04/11/2024
Educ-Haiti Lekòl Nimerik ap prezante 4èm Edisyon Konkou Disètasyon li an! Ane sa a tèm nan se: Matisan: yon ti resif?
Premye prim na se yon Laptop + 25000 HTG Kach!
Kiyès ki ka patisipe?
Elèv lekòl ak Etidyan inivèsite.
Ki jan pou m enskri nan konkou a?
1. Enstale aplikasyon Educ-Haiti a. (Android: iPhone📱 : https://apps.apple.com/us/app/educ-ha%C3%AFti/id6544788862
Android📱: https://play.google.com/store/apps/details?id=com.magby.android.intellectnouveausecondaire)
2. Kreye yon kont epi chwazi nivo klas Segondè 4 paske se la w ap jwenn Tikè enskripsyon an.
3. Klike sou foto dokiman Enskripsyon an pou w ka peye Enskripsyon an ak MonCash si w an Ayiti oswa ak Kat Debi (Google Pay oswa Apple Pay). Konsève ID tranzaksyon MonCash la ak Imel ou te enskri sou aplikasyon an. Gade nan lis Anons ki sou aplikasyon an pou w ka wè tout règleman konkou a an detay.
4. Pou w ka voye disètasyon pa w la bay jiri a, klike sou lyen sa a https://forms.gle/L8RTxUaM2SAJtVAL7 , oswa voye l nan adrès imel [email protected] . Tèks la dwe nan fòma Word oswa PDF.
5. Antre nan Gwoup Whatsapp la ( https://chat.whatsapp.com/GFEUlXNdqVNBhbgSWtQjiP ) pou w ka suiv dewoulman konkou a.
6. Pou tout kesyon oswa sijesyon, ekri nou sou [email protected].
7. Dat limit pou w voye Disètasyon pa w la se 16 Desanm 2024.
Poukisa Educ-Haiti òganize konkou sa a?
Nou òganize konkou sa a pou bay jèn yo yon espas refleksyon ak defoulman sou reyalite sosyal ki afekte yo pandan ane akademik lan, e pou ankouraje yo amelyore konpetans redaksyonèl yo pa mwayen disètasyon ak rechèch. Objektif Edik-Ayiti Lekòl Nimerik se pèmèt elèv lekòl yo gen aksè ak resous nimerik oswa materyèl pedagojik pou yo etidye, prepare egzamen epi reyisi ane lekòl la.
Ki jan m ka ede?
Si w vle fè yon Don pou w soutni konkou a, tanpri klike sou lyen sa:
https://www.paypal.com/donate/?hosted_button_id=F2VCD5L6TE6ZJ
Si w vle vin yon Sponnsò, tanpri kontake nou sou [email protected].