27/07/2020
*6 CONSEILS PRATIQUES POUR VOUS LES FEMMES*
1) Faire des enfants avec un homme dans le but d'aboutir au mariage est une erreur grave à ne plus commettre de nos jours
2) Faire des enfants avec un homme dans le but de le retenir c'est comme creuser sa propre tombe et entrer à l'intérieur
3) Coucher avec un homme qui ne te porte aucune attention, qui ne te respecte, qui n'a aucun projet avec toi, c'est une erreuve grave parce que tu seras considéré comme un objet sexuel.
4) Désobéir ou encore insulter tes parents pour un homme qui n'est pas encore venu frapper à ta porte, qui connait même pas où tu vis est une erreure très catastrophique.
5) Continuer à sortir avec un homme avec qui tu as vécu plus d'un an de relation, sans savoir où il vit, sans connaitre aucun membre de sa famille, c'est une grave erreure.
6) Rester célibataire parce qu'on a peur d'etre trompé à nouveau, c'est choisir de rester célibataire à vie parce qu'il aura toujours des déceptions.👌
22/07/2020
ÈSKE YON MOUN TA DWE RAZE PLIM DEVAN LI, SITOU POU FI ?
Souvan gen moun ki raze plim devan yo sou pretèks ke yap fè ijyèn, genyen lòt se paske yo wè lot moun fèl, genyen tou se pou fè plezi ak menaj yo oubyen mari yo.
Jodi an mw vin fè yon ti pale sou abitid saa ke anpil Fi genyen, e ki konsekans sa ka genyen sou sante ou.
Raze plim devan pa gen oken rapò ak kesyon ijyèn, byenke kounya li vin yon abitid kay prèske tout Fi paske majorite Gason toujou ap egzije yo sa , san yo pa konnen ki konsekans sa ka genyen.
Ki wòl plim devan pati entim nou ?
☞ Plim yo pwoteje pati entim nou.
☞ Yo pa bay aksè pou bakteri patojèn yo rantre.
☞ Yo anpeche pousyè ak swè pa rantre nan bouboun ou, sitou Fi ki renmen swe ak sa ki pa renmen mete kilòt koton yo.
Selon Dr Emily Gibson, li di : lèw raze plim devan ou, li kapab koz folikil nan vajen ou anfle, sa ki kapab baw gwo pwoblèm.
Anplis li kapab koz ti blese nan pò pati entim ou, sa kap bay aksè ak bakteri yo penetre.
KI RAPÒ KI GENYEN ANT MST(maladi moun pran nan fè bagay) AK PWÈL ?
Lew raze plim devan ou, ou ka trape MST paske gen yon lyen ki egziste antre yo, lèw raze pwel ou bay aksè ak enfeksyon.
KI DANJE KI GENYEN NAN RAZE PLIM DEVAN OU ?
Lèw raze plim devan ou li kapab baw twoub sante tankou:
☞ Iritasyon
☞ Enflamasyon.
☞ risk pou gen MST.
POU KISAL PREFERAB POUW PA TA RAZE PLIM SA YO ?
☞ Aprème kapasite plim yo genyen pou bloke bateri yo.
Yo prokire chalè nan bouboun nan.
Yo pèmet gason an fè plis tan pandan rapò seksyèl lan.
NB: Byen ke raze plim devan nou se yon desizyon ki pèsonel, men nou gen plisyon rezon poun reflechi avan nou fè sa.
Mèsi paskew te pran san ou pouw li tèks saa.
Pa bliye Like, Kòmante epi pataje.
25/06/2020
5 BAGAY OU DWE FÈ APREW FIN FÈ BAGAY
Pa neglije pataje tèks saa pou plis konesans, paske pafwa anpil maladi konn fè aparisyon sou nou, se ti neglijans minimòm yo ki konn koz sa.
An'n al li ansanm 5 bagay ou dwe fè aprew fin fè bagay.
1. AL P**I
Poukisa ou sipoze al p**i ?
☞ Paske nan moman rapò an genyen bakteri ki libere ant de patnè yo, pou elimine bakteri sa yo ni Fi an ni Gason an sipoze al p**i, paske se li menm ki mwayen eliminasyon bakteri ki tap echanje yo.
● Si ou pa al p**i bakteri sa yo, yo pa elimine. Koulyea lè yo vin ap ogmante se yo menm ki pral vin bay pwoblèm enfeksyon.
2. Al BENYEN
Poukisa ou sipoze al benyen ?
