PoliStori

PoliStori L’histoire pour comprendre. La mémoire pour construire.

08/14/2026

Jounen 14 dawou 2026 la make 235 an depi Ayisyen yo te òganize premye gwo reyinyon politik ki ta pra l chanje listwa epi amelyore kondisyon lavi yo nan Sendomeng ki vin tounen Ayiti jodi a.

Premye tèt ansanm sa — ki te reyini Bosal, Kreyòl, Esklav Jaden, Esklav Domestik, Kòmandè, Kabwetye, Chofè, elatriye — toujou rete prèv ki montre enterè nou, gou nou, kwayans nou, pakou nou, orijin nou, ka diferan men sa pa anpeche nou chita ansanm pou rezoud pwoblèm k ap boulvèse nou tout.

Kolon blan yo te kraze zo l sou plas dam Kap-Fransè a (jodi a, Kap-Ayisyen) pou yo te ka trase yon egzanp.Anvan Revolisy...
07/31/2026

Kolon blan yo te kraze zo l sou plas dam Kap-Fransè a (jodi a, Kap-Ayisyen) pou yo te ka trase yon egzanp.

Anvan Revolisyon Ayisyen an te eklate, te gen yon nonm ki te deside leve kanpe pou mande yon bagay ki te sanble senp: menm dwa pou tout moun lib.

Non li se Vincent Ogé.

Li te fèt Sendomeng, se te yon Afranchi rich. Li te nan gwoup moun gouvènman kolonyal la te konsidere kòm "Moun Lib Koulè" yo. Li t ap etidye an Frans, nan moman evènman Revolisyon Fransèz yo t ap dewoule a. Se la li te tande lide takou libète ak egalite.

Li tounen nan koloni an an 1790, kote li egzije pou moun lib koulè yo jwi menm dwa politik ak tout sitwayen lib nan Sendomeng, daprè dekrè 8 mas 1790 la. Lè li wè otorite yo pa okipe l, Ogé pran zam.

Li menm ak zanmi li Jean Baptiste Chavannes, yo ame plizyè santèn Afranchi menm jan ak yo. Men, mouvman yo an echwe. Yo arete tou 2 mesye yo, yo tòtire yo, epi nan mwa fevriye 1791 yo kondane yo pou yo mouri yon mò atwòs, youn nan pinisyon ki pi mechan nan epòk la.

Yo te vle trase yon egzanp sou Ogé, yon fason pou fè tout moun k ap pale de egalite ak libète yo pè.

Men se efè kontrè a ki rive.

Lanmò Vincent Ogé kase yon bagay nan Sendomeng ki pa t janm ka repare ankò. Li te montre jouk kibò sistèm nan pare pou rive pou konsève privilèj li yo. Evènman sa te prepare tèren an pou gwo soulèvman esklav yo kèk mwa apre.

💬Kesyon pou ou: Kijan pinisyon yo te bay Ogé a te rele an fransè ?

🎥 Gade Epizòd 5 pou plis detay sou lien ki nan kòmantè a.

#

07/29/2026

Otorite kolonyal franse yo te vle trase yon egzanp sou Vincent Ogé.

Men, li te vin tounen yon senbòl rezistans, ki montre jis kibò kolon yo te pare pou ale pou pwoteje privilèj yo.

An fevriye 1791, yo kondane Vincent Ogé anba siplis wou a.

Egzekisyon kase yon bagay nan Sendomeng ki pa t janm ka repare ankò.

🎥 | Epizòd 5

👉 Anrejistre piblikasyon sa a epi pataje l pou plis moun dekouvri paj sa. Pou listwa nou.



Chamo Dessaint Jean Guy Louis Henri-Ricot Alphonse Keny Thelusma Frantz Pierre
Wilby Descartes Emmanuel Romelus Louissaint Islande Dimitry Roger Sonon Hermann Moïse Masson Patrice Charles

06/30/2026

Revolisyon fransè a rive sou Sendomeng. Men, dèyè gwo pawòl sou libète ak egalite yo, kolon blan yo t ap goumen sitou pou enterè pa yo nan koloni an. Divizyon sa yo pral louvri pòt pou yon etap ki pra l chanje listwa pou toutan.

📺 Gade Epizòd 4 la epi dekouvri kijan tout bagay te kòmanse.


---
En 1789, la Révolution française bouleverse aussi Saint-Domingue. Derrière les discours sur la liberté, les colons blancs se divisent pour défendre leurs propres intérêts. Une fracture qui changera le destin de la colonie.
🎥 Découvrez l'épisode 4 de .

Kenbe tèt nou wo ! Pafwa nou pa reyisi.Men nou bay tout sa nou kapab.
06/25/2026

Kenbe tèt nou wo !
Pafwa nou pa reyisi.
Men nou bay tout sa nou kapab.

06/20/2026

Poukisa nou toujou tande yo di: Revolisyon Ayisyèn nan se pitit fi Revolisyon Fransèz la ? Nan videyo sa, nou eseye gade kijan lide revolisyonè fransè yo, an 1789, te boulvèse panse yo jouk nan Sendomeng. Se 3e pati nan seri nou lanse sou Revolisyon Ayisyèn nan. Lapawòl pou ou nan kòmantè yo.

06/20/2026

Des images que notre génération n’est pas près d’oublier. Les images d’un pays qui refuse de mourir. Les images d’un peuple qui se bat contre l’isolement, la marginalisation et le mépris. Gardons le front haut et la tête altière. Nous reviendrons. Plus forts. Plus unis. Plus déterminés.

06/19/2026

Jwe kont nan yon faz final se yon rèv pifò Ayisyen jenerasyon sa pa t janm panse ki ta ka posib. Nou pra l viv li je klè. Nou dwe pwofite. Se yon moman ki ka istorik pou Ayiti. An nou al enskri non nou nan gwo liv jwèt sa, pi bèl mannyè ki ta ka genyen an. Nou ka bat Brezil. Mirak la ka fèt. An nou kwè.

Address

Ottawa, ON

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when PoliStori posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share