19/09/2022
Bonjou fanmiy yo, Bonjou Pascal Adrien
Bon sole
Repons Kesyon an : Kisa ki youn ( conflit de loyauté).
plizyè egzanp
1- Manman m gen plis pase 40 lane nan edikasyon, nan zòn lwen lavil tankou Okap, gen timoun li bay leson sou leson, malgresa timoun sa pa avanse nan chimen lekòl, sa konn rive yo kite lekol pi devan, nou rele sa décrochage an franse. ( nou pap pale lòt rezon striktirel materyel nan kondisyon lekol nou yo fet Ayiti ki ka pa bay anvi chita lekol, ensekirite, sitiyasyon politik, degradasyon ekonomik, se pa sa n ap manyen ann deba a pa la). anpil fwa ou konn panse se sou sa timoun nan pa sou sa, poutan gen kèk timoun ki pa rive lwen leköl se jodya m resi mete youn non sou sa.
nan Sosyoloji « conflit de loyauté», se lè youn timoun rann li kont li pral rive pi lwen pase paran l ( dépassement culturel, intellectuel, de fonction ou de titre par rapport à ses parents) epi li deside kanpe sèk. li konsidere l ap trayi papa l , l ap trayi manman l si l konn li pase yo, si yo ap travay latè epi li menm li vin gwo doktè. gen timoun ki konn santi se konmsi y ap pèdi lanmou afeksyon paran sa paske y ap vin pa sanble ak paran yo, ap gen twòp distans nan mitan yo ak paran yo. ( Je viens d’une famille d’ouvriers, de travailleurs manuels, qui ont toujours bossé en usine et qui ont très peu, voire pas du tout, connu les études longues. Ma mère est femme de ménage et mon père soudeur. Pour eux, il semble difficile qu’un enfant d’ouvriers, puisse réussir ses études et obtenir des diplômes supérieurs. À leurs yeux, la profession d’un enfant doit être la même que celle de ses parents. Je dois donc naturellement me destiner à être ouvrier. Comme eux. ). konsa tou timoun sa konn vin rebèl , se tankou li kenbe tet kont paran l,paske definitivman yo pa nan menm monnn e li anvi avanse. ou pran timoun lan ou mete l nan lekol angle, epi me ou ki pa ka di I am. sa konn rive ou santi timoun sa ap kouri lwen w..... Bourdieu gen romans (autofictionnels) sou ka sa yo li rele moun sa yo transfuges de classe.
2- Conflit de loyauté a tou konn rive kote papa w Doktè, Manman w Doktè, Infimyè elatriye, ou menm ki pitit yo ou di si w al nan agronomi se tankou youn kout ponya, youn kou trèt ou bay paran w. se nan medecine pou w rete tou.
3- konsa tou gen paran ki konn di, si yo doktè fòk pitit yo doktè, si yo fè dwa fòk pitit yo avoka, si yo biznisman fòk pitit yo al etidye Business adminsitration. yo enpoze w , yo enskri w inivèsite, se yo ki chwazi pou ou anpil fwa. yo pa imajine karyè w lòt kote pase domèn yo ladan l lan. gen paran, si l te machann, ki konn kenbe pitit li nan komès la ki pa wè pitit la pi lwen pase sa. Eske w konnen tou nan kilti nou, gen paran andeyò ki konn fè 10 pitit. li konn chwazi pouse timoun yo rive lwen lekol, voye lavil elatriye, men li gen younn li pap kite rive lwen lekòl paske se sou ti grenn sa li konte pou vin jere jaden yo lè yo menm granmoun yo koumanse febli. ou te konn sa. petet sa genyen plizyè lot esplikasyon antwopolojik, sosyolojik ki ka etidye sa tou.
4- conflit loyauté a tou konn vini nan ka kote, gen paran ki kontan pouse premye pitit la lekol, youn fason pou l ka jwe wòl tuteur pou ti sè l ti frè l, paran sa lage chay responsabilite a sou pi gran an, anpil fwa tou se sikontans lavi a, kote paran konn ap travay epi se pi gran an ki oblije jwe wòl paran, siveye tisè, okipe ti frè. si 1 pitit sa ta ka jwenn youn bous, li konn santi l ap trayi paran l si l ale paske pa gen moun ki pral okipe ti se yo ti fre yo. li konn rive lè pou l marye, li pa deside angaje l paske l gen trop ti se ti fre ti neve ti nyès pou l okipe lakay paran l. li ap santi li trayi paran l. Conflit de loyauté.
NB: moso pasaj sa pa levanjil, li chache konprann youn aspè nan youn reyalite, li chache konprann kisa ki ka esplike par exemple decrochage, echec, mauvais rendement, choix de carriere elatriye. nan menm sosyete a nan Ayiti, anpil paran pa konn li, pa r rive lwen lekòl poutan yo prèt pou bay lavi yo pou yo pouse pitit yo lwen, pi lwen pase kote yo menm yo pa janm reve rive. anpil nan nou se temwayaj lavi nou sa. anpil pitit ayisyen nan dyaspora a konsa. papa yo chofè taksi, manman yo nan faktori, yo menm paran yo pouse timoun sa yo rive jouk nan metriz doktora, rive anvayi pòs politik, fè bel travay, pran grad, rekolte lorye nan peyi etranje.
Lafrans, gen travailleurs sociaux et sociaux éducatifs (PRE, projets type Andromaque ki abòde sa. Ayiti m pa konnen si yo reflechi sou sa. sa konn rive se pwofesè ki degaje l, ki jwen tout wòl otophonis, psycho pedagog elatriye.... petet sa ka ede nou menm nan edikasyon abòde zafè aprantisaj eleve nou yo youn lòt jan ak paran sa yo.
me lyen tèks ki esplike sa ki konfli Loyaute a ye
https://www.nouvelobs.com/rue89/notre-epoque/20180221.OBS2557/conflit-de-loyaute-si-je-travaille-bien-a-l-ecole-vais-je-trahir-mes-parents.html?fbclid=IwAR1vKqDnJDeux2TuQBD6fSPdW2ibEPoe9DYn6zT0-bxrbewJ1mSyLPbLH00
https://www.francetvinfo.fr/societe/education/recit-comment-la-pauvrete-descolarise-les-ecoliers_2599072.html?fbclid=IwAR3hRb0qoLnTIgaiF6x8GDgWspWXoCr6hofNo9ssdm3SNKUG9beoStDbY0s =CS2-765-%5Bautres%5D-
https://zep.media/textes/fils-parents-ouvriers-finir-usine/?fbclid=IwAR1FY1B99qhlzrV03z0b3cjPaAz37UCz1YFRwK8bEUIV2D-uwjaUzGNjzwE
foto bèl ti tchovi a s eDenis Stern ki fè l Haiti
18/02/2022
18/10/2021
20/07/2021