Le Monde Info.

Le Monde Info.

Partager

Le monde info est là pour vous. Restez brancher.

19/04/2026
18/03/2026

🎯Li pa nòmal pou yon pwofesyonèl sante nan sal akouchman ap antre nan lavi pèsonèl yon fanm k ap akouche, jis paske l ap rele ak doulè.

Malerezman, se yon sitiyasyon ki toujou egziste nan peyi nou, kote kèk pwofesyonèl sante pa mete limit nan fason yo pale ak pasyan yo.

❌Gen kèk pawòl ki konn repete nan sal akouchman yo tankou:
« Lè w t ap pran l, li te dous. Sispann rele nan tèt moun, madanm. »
« Yon timoun tankou w, wal gwòs kounya wap rele»
« Pouse non madanm, ou genlè panse se mwen ki pral mete l deyò pou ou. »
« Gen moun ki te voye w. »

📌Pawòl sa yo pa sèlman blesan, yo manke respè epi yo pa gen plas yo nan swen sante.

✅Doulè pandan akouchman se yon bagay nòmal. Rele, pale anpil oswa fè bri se souvan yon fason pou kò a ak lespri a jere doulè a. Se yon reyaksyon natirèl.

🧑🏾‍⚕️👨🏽‍⚕️Wòl pwofesyonèl sante nan moman sa a se kalme, ankouraje, asire, epi akonpanye fanm yo pandan pwosesis la. Yo la pou bay swen ak sipò, san jijman.

📌Respè ak etik pwofesyonèl dwe toujou gide relasyon ant pwofesyonèl sante ak pasyan yo.

🎯Chak fanm gen dwa pou li akouche nan bon kondisyon ak respè

Carla Nuncha Lazard
Spécialiste en santé publique
Fondatrice Initiative Santé Publique Haïti (ISP-H)

12/03/2026




10/03/2026
Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince