Rudy Mr Meteo

Rudy Mr Meteo Informer et Eduquer l'opinion publique sur l'état du temps, à court, à moyen et à long terme http://www.mrmeteo.info

Nous offrons du nowcast c'est-à-dire vous pourrez être averti 15 à 45 min avant l'arrivée d'un événement extrême, aussi une section payante aux compagnies ou personnes physiques voulant des prévisions personnalisées. La permanence durant la saison cyclonique avec des nouvelles informations toutes les 15 à 30 minutes.

ZANTIL FRANSE YO : SEZON LAPLI A TE GEN ANPIL Difikilte POU L ENSTALENan dat 22 jiyè 2026, sechrès la te toujou byen ens...
23/08/2026

ZANTIL FRANSE YO : SEZON LAPLI A TE GEN ANPIL Difikilte POU L ENSTALE

Nan dat 22 jiyè 2026, sechrès la te toujou byen enstale nan Zantiy Franse yo, malgre sezon lapli a te deja kòmanse.

🌧️ Nan Matinik, nan mwa jen an, defisi lapli a te gaye prèske tout kote, avèk yon mank anviwon 30 % nan nò rive 60 % nan sid. Nan kèk komin nan sant ak sid zile a, sechrès la te la depi kòmansman ane a : tankou yon karèm ki pa t janm vle fini.

🇬🇵 Nan Gwadloup, sitiyasyon an te degrade rapidman apre yon karèm ki te pourtant byen mouye. Nan mwa jen, defisi lapli a te rive 40 a 50 % sou kèk pati Bas-Tè ak Mari-Galant, epi jiska 75 % sou Gran-Tè.

👉 Jen 2026 te konsa vin 2èm mwa jen ki pi sèk depi 1991 nan Gwadloup, epi 3èm mwa jen ki pi sèk depi 1950 nan estasyon referans Abymes–Le Raizet.

📉 E jiyè pa t pote okenn vrè soulajman. Soti 1ye rive 22 jiyè, tout zile yo, depi Matinik rive nan Zile di Nò yo, te gen yon defisi lapli ant 30 ak 80 %, avèk diferans selon zòn ak relief chak zile.

Sechrès la te menm vin sevè nan kèk zòn : nan Matinik, soti Fò-de-Frans rive Robert ansanm ak zòn Diamant; nan Gwadloup, sou tout Gran-Tè, La Désirade, nò Bas-Tè ak yon pati nan kòt Sou-Lewan; epi nan Zile di Nò yo, sitou nan pati nò chak zile.

Kèk epizòd lapli te prevwa pou fen mwa a, men yo te gen ti chans pou yo konpanse gwo defisi lapli ki te deja akimile pandan mwa jiyè a.

🚨 E gen yon chif ki montre jan sitiyasyon an te remakab : peryòd avril-me-jen 2026 la te klase pami 20 peryòd AMJ ki pi sèk nan 70 dènye ane yo sou tout zile Sou-Lewan nan Ti Zantiy yo.

👉 Kat la rezime sitiyasyon an byen : sezon lapli a te rive sou kalandriye a… men li poko rive toutbon nan plivyomèt yo. 🌧️

23 DAWOUT 2020 — TANPÈT TWOPIKAL LAURA TE FRAPE AYITI 🌀🇭🇹Sa fè 6 lane jodi a, 23 dawout 2020, tanpèt twopikal Laura te p...
23/08/2026

23 DAWOUT 2020 — TANPÈT TWOPIKAL LAURA TE FRAPE AYITI 🌀🇭🇹

Sa fè 6 lane jodi a, 23 dawout 2020, tanpèt twopikal Laura te pase nan rejyon an e li te lakòz gwo dega ann Ayiti.

Bilan an te lou anpil : 31 moun te pèdi lavi yo epi 8 lòt te disparèt. Anviwon 44 175 moun, ki te soti nan 8 835 fanmi, te afekte.

An total, 28 komin nan 4 depatman — Nip, Lwès, Sid ak Sidès — te sibi konsekans tanpèt la. 6 272 kay te inonde, 2 320 te sibi domaj epi 243 te kraze nèt.

🌧️ Wout ak pon te domaje oswa bloke, jaden te detwi, bèt te mouri epi sèvis telekominikasyon te koupe pandan yon tan. Menm Ayewopò Entènasyonal Toussaint-Louverture nan Pòtoprens te inonde.

👉 Laura te raple nou yon bagay enpòtan anpil : ann Ayiti, yon sistèm pa bezwen yon gwo siklòn pou l lakòz yon katastwòf.

