15/04/2026
Solidarite ayisyen pa p janm mouri.
Sa nou te wè ak Ariana nan HOUSE OF CHALLENGE jou pase yo se yon prèv klè: lè nou rasanble pou yon koz, nou mete tout fòs nou ansanm pou n fè li reyisi.
Dèyè Ariana🤎, se pa t sèlman yon moun… se te Ayiti. Se te drapo a 🇭🇹.
Mesaj la senp: Si nou ka ini konsa pou yon konkou, nou ka fè plis toujou pou peyi a.
Fòs la deja la; sa ki manke, se BONJAN DIREKSYON ak konfyans. Nou bezwen lidè serye ki mete enterè Ayiti ak ayisyen an premye. Lidè k ap vini ak bon plan epi ki gen kapasite pou byen oryante fòs nou lè n met tèt ansanm.
Chak jou, nou gen chans pou nou reflechi pi byen, angaje nou pi plis, ekri listwa. Men lè pwochèn ELEKSYON yo resi fèt Ayiti, se ap yon OKAZYON ISTORIK pou nou CHWAZI PI BYEN.
Paske solidarite nou pa dwe limite a rezo yo sèlman. Li dwe sèvi pou n:
✔️ Chwazi bon lidè
✔️ Sipòte sa ki bon
✔️ Konstwi peyi a
Jèn yo deja montre yo gen pouvwa, sitou sou rezo sosyal yo. Kounye a, kesyon an se ki jan n ap itilize l.
Chanjman posib men fòk nou tout mete men.
Ayiti p ap ka chanje san nou.
Ansanm n ap pi fò.
21/03/2026
26/12/2025
21/08/2025
16/08/2025
16/08/2025
20/07/2025