Clinieglow

Clinieglow

Partager

ClinieGlow est votre nouvelle destination d'exception, dédiée à l'alliance parfaite entre la santé et la beauté. Se "Revelasyon bote w"!

Bien plus qu'un simple centre de soins, c'est une marque de prestige qui repose sur une vision globale du bien-être.

26/02/2026

ClinieGlow c'est la révélation de votre beauté.

Photos from A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII's post 13/01/2026
03/01/2026
07/12/2025

Je fête mes 12 ans chez Facebook. Merci pour votre soutien, cela ne ce serait jamais fait sans vous.🙏🤗🎉

Photos from A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII's post 01/12/2025

C’est ici que prend fin notre campagne de sensibilisation contre le VIH.
Merci à vous d’avoir accepté de participer et de contribuer activement à cette belle initiative.
Rendez-vous l’année prochaine pour une nouvelle aventure !

Spécialement Peterson Ajeun
Dachena Galland, MBonie VBelzumé Rachelle Petion...

On vous adore sincèrement.
Pou ayiti👏🏾🥰🇭🇹

Ardii

27/11/2025

Ann pwoteje sante n kont VIHSIDA

Mesye dam, èske nou janm panse ki pi gwo richès nou genyen sou tè a? Se pa lajan, se pa bijou, se pa popilarite,se sante nou.

San sante, tout lòt bagay pèdi sans. Men malerezman, gen maladi ki kontinye menase sante sa a. E youn ladan yo se VIH.

Yon maladi moun pa toujou wè, men ki toujou la, ap touche lavi anpil moun nan silans.

*Kisa VIH ye?*

Avan tou m vle di nou VIH, se pa yon madichon. Se pa yon pinisyon.Se yon viris.

VIH vle di: Virus L'immunodéficience Humain.

Se yon viris ki atake sistèm defans kò a , lè moun gen VIH epi li pa pran swen, li ka rive nan etap SIDA, kote kò a vin twò fèb pou konbat lòt maladi.

Men gras ak medikaman (ARV), moun ki gen VIH ka viv lontan epi san danje si yo suiv tretman yo regilyèman.

Se pou tèt sa nou dwe pwoteje tèt nou.

*Men kijan nou kapab fè sa?*
Pwoteksyon Kont VIH se yon chwa ki depann de chak moun.

- Sèvi ak kapòt pandan rapò seksyèl.
- Fè tès VIH regilyèman
- Evite pataje zegwi,lam, oubyen nenpòt materyèl ki ka gen san.
- oswa fè abtinans

Epi pa bliye,moun ki pran trètman yo regilyèman ka rive nan yon nivo kote yo ka pa menm ka detekte viris la nan san,sa vle di tou, li pa kapab transmèt li bay lòt moun.

Ou dwe fè tout prevansyon m sot site la yo koz rechit tretman pa fe byen. Ann gade avèm ak tout referans yo kek statistik VIH ki ka pouse nou reflechi

- Nan fen 2024, prè de 40.8 milyon moun ap viv ak VIH atravè mond lan selon
Organisation mondiale de la santé

- An 2024,anviwon 1.3milyon nouvo enfeksyon VIH te detekte globalman.

- An 2024, prè de 630 000[490000-820 000]moun mouri akoz maladi ki gen rapò ak VIH.

- Propòsyon moun ki konnen estati yo(ki gen VIH) te 87% nan 2024.

- Rejyon ki plis afekte a se rejyon Afrik di Sahara egzanp:nan rejyon sa,prèske 1 nan 30 granmoun (3.1) te viv ak VIH.

Chif sa yo pa pou fèw pè,men pou fèw reflechi.
Malerezman,sa ki pi danje pafwa, se pa viris la men se wont,prejije,ak silans yo enflije moun yo kap viv ak VIH la.

Anpil moun pè pale de VIH,anpil pè fè tès,anpil jije lòt san konnen. E pandan sa, viris la kontinye ap gaye.