23 AOÛT 2020 — LA TEMPÊTE TROPICALE LAURA FRAPPAIT HAÏTI 🌀🇭🇹

Il y a 6 ans aujourd’hui, le 23 août 2020, la tempête tropicale Laura traversait la région et provoquait de lourdes conséquences en Haïti.

Le bilan fut particulièrement sévère : 31 personnes ont perdu la vie et 8 autres ont été portées disparues. Environ 44 175 personnes, réparties dans 8 835 ménages, ont été affectées.

Au total, 28 communes dans 4 départements — Nippes, Ouest, Sud et Sud-Est — ont subi des impacts. 6 272 maisons ont été inondées, dont 2 320 endommagées et 243 détruites.

🌧️ Routes et ponts endommagés ou coupés, cultures détruites, pertes de bétail, télécommunications interrompues : les conséquences furent nombreuses. Même l’aéroport international Toussaint-Louverture à Port-au-Prince avait été inondé.

👉 Laura nous rappelle qu’en Haïti, un système n’a pas besoin d’être un ouragan majeur pour provoquer une catastrophe.

23/08/2026

⛈️ LORAJ TE FRAPE YON PATI NAN DEPATMAN SID LA BONÈ MATEN AN

Ant anviwon 5è ak 9è maten an, loraj ak gwo lapli te afekte yon pati nan depatman Sid la.

Aktivite sa a ki te fèt byen bonè nan maten an te sanble favorize pa rankont ant alize yo ak briz tè a, ki te kreye plis konvèjans toupre kòt la. Prezans yon TUTT nan altitid toupre rejyon an te ede rann atmosfè a pi favorab pou devlopman loraj yo.

Depi lè sa a, aktivite loraj la fini, epi se sitou rès nyaj yo ki rete sou zòn nan.

⛈️ ORAGES MATINAUX DANS LE SUD

Entre environ 5 h et 9 h ce matin, des orages accompagnés de fortes averses ont touché une partie du département du Sud.

Cette activité très matinale a probablement été favorisée par une convergence entre les alizés et la brise de terre, le tout dans un environnement rendu plus favorable à la convection par la proximité d’un TUTT en altitude.

Depuis, les orages se sont dissipés, ne laissant principalement que des débris nuageux sur la région. ⛈️

ONDE TROPICALE LA TOUJOU GEN 40 % CHANS POU L DEVLOPEPou kounye a, chans pou nouvo onde tropicale la devlope rete 40 % p...
23/08/2026

ONDE TROPICALE LA TOUJOU GEN 40 % CHANS POU L DEVLOPE

Pou kounye a, chans pou nouvo onde tropicale la devlope rete 40 % pandan 7 jou k ap vini yo. Men se sitou fason sistèm nan ta ka evolye apre sa ki kòmanse enteresan.

Plizyè modèl IA sanble renmen menm senaryo a : onde la ta ka gen anpil difikilte pou l òganize pandan l ap travèse Atlantik twopikal la, men li kapab rive siviv jouk li pwoche bò Bahamas.

Sa pa t ap vrèman etone. Pandan ane El Niño, pati sidwès Atlantik la kapab vin yon zòn pi favorab pou devlopman twopikal, pandan kondisyon yo rete ostil pi lwen nan sid ak nan lès.

👉 Si onde la rive siviv travèse Atlantik la epi li jwenn yon anviwònman pi favorab bò Bahamas, li kapab jwenn yon pi bon chans pou l devlope nan zòn sa a.

Apre sa, avèk konfigirasyon atmosferik nou wè pou kounye a, yon mouvman nan direksyon nò oswa nòdès ta pi lojik pase yon sistèm ki kontinye ale dwat nan direksyon lwès.

Men anvan tout kalkil sa yo, fòk li soti vivan nan Atlantik twopikal la dabò… apre sa n a wè.

YON PÈTIBASYON POU NOU KÒMANSE SIVEYE NAN ATLANTIK TWOPIKAL LAApre plizyè semèn kote perturbasyon yo te gen anpil difiki...
22/08/2026

YON PÈTIBASYON POU NOU KÒMANSE SIVEYE NAN ATLANTIK TWOPIKAL LA

Apre plizyè semèn kote perturbasyon yo te gen anpil difikilte pou yo siviv nan MDR la, gen yon nouvo ond twopikal ki ta dwe soti sou kot Afrik la semèn pwochèn e ki kòmanse merite yon ti kras plis atansyon.

NHC bay li 20 % chans pou devlope pandan 7 jou k ap vini yo. Yon zòn presyon ba kapab fòme ansanm ak ond lan pandan l ap deplase nan direksyon lwès atravè Atlantik twopikal la.