☞ Paske ou te an mouvman, ou tap swe. Ou genyen gland sidoripa an ki tap fè ou swe, une fwa ke ou swe anpil, sa ap vin koz ou gen move sant.
● Pou medam yo si tout fwa nou pa nan yon milye kote nou ka benyen, nou ka fè twalèt nou.
3- BWÈ YON VÈ DLO
Poukisa pouw bwè yon vè dlo ?
☞ Paske li ap reyidrate kò ou, e anplis tout tan ou bwè dlo se plis ou p**i anpil. Koulyea lèw pral p**i ankò sa ap pèmèt ke rès bakteri ki te rete yo ap elimine totalman.
4. VERIFYE KAPÒT OU SI TOUT FWA OU TE ITILIZE
Poukisa ou sipoze verifyel ?
☞ Paske anpil fwa yo konn chire, lèl chire epiw pa verifye sa Fi an ka ansent avan lè, e anplis lèl chire rès moso plastik la li vin rete anndan vajen Fi an. Koulyea si moun saa al refè bagay rapid ankò, menm ti moso plastik sa a ap vin rantre pi fon van vajen Fi an, sa ki ap vin koz Fi an devlope enfeksyon pi devan, e sa ka rann li enfètil osi (pa ka fè pitit)
●Pou byen verifye kapòt la, kenbel anlè epi ou marel jis kote spèm nan ye a epi gade si sak ladan an pap tonbe.
5. MANJE YON TI BAGAY
Poukisa ou sipoze pran yon ti bagay ?
☞ Paske pandan rapò an ou te an mouvman, ou tap pèdi kalori.
Ou dwe pran yon ti bagay menm sil pa anpil yon fason pou ka ranplase nan kantite enèji ou tap depanse an.
Pouw pa rate pwochen piblikasyon yo, klike sou lien saa pouw ka like paj lan
https://www.facebook.com/104452754580883/posts/114852940207531/?app=fbl
06/06/2020
YON TI KOZE SOU BOUL NAN TETE
Avan tou tete se youn nan ògan ki make feminite yon Fi, e se youn nan ògan ki sansib anpil lakay Fi yo, li pwokire plezi anplis li touche menm zòn nan sèvo a ak vajen.
Brèf, boul nan tete a se kisa?
☞ Yon boul ou byen yon nouvo gwosè tete a pran. Li pa toujou yon bagay grav ou byen yon kansè, an reyalite nan 90% ka yo souvan (bénigne) yon maladi ki devlope de fason senp ki pa gn okenn konsekans grav pou gerizon.
Kisa ki ka koz boul sa yo nan tete a?
☞ gen Anpil lezyon (lésion=blessure,brûlure) ka koz yon boul nan tete tankou: 1- Lezyon beniy
2- Lezyon maliy.
1● Pami lezyon beniy yo nou gen:
☞ Fibroadenome, li se yon timè ki pa kanserez nan tete a, li plis frekan lakay jèn yo, epi li pa stab, li kapab roule anba dwèt ou.(se yon timè solid).
☞ E aprè nou jwenn *les maladies fibrokystique* li pa vrèman yon patologi, li se pito yon afeksyon beniy, li pi frekan kay fi ki aje ant 30 50 lane, li koze doulè (se yon timè solid likid).
●2- Lezyon maliy ou kansè: Se yon timè ki devlope nan tete a gras ak selil glandilè yo. Gen plizyè tip de timè maliy, men sak pi danje a se kansè kanalè, ou jwenn li kay anviron 70% Fi.
Kansè sa vrèman frekan men se a laj 65 lane ou ka remakel nan 1 sou 2 ka.
☞ Kay gason kansè Kanalè a li ra men'l pi danje tou paske souvan yo dekouvril twò ta.
☞ Kòm pa gen yon fason ki pi senp pou yon moun distenge antre lezyon beniy e kansè nan tete, sil ta santi yon bgy konsa lap gen poul subi kèk egzamen tankou: mamografi, ekografi epi biyopsi.
Bonus : Se pa sèlman Fi ki ka gen boul ou byen kansè nan tete, gason tou konn genyenl menm kel pa trop kouran ky Gason yo.
☞✅ Kom konsèy mesye dam s***e tete patnè nou paske s***e tete se yon gro terapi, non sèlman li prokire plezi epi li se prevansyon tou.
Kounya mesye dam nou gen 10 rezon sou 10 pou'n s***e tete patnè nou san gade dèyè.
22/05/2020
An'n fè yon ti pale !!
De nos jours nan koup yo, souvan lè de (2) patnè yo pral fè bagay, sitou pou gason yo, anpil nan yo konn panse se nan yon konba yo prale ak Fi an, et ke yo pa vle pèdi'l.
