26/07/2016
Sa fè lontan....
Lontan sa m-ap chache kenbe'w kou van,
Men chak fwa m wè'w, m pantan.
M deja konen dousè kò'w ka fè lanprent mwen vinn depaman...
Frechè po'w pwal fè'm biliye menm gou piman
Li deja rale'm pi plis ke gwo voltaj kouran
Jouk tan menm swè'm vle tounen san.
Cheri tanpri vire pranm...
Pranm...pou zòt pa di'm bannann.
Pranm...pou po'm pa finn depachiman.
Pranm ti manman... pou mal palan
Pa pranm pou kannannan.
Pranm non cheri tanpri...pou chalan pa pase pranm.
Menm lò Lank bantimanm plonje nan fon oseyan
Sèl leman lanmou'w ki ka plonje pranm.
Tanpri Tichou, pase men pranm.
Pou syèk m'ap tann...
Sel preske tounen s*k nan letan'm
Yon jou parèt plis ke milan,
Menm reken pret pou chanje plas ak elefan.
Atò Lapli'k tonbe sou do'm sanble boukan.
Toutotan ou pa vire pranm,
Olye m pran plenn machan
Lavi a fenk kare menenm nan mòn Chanbelan
Paske m pèdi tout sans, tout referans, tout plan
Pou dat map tann...
Jou'w ban m ti tan,
M pwal pran tanm
Pou'm pran tout sanm.
Ji korosol mwen, san wou, pap janm bay randman.
M anvi tòdye'w tankou kann
Jouk tan siwo'w anvayi tout chanm.
M pwal grenpe kò'w tankou lyann,
Depi
Map pase sou bò flan,
Soufle nannan'w tankou van nan chan kann...
A wi lò saa...pou tout bon, n' pwal pèdi tann.
M pwal kanpe byen rèd pou'm ba'w ochan
Chante tout kouplè jouk drapo'n pran van
Jouk tan ke sèvolan'n
Touche pwent fimaman
Pou jan'n tap tann...
Sa fè lontan...
Claude Louis