Sa ki kòmanse enteresan an, se paske plizyè modèl ap bay siyal sou li tou. Konsansis eksperimantal pou fòmasyon siklòn nan montre yon siyal ki deja byen vizib, pandan plizyè modèl tradisyonèl ak modèl ki sèvi ak entèlijans atifisyèl wè posiblite pou sistèm nan devlope.

⚠️ Men nou toujou byen lwen nan tan. Li twò bonè pou nou pale de entansite, trajektwa presi oswa nenpòt menas pou Zantiy yo. Anpil bagay kapab chanje toujou.

Men kontrèman ak plizyè perturbasyon ki te vini anvan li yo, ki swa disparèt byen vit oswa pran direksyon nò, sanble sa a vle tante chans li nan Atlantik twopikal la. 👀

🌵 SECHRÈS LA AP PRAN PLIS TEREN NAN KARAYIB LADapre CariCOF, plizyè zile ak teritwa nan Karayib la deja ap fè fas ak yon...
22/08/2026

🌵 SECHRÈS LA AP PRAN PLIS TEREN NAN KARAYIB LA

Dapre CariCOF, plizyè zile ak teritwa nan Karayib la deja ap fè fas ak yon sechrès enpòtan, tankou Antigwa, Sen Kits ak Nevis, kèk pati nan Bahamas, Zile Kayiman, Jamayik, Matinik, Sent Lisi, Sen Vensan, Grenad ak Trinidad ak Tobago.

E previzyon yo pa twò ankourajan :

➡️ Rive nan fen mwa dawout, sechrès agrikòl la ta dwe kontinye devlope nan plizyè zòn nan rejyon an.

➡️ Rive nan fen mwa oktòb, sechrès kout dire kapab devlope oswa vin pi grav nan plizyè pati nan Ti Zantiy yo, Bahamas, Pòtoriko ak Zile Vyèj yo.

➡️ Rive nan fen mwa novanm, CariCOF prevwa menm yon sechrès ki dire lontan kapab vin yon pwoblèm nan plizyè zile, pandan sitiyasyon an ka kontinye oswa agrave nan lòt zòn.

🌧️ Nan yon kontèks kote nou gen yon El Niño ki trè pwisan, se yon sitiyasyon n ap bezwen suiv byen pandan mwa k ap vini yo.

👉 Apre Pòtoriko, mesaj la vin pi klè pou tout rejyon an : Karayib la kòmanse swaf toutbon. 🌵💧

🇵🇷 PòtorikoSechrès la kounye a touche 73.4 % teritwa Pòtoriko. Pi gwo enkyetid la se ke 33.3 % nan zile a deja nan sechr...
21/08/2026

🇵🇷 Pòtoriko

Sechrès la kounye a touche 73.4 % teritwa Pòtoriko. Pi gwo enkyetid la se ke 33.3 % nan zile a deja nan sechrès ekstrèm (D3), tandiske 29.6 % nan sechrès grav (D2), sitou nan sid ak lès peyi a.

Konsekans yo deja ap parèt sou teren an : rezèv dlo, ni sou sifas ni anba tè, kontinye bese. Gen rasyonman dlo pou kèk kiltivatè nan sid ak sidwès la, ansanm ak pou kèk rezidan nan nòdès la. Tè yo ap vin pi sèk chak jou, epi vejetasyon an anba gwo estrès, espesyalman sou kòt sid la.

🔥 Sitiyasyon an favorize tou dife nan bwa ak savann : plis pase 300 dife te deja rapòte pandan mwa jiyè sèlman, e kèk ladan yo te lakòz domaj sou enfrastrikti.

🇻🇮 Zile Vyèj Ameriken yo

Nan Zile Vyèj Ameriken yo, vejetasyon an montre siy klè estrès akòz mank dlo. Mank lapli a afekte rekòt yo, epi anpil moun pa menm rive ranpli sitèn yo ak ase dlo.

👉 An rezime, sechrès la pa sèlman vle di mwens lapli ankò. Konsekans li yo deja vizib sou rezèv dlo, agrikilti, vejetasyon ak dife nan bwa.

🌀 NOU ANTRE NAN PERYÒD KI PI AKTIF NAN SEZON SIKLONIK LAApati 20 dawout, dapre klimatoloji, nou antre nan peryòd kote ak...
20/08/2026

🌀 NOU ANTRE NAN PERYÒD KI PI AKTIF NAN SEZON SIKLONIK LA

Apati 20 dawout, dapre klimatoloji, nou antre nan peryòd kote aktivite siklonik la konn ogmante rapidman nan Atlantik la, pou rive nan pi gwo nivo li bò 10 septanm.