Alòske fè bagay ant de moun ki renmen se ta dwe yon moman de plezi ki dwe byen jwi et byen pataje. Epi lè 2 patnè ki renmen deside fè bagay se ogmante yo ogmantè valè relasyon an.
Mwen konn tande anpil gason ap di : ah mw pral kraze manzè, mw pral demontel. Pou yo menm yo pran fè bagay tankou yon konba bòks. Genyen ki konn menm itilize pozisyon seksyèl ki douloure pou Fi an pandan penetrasyon an, et yo konn penetre ak yon vitès rapid nan objektif pou fè fi an soufri. De ce fait yo konn plis mize sou mechanste olye yo pwofite de moman plezi an.
Anfèt mw pa vrèman kont jan de pratik seksyèl sa yo paske genyen Fi ki renmen sa konsa.
Men siw ak yon Fi et ke pratik sa yo pa bon pou li, gason an ta supoze chanje metòd paske fè bagay pa yon batay, li se yon moman de plezi ki dwe pataje, pou ke a la fen tou 2 patnè yo soti satisfè.
15/05/2020
5 bagay yon gason dwe konnen sou bouboun.
☞ Lè yon gason byen metrize kesyon bouboun, sa pèmèt lavi seksyèl li ak patnè li amelyore.
1- Ereksyon feminen.
Dabò menm jan peni an gonfle ak san lèl eksite a, se konsa tou klitoris la ka an ereksyon lèl eksite tou. Donk plis gason an pran swen de li pandan lap fè lanmou ak patnè li, se plis tèt klitoris la ap gonfle epi lap vin sansib, men fòk touche yo fèt dousman.
2- Sant plezi fia.
Klitoris la li menm li pa gen lòt objektif ke bay Fi an plezi. Sa ki vle di menm jan pati ki vizib yo dwe touche a, li menm tou li dwe touche. Men meyè fason ou kapab pwofite de li se eseye plizyè pozisyon ala fwa, pandan preliminè yo, epi pandan rapò seksyèl lan, sa kapab gason an byen stimile ansanm klitoris lan.
3- Eksitasyon epi librifikasyon feminen.
Chak Fi gen kapasite pou'l librifye pou kòl, men pafwa bagay yo konn konplike, Fi a konn vin mwens sansib nan kèk sityasyon tankou :
- lè Fi a ap pran medikaman
- lèl antre nan menopoz
- lèl pran pilil
- Apre règ li
- Aprè yon akouchman.
- Pafwa gen Fi tou ki konn mal pou librifye paske yo nan relasyon an lontan, anvi a vin pa menm jan.
Nan ka sa meyè solisyon an se pran pasyans et pran plis tan nan preliminè yo.
4- Vajinal oubyen klitoridyen. Gason yo souvan renmen jwenn yon pwen egzat nan bouboun nan ak peni'l yon fason pou deklanche yon ògasm enkwayab lakay Fi an, men nan rreyalite an bagay yo pa knsa. Majorite Fi ki atenn ògasm yo se ak èd klitoris la.
NB : Fè sèks oral ak Fi a konn souvan pi enpòtan pase penetrasyon an, yon fason pou Fi an rive nan 7em syèl la.
5- Pwen G.
Kanta pou pwen G a li menm, gen gason ki ka diw egzakteman kotew ka jwenn li, konsa tou genyn ki pa men konn sil egziste.
Men gen yon zòn nan bouboun nan ki bay plis plezi pou Fi a (Pwen G), depiw jwenn li wap remake ke Fi an subi yon transfòmasyon pandan akt lan, men sa varye selon chak tip de Fi.
07/05/2020
Yon ti koze sou dosye bouboun lach.
Sou dosye sa gen anpil gason ki toujou ap pote fo jijman sou madanm yo oubyen menaj yo, kòmkwa fi an ap kouche ak lot nèg sou yo.
Ben kitem di nou, trè souvan lè yon gason gen yon fi li fè kek tanl pa fè bagay ak li, li panse se sere bouboun nan ap vin sere, poutan se pa vre, paske lè fi a fè bagay, boubou'n li netwaye, se lè sa li pi sere
Sa ki vle di lè yon fi pa fè bagay pandan yon nonb de tan li ka plis fin lach kel sere, paske gen travay ki pa fèt.
Gen plizyè rezon ki kapab fè yon fi vin lach, tankou :
☞ Lèl pral gen règ li
☞ Pafwa enfeksyon konn koz sa tou.
