07/12/2025
Ane sa a, Love The Kids ap prepare yon gwo aktivite Nwèl ki ap fèt 24 Desanm 2025, avèk objektif pote lajwa, espwa ak sipò bay plizyè dizèn timoun ki afekte pa kriz k ap frape peyi a nan lokalite Waney.
Pou rive fè jou sa a tounen yon moman espesyal pou yo, nou ap ouvè pòt nou bay moun ki ta renmen kontribye nan nenpòt fòm tankou:
Don kajan
Don an manje
Don an materyèl (jwèt, rad, kolasyon, elatriye)
Sipò lojistik oswa sèvis
Chak kontribisyon, kit li piti kit li gwo, gen yon enpak dirèk sou souri ak espwa nou vle kreye nan lavi timoun yo.
Si ou swete patisipe, tanpri kontakte nou sou nimewo ki sou afich la oswa bay pa Moncash oubyen Natcash.
Nan non tout ekip Love The Kids ak tout timoun yo, nou di: mèsi dèske w chwazi fè diferans lan.
Avèk respè,
Love The Kids
Ansanm nou ka fè Nwèl sa vin pi bèl.
🙏🏾🙌🏾💚🇭🇹💚🙌🏾🙏🏾
🎄🎁🎈🎉🎊🌲🎁🎈🎉🎊🎄