Ant 20 dawout ak 10 oktòb, prèske 2 sou chak 3 siklòn ak anviwon 3 sou chak 4 gwo siklòn nan Atlantik la konn fòme.

Grafik NOAA a montre byen klè kijan aktivite a ogmante rapidman apati dezyèm mwatye mwa dawout la.

Pou kounye a, sezon 2026 la rete ekstraòdinèman trankil, nan yon anviwònman atmosferik ki pa favorab ditou pou devlopman siklonik.

👉 Nou antre kounye a nan kè sezon siklonik la. Menm lè Atlantik la trankil konsa, klimatoloji a fè nou sonje nou dwe toujou rete vijilan.

📊 Sous / Grafik : NOAA

OUS ENTRONS DANS LA PÉRIODE LA PLUS ACTIVE DE LA SAISON CYCLONIQUE

À partir du 20 août, nous entrons climatologiquement dans la période où l’activité cyclonique augmente rapidement dans l’Atlantique, avec un pic historique autour du 10 septembre.

Entre le 20 août et le 10 octobre se forment près de deux tiers des ouragans et environ trois quarts des ouragans majeurs observés dans le bassin Atlantique.

Le graphique de la NOAA permet de bien visualiser cette montée rapide de l’activité à partir de la seconde moitié d’août.

Pour l’instant, 2026 reste remarquablement calme, dans un environnement atmosphérique particulièrement défavorable au développement cyclonique.

👉 Nous entrons donc dans le cœur statistique de la saison. La climatologie nous invite à rester vigilants, même lorsqu’un bassin est exceptionnellement calme.

📊 Source / graphique : NOAA

⛈️ GWO LORAJ SOU PLATO SANTRAL LA  RETOUNENSa te fè kèk jou nou pa t wè devlopman konsa sou Plato Santral la. Apremidi a...
19/08/2026

⛈️ GWO LORAJ SOU PLATO SANTRAL LA RETOUNEN

Sa te fè kèk jou nou pa t wè devlopman konsa sou Plato Santral la. Apremidi a, kèk gwo selil loraj devlope ak tèt nyaj ki rive anviwon 60 000–70 000 pye, pandan tanperati anlè nyaj yo desann anba -70 °C, lokalman toupre -80 °C. Sa montre konveksyon an te rive monte byen wo nan atmosfè a.

Kisa ki dèyè aktivite sa a?
Se sitou konbinezon pasaj onde twopikal ex-92L la ak pwoksimite yon TUTT nan nivo wo atmosfè a. Onde la pote plis imidite ak enstabilite, pandan TUTT la ede kreye yon anviwònman pi favorab anlè pou lè a kontinye monte.

Lè nou ajoute chalè lajounen ak relief Plato Santral la, tout engredyan yo te reyini pou pèmèt gwo loraj sa yo devlope.

👉 Ex-92L pa t gen anpil bagay nan djakout li kòm sistèm twopikal , men pasaj li a, ansanm ak TUTT la, te ase pou bay atmosfè a yon bon kout pous sou Plato Santral la.

ONDE TROPICALE LA FAIBLI ANPILOnde k ap travèse rejyon an jodi a faibli anpil. Alize rapid yo favorize divèjans nan ba n...
16/08/2026

ONDE TROPICALE LA FAIBLI ANPIL

Onde k ap travèse rejyon an jodi a faibli anpil. Alize rapid yo favorize divèjans nan ba nivo yo, men sitou gen yon gwo cisaillement van, ki rive prèske 70 ne toupre zile a.

Cisaillement sa a pa sèlman dezòganize konveksyon an : li pèmèt lè sèk antre pi fasil andedan sistèm nan epi gaye sou yon pi gwo zòn, sa ki rann li pi difisil toujou pou gwo konveksyon kenbe.

Atmosfè a gen imidite ak enèji — CAPE prèske 2900 J/kg ak PWAT anviwon 2.28 pous — men anviwònman dinamik la ap travay kont onde la.

👉 Averse, loraj ak kout van lokalman fò toujou posib jodi a, men onde la faibli anpil.

Yon lòt egzanp ki montre dlo cho, chalè ak imidite poukont yo pa sifi.

Adresse

Pacot, Port Au Prince
Port-au-Prince
HT6120

Téléphone

42034442

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Rudy Mr Meteo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'école

Envoyer un message à Rudy Mr Meteo:

Raccourcis

Partager