 2940 1010 / 2940 1011
📧 Voye yon imèl nan : [email protected]

25/09/2025

✨Nouvo “Diksyonè KLAS” la! ✨

Lang Kreyòl se poto mitan idantite nou kòm pèp. Se avèk li nou reve, se avèk li nou pale, se avèk li nou viv chak jou. Kounye a, li jwenn yon zouti solid pou kontinye grandi ki se Diksyonè KLAS!

✅ Plis pase 22,000 antre ak 25,000 definisyon.

✅ Chak mo gen pwononsyasyon , klas gramatikal ak egzanp reyèl li.

✅ Genyen ekspresyon oral, ideyofòn, menm mo modèn yo tou.

✅ Yon travay kolektif lengwis, pedagòg ak pwofesyonèl anba direksyon Gérard Marie Tardieu ak ekip KLAS la.

Premye edisyon an pibliye an jen 2025 Chak 28 oktòb a pati 2026, n ap jwenn yon nouvo edisyon pou kenbe diksyonè a vivan epi ajou.

Se plis pase yon liv: se yon zouti pou ansèyman, pou rechèch, pou literati, epi pou chak moun ki vle pale, ekri, ak viv an kreyòl avèk fyète.

Kreyòl se pa sèlman lang lakay, se lang konesans, se lang devlopman. Avèk Diksyonè KLAS, nou gen yon baz solid pou kontinye leve flanbo kiltirèl nou.

26/08/2025

Jodi a, nou salye ak tout respè Madam Claire Marie Lalanne ki mete kè li, lanmou li, ak kouraj li nan chak sa l ap fè pou avansman Kopivit. Pandan plis pase 20 lane, ou menm ak Chèf la mete tèt ansanm, men nan men, pou konstwi yon fondasyon solid, pou gide ak enspire tout ekip la ak pasyon epi entèlijans.
Se pa chak jou nou jwenn yon egzanp lanmou, lidèchip, ak devouman konsa. Ou se yon modèl pou nou tout pa sèlman kòm direktris, men kòm moun ki pa janm lage.
Nan okazyon espesyal sa a, nou swete ou plis siksè, plis lanmou, plis fòs ak sante pou kontinye ekri bèl istwa sa a. Ke chak nouvo jou pote plis rekonesans pou travay ou, plis lajwa nan kè ou, ak plis benediksyon nan lavi w.

Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti L’Action sociale (LAS), fondée par Edouard A. Tardieu, existe depuis déjà 70 ans.
Aujourd'hui

Photos from Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti's post 22/07/2025
22/07/2025

Jodi a se yon jou espesyal kote nou tout vle leve vwa nou ansanm pou di Mèsi. Mèsi pou vizyon ou, lidèchip ou, ak angajman w pou w ede nou avanse sou chimen siksè.
Se pa sèlman yon jou pou nou selebre fèt ou, men se yon jou tou pou nou fè moun sa ki toujou ap ankouraje nou, koute nou, epi mache bò kote nou nan tout sa n ap reyalize, santi li fyè.
Anba gid ou, nou pa jis vin travay nou vin grandi, aprann, epi reyisi ansanm. E se sa ki fè nou fyè pou fè pati ekip sa a.
Nan non tout anplwaye yo, nou swete ou yon bèl fèt, ak anpil lanmou, sante, enèji ak plis reyalizasyon toujou. Bondye kontinye gide w epi beni tout sa w ap fè.

Photos from Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti's post 14/06/2025

🎉📚 LIVRES EN FOLIE 2025 📚🎉
🗓 Dat: 19 Jen 2025
📍 Lekòl "Frères de l'Instruction Chrétienne (FIC)", Plas SenPyè, Petyonvil
Soti 10è nan maten pou rive 4è nan aprèmidi

🛒 VANT AN LIY yo ap Kòmanse 16 Jen!
💳 Wap jwenn 40% rabè sou tout liv!
➕ 10% anplis si w peye ak kat kredi UNIBANK!

📚 Kategori Liv ki disponib:

Roman
Esè
Liv Pratik
Jenès (Timoun ak Adolesan)
Pwezi
Medsin Tradisyonèl
Dwa Timoun ak Pedagoji
Lèt powetik
Fiksyon
Kilti ak lòt ankò
✨ Pa rate gwo randevou literè sa a!
🎁 Vini chèche liv pou elaji panse w, ranfòse lespri w, epi dekouvri mond lan!

📌 Pataje envitasyon sa a ak tout moun!

Photos from Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti's post 29/12/2023

Kopivit L'Action Sociale ap swete ou yon
BON ANE 2024. Sante, Siksè, Sekirite,
epi anpil kè kontan

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Téléphone

Adresse


102 Lafleur Ducheine
Port-au-Prince
HT1661