Li konn parèt tou aprè yon akouchman tankou lè fia fè kouch nômal.
Konsa tou li konn lye avek laj.
29/04/2020
Desten yon moun nan yon relasyon santimantal pa rezime sèlman an soufrans, ou gen dwa ak bonè tou.
Poukisaw oblije kite yon moun ou avèl privew de dwa kap bon pou ou, epiw oze di ou fèt pou soufri?
Pafwa se pa soufri ou ta ka soufri, men janw konprann bagay yo ou pèmet ou aksepte soufrans lan pou yon ti tan pouw wè si pap gen amelyorasyon.
Men si sa pa janm chanje ou gen enterè pouw pran yon bon desizyon kap bon pou ou.
Paske lèw kite yon moun ou avèl privew de yon bagayy ou renmen, se pa paskew renmen moun nan pouw aksepte, men pito paskew pa konn sa ou vo.
Yon moun ki privew de kapasitew, yon moun ki fèw kwè san li menm ou pap anyen, yon moun ki li menm tout sal diw ou bwèl tankou aspirin. Èskew panse se lanmou an ki mande sa? Mwen map di non paske yon moun ou avèl ki privew de kapasitew, de dwa ou, se yon moun ki wè sèlman enterè pa li nan ou.
Yon moun ki renmenw pap wè lot bagay ke bonèw menm si'l pa ta nan lavi ou ankò.
Pafwa mwen konn tande mesye yo ap di ke anpil medam yo pa obeyisan, anfèt yon Fi ta dwe obeyisan ak moun li ye an, se pi gran kalite li ta dwe genyen. Men obeyisans lan tou pa vle di poul toujou domine.
23/04/2020
Fè bagay, fè bagay ? ??
◆ Avan tou fè bgy se yon bezwen, li difisil pou yon moun viv san li nan moman nap viv koulyea, voir poum pa di enposib. Se yon bagay ki ede moun moralman, epil kontribye tou nan youn nan pi gro evènman ki kapab rive nan lavi yon moun ki se nesans yon bebe.
☞ Men aprè tout bon kote saa yo ke'l genyen, li genyen move kote tou ki kapab prezante gwo pwoblèm nan lavi yon Fi oubyen yon Gason.
Poum kòmanse gen yon bagay gason yo tj di, oh yo ka gen plizyè fi paske yo pa gen anyen yap pèdi. Wi yon kote mw dakò ak sa paske lap difisil pou fi an kenbew paskew pap vini ak gwo vant ba li, men saw ka pote an gendwa pi mal ke siw te pote yon vant. Se pa sèlman bay fanm ou prevwa fè viw avèl lan, men bay nenpòt lòt moun ou te fè bgy avèl. Se pa sèlman pou gason an sa valab, li valab pou fi tou.
☞ Bref, otomatikman ou kouche ak yon moun koneksyon fèt ant lespri paw ak lespri pa moun nan. Imajine moun sa ou kouche avèl lan, li te gen yon vye esprit kap mache avèl, yon vye espri giyon oubyen mal, imedyatman ou kouche avèl espri a pataje(li vin mache avèw tou).
☞ Egzanp yon moun ki gen giyon nan kòl ou fè bgy avèl lap giyonnenw tou. Wap sezi wè tout sa wap fè ka tounen mal pou ou, ou ka panse se devèn ou devèn men poutan sa kapab yon moun ou te kouche avèl ki koz sa.
Et menm jan tou siw ta kouche ak yon moun ki beni, ki gen chans, ou ka sezi wè tou tout saw ap antreprann nan lavi ou se siksè ou fè.
☞ Aprann chwazi konnen ki moun nap frekante, ki moun nap kouche yon fason pou nou pa antrave bonheur nou à l'avenir.
22/04/2020
Èskew te konnen ?
Avanw renmn yon moun, ou dwe renmen tèt ou dabò.
☞ Èskew te konnen lanmou sèlman pa sifi pou kenbe yon relasyon?
Se pa diw renmen yon moun oubyen li renmenw, pou nou panse nou ka viv ansanm pou lavi.
Renmen yon moun mande sakrifis, li mande sajès ak anpil konpreyansyon ak anpil lòt bagay ankò.
Tankou nou menm medam parèy mw yo, nou pa ka nan relasyon ak yon nèg pou nou pa konnen wòl nou, mw panse ke nou menm an tan ke Fi nou dwe konnen wòl nou.
Epi nan yon relasyon se pa tout lè pou nap pran desizyon ak kè ♥, pafwa desizyon yo dwe pran ak tèt tou