27/11/2025
Ann pwoteje sante n kont VIHSIDA
Mesye dam, èske nou janm panse ki pi gwo richès nou genyen sou tè a? Se pa lajan, se pa bijou, se pa popilarite,se sante nou.
San sante, tout lòt bagay pèdi sans. Men malerezman, gen maladi ki kontinye menase sante sa a. E youn ladan yo se VIH.
Yon maladi moun pa toujou wè, men ki toujou la, ap touche lavi anpil moun nan silans.
*Kisa VIH ye?*
Avan tou m vle di nou VIH, se pa yon madichon. Se pa yon pinisyon.Se yon viris.
VIH vle di: Virus L'immunodéficience Humain.
Se yon viris ki atake sistèm defans kò a , lè moun gen VIH epi li pa pran swen, li ka rive nan etap SIDA, kote kò a vin twò fèb pou konbat lòt maladi.
Men gras ak medikaman (ARV), moun ki gen VIH ka viv lontan epi san danje si yo suiv tretman yo regilyèman.
Se pou tèt sa nou dwe pwoteje tèt nou.
*Men kijan nou kapab fè sa?*
Pwoteksyon Kont VIH se yon chwa ki depann de chak moun.
- Sèvi ak kapòt pandan rapò seksyèl.
- Fè tès VIH regilyèman
- Evite pataje zegwi,lam, oubyen nenpòt materyèl ki ka gen san.
- oswa fè abtinans
Epi pa bliye,moun ki pran trètman yo regilyèman ka rive nan yon nivo kote yo ka pa menm ka detekte viris la nan san,sa vle di tou, li pa kapab transmèt li bay lòt moun.
Ou dwe fè tout prevansyon m sot site la yo koz rechit tretman pa fe byen. Ann gade avèm ak tout referans yo kek statistik VIH ki ka pouse nou reflechi
- Nan fen 2024, prè de 40.8 milyon moun ap viv ak VIH atravè mond lan selon
Organisation mondiale de la santé
- An 2024,anviwon 1.3milyon nouvo enfeksyon VIH te detekte globalman.
- An 2024, prè de 630 000[490000-820 000]moun mouri akoz maladi ki gen rapò ak VIH.
- Propòsyon moun ki konnen estati yo(ki gen VIH) te 87% nan 2024.
- Rejyon ki plis afekte a se rejyon Afrik di Sahara egzanp:nan rejyon sa,prèske 1 nan 30 granmoun (3.1) te viv ak VIH.
Chif sa yo pa pou fèw pè,men pou fèw reflechi.
Malerezman,sa ki pi danje pafwa, se pa viris la men se wont,prejije,ak silans yo enflije moun yo kap viv ak VIH la.
Anpil moun pè pale de VIH,anpil pè fè tès,anpil jije lòt san konnen. E pandan sa, viris la kontinye ap gaye.
An nou sispann gade VIH tankou yon tabou. An nou gadel kòm yon reyalite nou ka bat ansanm. Paske pwoteksyon pa kòmanse ak kapòt sèlman li kòmanse ak konsyans.
Lè yon moun gen VIH li pa pwoteje tèt li,e nan pansel li pral mache pwopajel enben li ouvri pòt pou anpil lòt maladi antre.
Nou ka di eslogan sa,nou pap bay e nou pap pran.
Pwoteje tèt ou Kont VIH\SIDA,se pa yon Zak laperèz,se yon Zak lanmou pou lavi.
Fè tès, sèvi ak kapòt, epi pa jije moun ki viv ak maladi a. Chak chwa prevansyon se yon viktwa sou neglijans.
Map pwoteje santem kont VIH/SIDA, paske lavi m gen valè.