An nou sispann gade VIH tankou yon tabou. An nou gadel kòm yon reyalite nou ka bat ansanm. Paske pwoteksyon pa kòmanse ak kapòt sèlman li kòmanse ak konsyans.

Lè yon moun gen VIH li pa pwoteje tèt li,e nan pansel li pral mache pwopajel enben li ouvri pòt pou anpil lòt maladi antre.
Nou ka di eslogan sa,nou pap bay e nou pap pran.

Pwoteje tèt ou Kont VIH\SIDA,se pa yon Zak laperèz,se yon Zak lanmou pou lavi.

Fè tès, sèvi ak kapòt, epi pa jije moun ki viv ak maladi a. Chak chwa prevansyon se yon viktwa sou neglijans.

Map pwoteje santem kont VIH/SIDA, paske lavi m gen valè.

27/11/2025

Andikap mwen pa yon fado
Moun mwen yo,

mwen voye gwo kout chapo pou nou, e mw vle di nou mwen pote yon mesaj pou nou sou tèm yo rele "andikap" la.

Andikap se yon limitasyon ki kapab kay kek moun ki anpeche li reyalize kek aktivite nan lavi chak jou li, fisik oubyen mental sansoryèl oswa sosyal e menm anpeche l tou nan lavi sosyal, edikatif, pwofesyonèl oswa pèsonèl jan tout lòt moun fè sa nan sosyete a.

Andikap la se yon limitasyon men pa yon kondanasyon, an nou apresye divès fason lavi a montre nou pou viv li, nan kwape tout jès ak konpòtman nou te ka gen kont moun sa yo ki genyen li a.

Ann pote kole pou nou asisté yo, ankouraje yo, montre yo ke yo pa poukont yo e ke plas yo nan sosyete a.

Mete men pou nou bati yon sosyete kote ke tout moun gen plas yo nan respè dwa ak diyite yo, konsa nou ap gen yon sosyete fò, dirab pou yon bon demen.
Mete men pou nou fe enstans yo pran responsabilite yo anvè yo nan kreye lwa, aktivite e anviwònman kap proteje yo, ede yo epanouyi e re antre yo nan lavi sosyete a.

*Nou se yon sel, yon andikap pa ka separe nou, ann we yo yon lot fason pou nou kraze tout fòm enjistis kont yo, pou nou viv e apresye ansanm kado sa ki se "lavi"*

Miss Rachelle Pétion

27/11/2025

M'ap pwoteje sante m kont VIHSIDA
Espas Enfimyè
Google meet

Pour participer à la réunion sur Google Meet, cliquez sur ce lien :
https://meet.google.com/kgp-cmzr-ene

Vous pouvez également ouvrir Meet et saisir ce code : kgp-cmzr-ene

28/10/2025

Bonjou, non pam se Miss Joseph Sherlyne.
Kolera pa yon jwèt. Se rezon sa ki fè mwen vin fè yon ti pale avèk nou sou kolera.

Se yon maladi trè danjere. Mikwòb sa a devlope nan dlo ak nan manje n ap konsome yo.
Nou kapab trape li nan dlo ki pa trete, oswa nan manje ki kontamine ak ekskreman imen, oswa ki pa byen kuit.

Lave men nou souvan ak dlo trete ak savon.
Byen lave fui yo ak dlo trete.
Byen kuit manje n ap manje yo.
Pa fè bezwen nenpòt kote.
Byen lave veso n ap sèvi yo ak dlo trete.
Anplis, kenbe anviwònman nou pwòp.
Bwè dlo ki byen trete.

Si nou suiv règ ijyèn yo, n ap kapab sove lavi pa nou, lavi fanmi nou, epi tou lavi moun kominote kote n ap viv la.

Veye anwo, veye anba. Kolera pa dòmi. Rete vijilan.

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 00:04
Mardi 08:00 - 00:04
Mercredi 08:00 - 00:04
Jeudi 08:00 - 00:04
Vendredi 08:00 - 00:04