ENH-PRESTEN
ENH- Presten
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ENH- Presten, Port-au-Prince.
REVERAN PÈ LOUIS FARNÈSE LOUIS CHARLES
FIDÈL SÈVITÈ BONDYE, AYISYEN TOTAL, BYENFETÈ LIMANITE
Auldyng CHARLES
Peyi Dayiti gen chans te gen youn nan gwo sitwayen ekstraòdinè ki fèt lakay li ki rele Pè Louis Farnèse LOUIS CHARLES. Li te devwe nan sèvis Legliz pou fè rèy BonDye rive epi travay anpil pou devlopman ak chanjman kondisyon lavi moun.
Se konsa atravè Kongregasyon Otoktòn natif natal li fonde kòm pyonye nan domèn nan an Ayiti, Pè Louis Charles rive fè rekonèt epi bay anpil patisipasyon nan fè respekte valè ak dwa peyizan nan lemond antye kote peyizan gen lavwa ochapit. Aloske li te fè operasyon nan je nan okazyon premye gwo kongrè Mouvman Peyizan nan Papay la, Pè Louis Charles te delege Lidè Auldyng Charles pou pote yon mesaj ankourajman, solidarite ak konsèy bay Lidè Chavanne Jean Baptiste, Responsab kongrè a. Dayè se Pè Louis charles ki te bay tè pou konstwi sant fòmasyon pou Lidè Peyizan yo.
Nan premye moman lè pou Reveran Pè Jean Mary Vincent te vle etabli sant fòmasyon pou peyizan yo nan Jan Rabel li te vin konsilte Pè Louis Charles ki te ba li tout estrateji ak resous imèn pou li derape epi pou li reyisi etan li te konseye Pè Jean Marie itlize tout ladrès nesesèpou evite konfli nan mitan kominote a.
Pè Louis Charles te pitit Msye Henry LOUIS CHARLES ak Madam Fanie BALAN moun kwadèboukè. Se sèl grenn li menm yo te fè kòm pitit aprè maryaj yo. Papa li te Majistra Kominal Kwadèboukè. Li te fèt 17 novanm 1905, batize le 26 novanm 1905, kominye 22 me 1914.
Li te òdone Pè le 11 jen 1933 nan men Monseyè Legouaz ak on ekip lot jenn Pè ayisyen tankou Monseyè Remy AUGUSTIN, Monseyè Albert DORELIEN, Chanwan Edgard DELOUIS, Chanwan Louis Farnèse LOUIS CHARLES.
Chanwan Louis Farnèse LOUIS CHARLES te nonmen Kire Sent Terèz nan pawas Mabyal Komin Jakmèl. Li te devwe anpil pou ede Peyizan Pawasyen li yo nan òganize chenn koperativ pou pwoteje, konsève tè yo. Lespri Sen te enspire li fonde premye Kongregasyon relijez natif natal nèg Dayiti ki rele « Les Petites Sœurs de Sainte Thérèse de l’Enfant Jésus » le 14 desanm 1948 kòm UNESCO pa BonDye paske li te konsidere UNESCO te echwe nan premye tantativ li te vin fè nan Lafon zòn Mabyal pou reyalize premye eksperyans li nan edikasyon granmoun apre kreyasyon Nasyon Zini.
Reveran Sè Marie Françoise Camélia Lohier ki te vin premye epi Siperyè Jeneral Ti Sè Sent Terèz yo te konseye Pè Louis Charles pou li te fonde yon Kongragasyon pou gason tou. Se konsa Pè Louis Charles te lanse Kongregasyon « Les Petits Frères de Sainte Thérèse » le 11 fevriye 1960 avèk Sè Marie Françoise Camélia Lohier kòm Ko-Fondatris Kongregasyon Ti Frè Sent Terèz yo.
Pè Louis Charles te fonde pita le 13 jen 1973 yon Asosyasyon Layik ki rele Enfants Nécessiteux d’Haïti-Prese Swen Tè Nou (ENH-PRESTEN) ki ap fè anpil travay pwoteksyon, konsèvasyon sòl, konsyantizasyon plante pye bwa ak akonpayman Peyizan nan plizyè zòn peyi a pou ede peyizan yo montre yo kijan pou fè tè yo donnen plis manje : Chanwan Louis Charles alabaz fondasyon yon pakèt lòt Kongregasyon Relijez natif natal nan peyi Dayiti ki regwoupe nan yon Asosyasyon ki rele AKESNA. Pè Louis Charles te fonde ansanm ak Pè Lionel DEHOUX Kongregasyon kontanplativ: Les Petites Servantes et les Petits Serviteurs de Jésus Hostie du Cœur Immaculé de Marie et de Saint Joseph.
