Ojektif nou nan gwoup sa se ranfòse presans Kreyòl la sou entènèt ankouraje chak ayisyen pou yo ekri yon atik sou Wikipedya Ayisyen! Men anpil chay pa lou!
Nou se yon gwoup jenn ayisyen ki deside bay lang Kreyòl (Ayisyen) an jarèt ak ankouraje tout lòt moun ki konn pale kreyòl ranfonse bèl lang sa. Nou reyalize pou yon lang gen valè, gen plizye faktè ki dwe egziste. De nan faktè ki pi enpòtan yo se:
Konbyen moun ki pale lang sa aktivman
Kantite dokiman literè, syantifik, istorik ki ekri nan lang sa. Aktyèlman gen plis pase 13,5 milyon moun sou pla
nèt la ki pale lang Kreyol, pami moun sa yo gen Kreyòl Ayisyen (12 Milyon moun nan peyi Ayiti ak nan dyaspora a) ak Kreyòl antiyè (1, 5 milyon moun)
Ansiklopedi lib, Wikipedya gen yon paj ofisyèl pou lang Ayisyen (kreyòl Ayisyen), Aktyèlman gen plis pase 53 mil atik ki ekri nan lang kreyòl Ayisyen, plis pase 10, 300 kontribitè pibliye. Objektif nou nan gwoup la se ranfòse prezans lang lan sou entènèt: ankouraje chak grenn ayisyen pibliye kòm pi piti yon atik oubyen tradui yon atik an kreyòl. Mwen kwè nou ka fè ti sa. Eske sa pa janm ba nou pwoblèm pou nou wè n ap chaje enfòmasyon sou yon pèsonalite Ayisyen nou pa ka jwenn li? Oubyen se yon etranje ki ekri yon atik dwategòch sou peyi nou oubyen sou kilti nou? Men kèk fason yon moun ka ede:
1- klike sou bouton like, pou nou ankouraje pwojè sa.
2- Pataje paj facebook sa ak zanmi nou, voye mesaj pou yo, sa vle di fè piblisite pou paj la!
3- Ekri ak pibliye yon atik sou Wikipedya Ayisyen nan domèn nou, oubyen sou yon sijè, yon pèsonalite ki enterese nou.
4- Tradui yon atik ki egziste sou Wikipedya nan yon lòt lang (Fransè, Anglè, Espanyòl, elatriye ) deja an Kreyòl
5- Tchyeke atik ki ekri sou Wikipedya Ayisyen yo, pou wè si pa gen fot òtograf oubyen si done ak dat yo korèk. Nan lang Manman nou, nou di men anpil chay pa lou, n ap pwouve sa jodi a! Pwojè sa pa pwojè ti gwoup zanmi mwen an ak mwen menm ankò, se pwojè tout ayisyen ki konsekan. An nou pa tann se lè nou gen yon gwo fonksyon nan leta pou nou mete men. Nou konte sou patisipasyon tout moun! Ann bay kreyòl la jarèt!