25/07/2023
🚀 Debloke potansyèl ou avèk Fòmasyon nou yo!🚀
Chè patisipan ki pwal vinn patisipe nan fòmasyon nou yo,
Nou kontan ofri'w yon opòtinite eksepsyonèl ki pral transfòme kous lavi ou ! Fòmasyon nou yo, kreye pa ekspè chevronnen, se plis pase yon senp fòmasyon. Se yon imèsyon total nan mond pwofesyonèl la ak devlòpman pèsonèl.
🎯 Poukisa ou dwe chwazi NOU pou Fòme'w? 🎯
🔹 Fòmasyon avek Meyè yo : Nou regroupe yon ekip ekspè kife konnen yo deja nan chak domèn fòmasyon, soti serigrafi rive nan trading, montaj videyo ak plis ankò. Yo pare pou pataje konesans avanse yo ak estrateji ki te yo te itilize, pou ede ou fe kòb.
🔹 Dènye TEKNIK Yo : Fòmasyon nou yo adopte metòd anseyman ki pi inovatè ak efikas. Chak modil desine ak atansyon pou ofri ou yon eksperyans aprantisaj imesiv, stimilan e anrichisan.
🔹 Fòmasyon enstansiv : Nou konn ki valè tan ou gen pou ou, se pou sa nou kreye yon pwogram enstansif pou sèlman twa WEEend. Ou pral akeri on bann konpetans nan yon tan rekò.
🔹 Kominote solidè : Rejwenn yon kominote dinamik ki gen anpil jèn ki pasyone menm jan ak ou. Fè pati yon rezo ki gen pou devise solidarite, enspirasyon ak kolaborasyon poun fè kòb.
🔹 Transfòmasyon pèsonèl : Fòmasyon nou yo pa limite sèlman nan akizisyon konpetans teknik. Li vize pou transfòme ou an sitwayen konfyans eki motive, ki prè pou fè fas ak tout defi nan lavi pwofesyonèl.
🌟 Avni ou ap tann ou! 🌟
Imajine ou menm ki metrize kou mèt yo logisyèl Microsoft, kreye videyo ki bèl, dechifre mache finansye a, kreye sit wèb kaptivan e ankò. Fòmasyon nou yo se yon veritab propilsè, pou'w jwenn opòtinite nan karyè pwofesyonèl ou.
Ou gen pouvwa pou chanje lavi ou. Alò, pa kite pase chans sa a ! Vini patisipe nan vwayaj sa l'ew pwan fòmasyon ki pral redifini trajektwa pwofesyonèl ou ak louvri wout pou yon siksè ki plen bonè.
🎓 Pou plis enfòmasyon e pou enskri, kontakte nou kounye a. Nou ap trè kontan pou akonpaye'w ou nan vwayaj etranj sa ki pral mennen ou jwenn siksè ou!
"