23/04/2026
𝟴 𝙩𝙞𝙥 𝙖𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙤𝙪 𝙨𝙞𝙥𝙤𝙯𝙚 𝙠𝙤𝙣𝙣𝙚𝙣
𝟭. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙙𝙞𝙥𝙡𝙤𝙢𝙖𝙩𝙞𝙠 (𝙠𝙡𝙖𝙨𝙞𝙠)
Se reprezantan ofisyèl yon Leta nan yon lòt peyi oswa devan yon òganizasyon entènasyonal.
Li jwe wòl kle nan relasyon ant peyi yo (negosyasyon, dyalòg politik, koperasyon).
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Anbasadè Ayiti nan Etazini ap travay pou ranfòse relasyon politik, ekonomik ak sekirite ant de peyi yo.
𝟮. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙚𝙠𝙨𝙩𝙧𝙖𝙤̀𝙙𝙞𝙣𝙚̀ 𝙖𝙠 𝙥𝙡𝙚𝙣𝙞𝙥𝙤𝙩𝙖𝙣𝙨𝙮𝙚̀
Se tit fòmèl ak legal yon anbasadè genyen.
Li gen tout pouvwa jiridik pou aji nan non Leta li (siyen trete, negosye akò, reprezante peyi a ofisyèlman).
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Lè yon anbasadè siyen yon akò bilateral ant de peyi, li fè sa kòm “plenipotansyè”.
𝟯. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙥𝙚̀𝙢𝙖𝙣𝙖𝙣
Li reprezante peyi li devan yon òganizasyon entènasyonal sou baz kontinyèl.
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Reprezantan pèmanan Ayiti devan Òganizasyon Nasyonzini (Nations Unies) ki patisipe nan reyinyon chak jou sou kesyon mondyal.
𝟰. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙠𝙤𝙣𝙠𝙞𝙧𝙖𝙣 (𝙖𝙠𝙧𝙚𝙙𝙞𝙩𝙖𝙨𝙮𝙤𝙣 𝙢𝙞𝙡𝙩𝙞𝙥)
Se lè yon sèl anbasadè reprezante peyi li nan plizyè peyi an menm tan, souvan paske pa gen mwayen pou louvri anbasad toupatou.
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Yon anbasadè ki baze nan Brezil kapab akredite tou nan Paragwe ak Bolivi.
𝟱. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙞𝙩𝙞𝙣𝙚𝙧𝙖𝙣 (𝙤𝙨𝙬𝙖 𝙚𝙨𝙥𝙚𝙨𝙮𝙖𝙡)
Li pa rete nan yon sèl peyi.
Li okipe misyon espesifik (tankou dwa moun, kriz, oswa kesyon rejyonal).
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Yon anbasadè espesyal pou kesyon klima k ap deplase nan plizyè peyi pou negosye politik anviwònman.
𝟲. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙠𝙞𝙡𝙩𝙞𝙧𝙚̀𝙡 𝙤𝙨𝙬𝙖 𝙗𝙤𝙣 𝙫𝙤𝙡𝙤𝙣𝙩𝙚
S on pèsonalite piblik (atis, atlèt, elatriye) ki itilize enfliyans li pou ankouraje yon kòz.
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Angelina Jolie kòm anbasadè bon volonte pou refijye ak UNHCR (UNHCR, the UN Refugee Agency)
𝟳. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙤𝙣𝙤𝙧𝙚̀
S on fonksyon plis senbolik. Li pa gen tout pouvwa diplomatik, men li ede devlope relasyon (sitou ekonomik oswa kiltirèl).
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Yon biznismann lokal ka sèvi kòm konsil oswa anbasadè onorè pou ede atire envestisman nan peyi li.
𝟴. 𝘼𝙣𝙗𝙖𝙨𝙖𝙙𝙚̀ 𝙢𝙖𝙠 (𝙗𝙧𝙖𝙣𝙙 𝙖𝙢𝙗𝙖𝙨𝙨𝙖𝙙𝙤𝙧)
Nan maketing, s on moun ki reprezante epi fè pwomosyon pou yon mak.
𝙀𝙜𝙯𝙖𝙣𝙥: Cristiano Ronaldo ki fè pwomosyon pou Nike kòm anbasadè mak la.
𝙎𝙖 𝙬 𝙙𝙬𝙚 𝙠𝙤𝙣𝙣𝙚𝙣
𝘿𝙞𝙥𝙡𝙤𝙢𝙖𝙩𝙞𝙠 → Leta ak relasyon entènasyonal
𝙋𝙡𝙚𝙣𝙞𝙥𝙤𝙩𝙖𝙣𝙨𝙮𝙚̀ → gen pouvwa legal total
𝙋𝙚̀𝙢𝙖𝙣𝙖𝙣 → nan òganizasyon entènasyonal
𝙆𝙤𝙣𝙠𝙞𝙧𝙖𝙣 → plizyè peyi
𝙄𝙩𝙞𝙣𝙚𝙧𝙖𝙣 → misyon espesyal
𝘽𝙤𝙣 𝙫𝙤𝙡𝙤𝙣𝙩𝙚 → enfliyans piblik pou yon kòz
𝙊𝙣𝙤𝙧𝙚̀ → senbolik
𝙈𝙖𝙠 → komèsyal / maketing.
Pwof. Claudy Bastien Entènasyonalis. ✍🏽