Évolution

Évolution

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Évolution, Enseignement supérieur, Route national #1, Port-au-Prince.

28/03/2022

DAPRÈ OU,KISA TONBE AN KOMA(coma) A YE ?

Lèw fin li tèks la, wa di nou nan kòmantè a saw te panse e kisaw aprann de nouvo !!!!!!!

COMA
Se yon syndrome (yon ansanm de koz klinik) ki karakterize par yon nivo konsyans trè trè diminye, dè fwa li konn baw yon ide de si moun nan ap viv ou mouri . Akoz gen plizyè nivo , yo kategorize li konsa :

- Coma Vigil :
Lè moun nan pa twò ajite , epil reponn ak kèk saw mande’l

-Coma Carus :
Moun nan on ti jan lwen , li pa two reyaji menm kew zongle li , oubyen fèl bagay ki te ka fèl mal

Coma Dépassé :
Moun nan pa reyaji menm , e li difisil poul retounen nan bon sans li ankò

KISA KI KOZ SA ?

Anpil bagay konn fè moun tonbe an koma , e se sel lopital pouw kouri , peut-être lè yo fin wè kisa ki fè sa , siw rive à temps , selon klasifikasyon an la gen yon chans

NOU GENYEN :

AVC (accident vasculaire cérébral)

Comas métaboliques (lè suk ou monte twòp , lè li desann twòp , yon pwoblèm nan foie ka abouti ak li...)

Coma post traumatique (Siw fè yon aksidan , oubyen ou te fè li , epi kriz la pranw. Siw frape fò nan tèt ak nenpòt bagay...)
Coma Toxique (Siw ta bwè anpil medikaman , epil baw overdoses . Siw ekspoze ak dioksid de kabòn, gaz lakrimojèn, ak dwòg ..)

Coma Convulsif (Siw ta gen yon fyèv ki trè wo , kriz eklamsi, kriz épileptique sa yo rele malkadi a,yon kriz isterik...)

POUKISA TÈKS SA ?

nou vini poun sansibilize ou pouw toujou kouri pran wout lopital lèw wè yon moun pèdi konesans.
Trase vèvè , rele Jezi, enpòtan vre tou depan de kwayans ou, men pa janm bliye premye refleks lan se wout lopital li ye .

NOU ESPERE’W TE RENMEN TÈKS LA , NAP DIW A BYENTO POU YON LOT RIBRIK...

15/03/2022

Konsèy nou pote pou ou lè gen [( CONFLIT/Konfli)]

Konflit se yon guerre d’idée literal oubyen ki fè an aksyon , yon opozisyon de youn ou plizyè moun ki ka pote anpil emosyon tankou : peur , tristesse , rancune , dégoût,violence...

Men fòk nou diw tou , li normal pou toujou gen konfli paske tout moun pa gen menm edukasyon , tamperaman , chak moun wè bagay yo yon fason .
SE JANW PRAL JERE KONFLI A KI ENPÒTAN , nou gen plizyè egzanp de konfli
1) Lot ak Abraham (genèse 13)
2) OTAN vs OTSC (Russie , Chine , Venezuela Vs États Unis...)
2) Konfli relijyon (katolik , pwotestan,temwen,advantis..)
4) konfli tè
5) konfli pouvwa ( gouvernement et opposition)

NB : depi gen evolisyon fòk gen konfli , sak enpòtan , se kijan ou pral jere li .
DEPIW RESPEKTE METÒD SA YO , mgaratiw selon konfli ou ye a , nap arive jere li , e lap fini byen

1) Kiyes ki dwe pran lapawòl pandan moman an ?
gen moun ki pa gen langaj, olye amelyore lap agrave bagay yo)

2) Komanw dwe pale ?
Fè sa ak respè , ou pa pè moun nan , men pa vekse li tou

3) Konn kisa pouw di !
pa di plus , ale dwat sou pwoblem nan epi ak prekosyon

4) Pale pi bonè ke posib
siw fè tout san sot di yo , lèw pran lapawòl avan , li kalme moun, e evite dezas

5) Evite entèferans
siw pale , epi gen lòt moun kap pale , lap fè , youn pral vle kouvri , sa ka rive nan goumen

Nou espere tèks la te aprann ou , nap tann kòmantè ak sigjesyon yo .