Ti Sè, Ti Frè Sent Terèz yo, ENH-PRESTEN, Kongregasyon Frè Francklin ARMAND « Les Petits frères et les Petites Sœurs de l’Incarnation », Les Petites Servantes et les Petits Serviteurs de Jésus Hostie du Cœur Immaculé de Marie et de Saint Joseph, Kongregasyon Chè Sè Elda Monique Saint Louis ki nan Kanapevè, Kongregasyon Pè Klassens : Les Compagnes de Jesus, Kongregasyon Pè Luc Jolicoeur ki nan Delma 48 ak Delma 75 ak anpil lòt Kongregasyon natif natal ki fòme AKESNA, ENH-PRESTEN, tout Asosyasyon ki fòme Platfòm Agwoekolojik Devlopman Dirab (PADED) anviwon karant (40) Asosyasyon, se UNESCO BonDye daprè Chanwan Louis Charles. Yo travay nan evanjelizasyon, akonpayman, edikasyon, aktivite sosyal, transfòmasyon pwodwi, sante-pwoteksyon fanm ak timoun, fòmasyon bòs chapant ak mason pou yo ka konstwi kay yo pi byen, agwoekoloji pou devlopman peyizanri nan enterè ak pou pwogrè peyizan yo. Yo ede peyizan yo kote yo aprann yo teknik ak metòd pou konsève, pwoteje tè yo kont lewozyon, elvaj lib, nan rejenere ak ramase tè alivyon kap desann al nan lanmè dekwa pou jaden yo bay plis randman ak manje pou moun ak pou bèt san konte sitou pou yo amelyore kondisyon vi yo nan sistèm travay konbit, fè lak kolinè, etsetera…
Etan on moun ekstraòdinè, chèchè, pansè, filozòf, obsèvatè, fòmatè ak on moun ki wè lwen, Chanwan Louis Charles te envante yon sistèm edikatif ki rele « Education Rentable » Edikasyon Rantab yon fason pou jenerasyon ayisyen kap vini yo kapab pi pratik, pozitif, pi debouya, pou sèvo yo debride, dezantòtye, debarase ak tout prejije pou yo libere sa vle di aprann panse, reflechi, pou yo fyè epi kwè nan tèt yo,nan peyi yo.
Sistèm Edikasyon Rantab la pwopoze pou lekòl fòme moun ki gen karaktè, ki gen de (2) pye sou tè, ki pa chita sèlman sou literati pandan li bay fòmasyon esansyèl ki adapte ak priyorite lavi selon reyalite peyi a pou bezwen sitwayen yo tankou fòmasyon pwofesyonèl, teknik, paske tout pwofesyon itil. Se metye manyèl kap pèmèt jèn yo gen dekwa nan men yo pou yo fè fas ak lavi a nenpòt jan, san pwoblèm, san okenn wont, sitou travay latè ki se premye pwofesyon lòm. Sitwayen yo konsa ap renmen peyi yo, fyè de peyi yo, devwe pou li, defann ni epi travay pou li chanje nan pwodwi tout bagay ak manje pou vant yo pa depann twòp de sa kap sot lòt kote. Edikasyon Rantab la ensiste pou tout Ayisyen kapab aprann vin pwodiktè e non konsomatè nan travay mete men alapat dekwa pou moun ka vin pi moun, moun ki gen konviksyon. Sitwayen yo dwe konnen pou yo pwoteje tè a, bèt yo, lanati, resous yo ak tout richès BonDye mete ladann pou byen lèzòm pandan yap eksplwate yo avèk entèlijans avèk ladrès. Peyi Dayiti se gwo richès pa nou BonDye ba nou, se pou nou pwoteje li, byen jere li, pa gaspiye li, rebati li pou lòt jenerasyon kap vini. Ayisyen dwe kiltive lespri tèt ansanm, youn respekte lòt, respè pou sa ki pi gran, respè pou otorite sitou respekte byen piblik, byen kominotè. Si gen lòd ak disiplin, si tout Ayisyen aprann apresye Ayisyen tout jan tout kote nap vin pi fò konsa na reyalize anpil bon bagay pou etone lemond avèk tout talan nou genyen.
Avèk sistèm Edikasyon Rantab la, Ayisyen ap amelyore mantalite li, konpòtman li , nan viv ansanm, lespri ekip, lespri kolektif, lespri konbit, selon konsepsyon zansèt yo ki te kite deviz Linyon Fè Lafòs pou nou ka fè siksè.
Chanwan Louis Farnèse LOUIS CHARLES te mouri le 28 jen 1988. Legliz Dayiti te prezante koz beyatifikasyon ofisyèl Pè Louis Charles ak Sè Marie Françoise Camélia Lohier nan on gwo seremoni relijez nan Katedral Pòtoprens ke reprezantan Pap Jean Paul II, Nons Apostolik Monseyè Lwigi Bonazzi te prezide le 2 fevriye 2002.
Chanwan Louis Charles se zanmi BonDye, gid jèn yo, pwotektè ak defansè peyizan, edikatè, konpozitè, powèt, sanba, savan, rekonfò pou malere, byenfetè limanite, soutyen Pè yo, Apot tèt ansanm, rekonsilyasyon, antant, inyon, lapè epi pwotektè peyi Dayiti. Li se yon gran Sen nan syèl la pou Ayiti ak lemond antye.
Li te gen anpil amou, tandrès, bonte, sansiblite, konpreyansyon, konpasyon ak bon kè pou tout moun sitou moun ki nan difikilte ki pa gen mwayen, moun andeyò, moun nan mòn yo, moun yo bliye yo, peyizan yo, se pou tèt sa li te gen anpil zanmi ki te kolabore avèk li pou pwojè li yo mache.
Nou swete pou tout pèp BonDye nan peyi Dayiti pote konkou lapriyè yo ak konpetans yo pou kontinye gwo demach ki gentan rive trè lwen nan zafè Koz Beyatifikasyon Sèvitè BonDye Louis Farnèse LOUIS CHARLES ak Sè Marie Françoise Camelia Lohier nan Vatikan dekwa pou Sasentete LePap deklare premye Sen ayisyen yo sou Lotèl.
Auldyng CHARLES
Prezidan ENH-PRESTEN
[email protected]
[email protected]
3337-6712/3829/8986/4397-6161
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Téléphone
Site Web
Adresse
Port-au-Prince