02/09/2024
+1 😍💥🥳
MOBI CREATIVE est une plateforme de formation en ligne.
02/09/2024
+1 😍💥🥳
05/07/2024
𝐘𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐞̀𝐲 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐯𝐢𝐧 𝐤𝐫𝐞𝐝𝐢𝐛 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐧𝐢 .
Se pou w pase de kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨" a kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈" .
Kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨": Kijan pou fè 50 000 goud sou entènèt.
Kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈": Ki jan mwen fè 50 000 goud sou entènèt.
Nan premye ka a, ou bay yon konsèy ke nenpòt moun ka fè yon rechèch sou Google pou fè menm kalite pòs sa a.
Epitou kisak di konsèy sa fonksyone ?
Eske ou te eseye li deja?
Nan dezyèm ka a , ou pataje yon eksperyans , ou aplike li epi li fonksyone.
Lè sa ou vin kredib , menm si yon lòt moun fè menm bagay la, eksperyans yo pap menm
Si ou pa gen okenn eksperyans pou pataje, chanje kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨" an kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈 𝐰𝐢𝐥𝐥" .
Olye de " Kijan pou fè 50 000 goud sou entènèt “
di pito "ki jan mwen pwal fè 50 000 goud sou entènèt ".
Lè sa ou vin gen yon plan aksyon , yon defi.
Nenpòt rezilta ou ta va jwenn nan defi sa ,wap gen yon eksperyans pou w pataje .
Ou dakò avèm ?
04/07/2024
, anpil miltimilyonè ak antreprenè toujou afiche kontni sou entènèt pou pataje lide ak eksperyans yo.
Nan peyi nou , anpil moun toujou panse ke rezo sosyal yo se zouti distraksyon oswa yon gaspiyaj tan.
Pandan plizyè milyon jèn sèvi ak medya sa yo yon fason responsab epi chèche bon enfòmasyon pou devlope tèt yo.
Nan rezilta, nou seryezman manke resous nan anpil domèn
Paske majorite ayisyen ki gen mwayen ak enfòmasyon yo egoyis , yo pap pataje sa yo konnen yo avèk nou.
Afiche kontni sou medya sosyal se pa sèlman pou jwenn kliyan.
Kèlkeiswa tit ou ak nivo entèlektyèl ou , ou siman gen enfòmasyon ki ka chanje lavi lòt moun.
Pataje opinyon w ak konesans ou sou entènèt la. Pa rete nan silans ou .
15/06/2024
Challenge 90 jou kreyasyon kontni an ap fè chemenl 😊
Siw se yonn nan patisipan yo , di nou ki nimerow ye nan challenge lan 🤗
Kreyasyon kontni sou entènèt se tout yon PROSESIS
pouw reyisi sa ap mande pouw gen yon bon mantalite.
Nan videyo sa nou eksplikew kisa yon MANTALITE ye e konbyen tip de mantalite ki genyen 🤗
08/06/2024
KISA WAP FÈ POU WEEK-END NAN ? 😊
03/06/2024
Pandan 90 jou Mobi Creative ap akonpanye 90 jèn nan zafè kreyasyon kontni sou entènèt 🙌
23/05/2024
80 Challengers gentan enskri deja 🤗
Kisa w ap tann pou w rejwenn nou ?
Ebyen kouri vit enskri gratis ti cheri.
Klike sou lyen WhatsApp sa pou plis enfòmasyon 👇
https://wa.me/message/BQ5JI5WHTO4UA1
05/05/2024
Men sipriz nou tap tann nan 🙌
👉🏼Ou gen yon pwodwi ou anvi vann?
Ou gen konesans ou ta renmen pataje?
Ou anvi fè moun ri sou rezo yo?
Ou anvi vann tèt ou?
Ebyen se moman pa w. Pandan twa mwa, nou pwal plonje nan yon gwo eksperyans ou p ap regrèt 🏊♂️
Kote nou pwal kreye kontni ansanm sou Facebook ak TikTok.
Kit ou genyen yon prodwi / sèvis w ap vann sou entènèt la
Oswa ou gen konpetans nan yon domèn espesifik, defi sa a se pou ou!
👉N ap pran 90 premye moun ki enskri yo nan defi sa.
Nou pa ka tann pou nou wè lide ou yo k ap dekole epi kreye yon kominote kole sere ak enspirasyon ansanm.
Sonje kreyasyon kontni se pi meyè kanal pou w ka vann talan w oswa prodwi w genyen yo. 🤗
Kisa w ap tann? Ebyen kouri vit enskri gratis ti cheri.
Klike sou lyen WhatsApp sa pou plis enfòmasyon 👇
https://wa.me/message/BQ5JI5WHTO4UA1
Pa tann ou gen gro materyèl pouw kòmanse kreye kontni sou entènèt la
Siw vle konn plis kite yon kòmantè 👇👇
29/02/2024
𝐋'𝐞́𝐯𝐞𝐢𝐥 𝐜𝐫𝐞́𝐚𝐭𝐢𝐟 𝐬𝐮𝐫 𝐬𝐦𝐚𝐫𝐭𝐩𝐡𝐨𝐧𝐞 𝐜𝐨𝐦𝐦𝐞𝐧𝐜𝐞 𝐢𝐜𝐢!