ann konprann poun vanse

ann konprann poun vanse

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ann konprann poun vanse, Site internet éducatif, ruelle waag #18, Port-au-Prince.

12/07/2023

ANN GADE ASANM ESKE MOUN LEGLIZ PA TA DWE EDIKE TÈT YO.
Si nap gade tout peyi gen kilti pal, men peyi kote ki gen moun ki konnen tout pap janm rezime kilti AK relijyon relijyon.
Ann pran yon egzanp: si w mande yon fransè kisa ki kilti l, li pap janm.di w se katolik, lap site w plizyè bagay ki rantre nan fason yo viv, fason yo konprann nati kote yap viv, ki manje manje, ak ki relijyon ki andedan kilti yo a tankou, katolik.
Si w mande yon japonè menm kesyon an lap site w plizyè bagay, ki se eleman nan kilti la epi lap site w relijyon peyi l la tou kom.youn nan eleman nan kilti a.
Si ou al kote yon chinwa se menm koze, Ayiti sel peyi kote lakilti rezime AK yon Green bagay ke yo vle atribiye AK relijyon pou yo.montre kilti ayisyen se djab.
Anpil fwa yo vle montre sorcellerie se vodou tou.
KI KOZ FOM.MANTALITE SA PRAL GEN SOU YON GWOUP MOUN NAN YON EPOK.
Legliz kom espas kriminèl ki toujou renmen vyolans AK fè koule, paske tout moun ki pa pou bondye pa yo a, merite mouri, (m.pap blasfeme paske li ekri nan labib, konbyen moun ki mouri paske yo.pat mache AK bondye), nan reyalite lakay pa.nou ayiti, legliz pral.mennen yon kanpay ki rele REJETE, ke blan colon meriken AK lafrans kite anba anba nan.politik sa tap.mennen, yo te sèvi AK legliz kom zouti kriminel, pou te fè koule san, touye hougan, touye manbo, boule tout bagay ki te sèvi AK kek syantifik pou ta pi byen konprann listwa nou kom pèp sa ta vle di legliz pat Selman touye, men li tap mache efase listwa nou, fè nou gade zansèt nou kom sovaj, kriminel nan plas kolon, kite al.pran nou anchene nou, pou te vin lage siwo sou tèt nou, boule nou tou vivan jan sa te konn fè yo plezi.
Men fok nou pa bliye fom legliz sa yo se poun te jwi ti kras privilèj blan te ka bann nou poul.ke ka gade nou tankou moun sivilize.
Men se te yon politik byen reflechi ke nou pral konprann nan diskou LEOPOLD II, bon sa map.avanse la fok kreten legliz yo, padon, kretyen legliz yo te gen konprann sa a.
KI LOT KRIM LEGLIZ PRAL FÈ TOUJOU ANN GADE.
Tout moun konnen jodia si gen yon bagay ki ka devlope ekonomi yon peyi se agrikiltil AK medsin li, eben LEGLIZ pat rete nan Zak touye manbo, touye ougan, men yo te rantre nan koupe anpil pye bwa, ke yo te di se bagay mistik, ( gen de pyebwa yo te konn koupe kom bagay mistik nan yon epok kom bagay djab, ou jwen yo nan lot peyi, poukisa nan peyi pyebwa sa yo pouse yo pat koupe yo?), nan tout pep ki gen kilti, li.enpotan pouw jwen de kalite medsin, sa yo rele tradisyonel.la AK syantifik la, bon m pa.bezwen di nou tout medsin syantifik se nan peyi ki gen gwo materyèl, ak kote ki pa gen fòm syantifik kreten, padon, kretyen tet Pete sa ki di jezi konn fè tout bagay (men yo se premye moun ki pral lopital).
Moun sa yo pral komanse nan yon fason kraze lagrikliti ansanm ak kolon pou yo te ka ranpli poch nan vann sak diri, sa te vle yo vin gen 2 metye, machan diri, plis pastè. Jounen jodia depi ou pastè ou di tout lot fom koripsyon yo, sim manti monte entenet la poun wè.
IPOKRIZI LEGLIZ AK TOUT MOUN KITE NAN MACH DIMANCH LA.
Listwa ekri ak pale se youn nan bagay ou ka toujou al verifye ak konprann kiyès, ki bò, nan ki dat kek bagay te konn fèt.
Jodia gras ak teknoloji blan an, yon klik Selman ou ka retounen pou w konprann listwa.
Ann site kek pwen sa nou pa bezwen devlope.
Nan tout fom.kolonizasyon kap fèt, legliz toujou prezan... si.manti verifye ak menm.telefon wap li mesaj sa a sou Google.
Ou ka toujou gen dout sou Google gen bibliyotèk, kretyen m.konnen nou pa renmen lot liv, men fè yon efò pou yon fwa nan vi nou, oubyen fè yon vyolans sou tèt nou trennen l rantre nan yon bibliothèque.
Legliz se nan soufrans moun li pran plezi konvèti.
Legliz se destriktè kilti ki gen andedan l, medsin, za, filozofi, syans, chimi ki se bagay tradisyonel tou ki gen andedan yon kilti.ki pou monte ekonomi l.
Map rete la?
Ki kote nou janm wè legliz pral plante, fè konbit, yo pap.plante men fok yo.manje, men m jan ak jezi ki tap mache manje Kay chak moun.
M panse map.lonje lot chapit pou yon lot jou.
Men nap live 14 jiyè.
Pataje, renmen, epi vin joure moun ki gen.pouw joure paske yap.ouvè je w.
Mesi

al.pr

12/07/2023

14 JIYÈ M.GEN POUM FÈ YON TI PALE SOU MOUVMAN LEGLIZ AK PASTÈ, GREGORY AP FÈ A, PA BLIYE VINI POUN PATAJE AK KOMANTE.

11/05/2023

Men moun kap.pale. ANN KONPRANN POUN VANSE.
YON LOT LEKOL POSIB

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Ruelle Waag #18
Port-au-Prince
2317