12/03/2022

C’est pas sorcier , il suffit de savoir comment faire .
1Kg d’aubergines
1Kg de tomates
500grammes d’oignons
Huiles , sels , ails , poivre , persil , 1pot de crème fraîche (pour 6personnes)

Faire un fond de pate brisée .
Piquer cette patte avec une fourchette en la disposant dans une tortiere

Faire revenir les tomates et les oignons dans de l’huile.

Dans un autre récipient, faire venir les aubergines que l’on aura faire d’ergorger au préalable dans de l’eau vinaigrée

Disposez sur le fond de la tarte une couche de tomates , une couche d’aubergine , et terminer l’opération avec de la crème fraîche .

Faire cuire à four moyen 30 a 40 minutes (thermostat entre 7 et 8 )

MB : Servir tiède .
Bon appétit à tous ...
On vous attend pour les critiques et suggestions, partagez si vous aimez la publication !

12/03/2022

CANCER DU COL DE L’UTÉRUS :

Gen anpil bagay ki ta dwe di sou sijè sa a , ki tap anviwone konesans tout tip de moun nèt , men nap rete sou esansyèl yo , si posib nou ka fè deba nan kòmantè yo .

Kansè kòl , se yon maladi ki sanse fin disparèt nan tout peyi devlope yo , akoz ke fi yo pran sa o serye e tou , gen kanpay pou evite sa refè sifas.

Li koze pi souvan pa rapò ak yon virus ki rele
se plizyè selul anòmal ki al retwouve yo nan kòl matris la (utérus) , pati ki fè jonksyon ak bouboun fi a , transfòmasyon selul sa yo fèt trè lan , sa ki baw tan pouw evite sa (10 a 15 âne)

KISA KI KOZE MALADI SA A :

1- lèw fè bagay twò bonè
2- lèw gen plizyè moun wap fè bagay san kapòt ki gen risk pou transmèt ou li
3- (micro traumatisme) lèw fé sèks brital souvan epiw toujours ap gen ti blese (micro lesions)
4- lèw ap plede gen enfeksyon tanzantan
5- lèw fòme twò bòne
6- lè règ ou fini twò ta
7-héréditaire

KISA NOU KA FÈ POU EVITE LI

1- al fè pap test
2- al pran vaksen ki ap diminye risk pouw pran li an , sitou Siw te gen famiw ki genyen li
3- gen yon sèl patenè , e fòk patenè a genyenw selman tou
4- evite fè bagay san kapot
5- al lopital siw toujou ap gen enfeksyon vajinal ..ect

NB : Gason ka pran vaksen an tou , koz menm virus HPV sa a konn bay menm pwoblem nan gòj tou parapò ak pratik sèks buccogénitale (ti bèf)

Nou espere ou te renmen tèks la , nap tann komantè kritik ak sugjesyon yo

28/02/2022

SAW DWE KONNEN DE VITILIGO :

_ li touche plis gason ke fanm
_ depiw genyen li , li ka baw kansè po , pa rapò ak reyon ultra violet solèy la

_ Epi gen plizyè tretman , selon type de vitiligo ou genyen an

POU TRETMAN YO :

° genyen ki stabilize depigmantasyon an

° gen pomad ki ka repigmante li

° gen sa ki aktive sou globule blanc yo pou sispann atake melanocytes yo

° greffe des melanocytes

° DEPIGMENTATION COMPLÈTE :
se li Michael Jackson te pran kòm tretman . nan stad sa a se lè majorite kòw atake 50% , epiw reziyew ou pase yon krèm ki fèt pou sa , sou yon nombre de période . Sof ke peau a ap extrêmement sansib ak reyon solèy la (rayons ultraviolets)

Nou ret kwè teks la te few plezi , siw trouve se enpotan , pa bliye pataje'l tou .

27/02/2022

Post sa a pou tout moun ki ta renmen gen yon ide de système tégumentaire , sa vle di peau nou , kijan li fonksyone (elèv , etidyan , pèsonèl santé ,travayè , an jeneral tout moun ki ap itilize facebook

LA PEAU :

peau , se organe ki pi lourd pi gwo nan corps humain aprè foie . li okupe tout espas ki sou kò , e jwe yon wòl trè esansyèl nan kò humain an .

PEAU A GEN PLIZYÈ KOUCH :

Gen liv wap jwenn ki di se 2(épiderme, derme) , gen lot ouvrav kap diw se 3(épiderme, derme,hypoderme) . Chak kouch sa yo(basale,épineuse,granuleuse, couche claire,cornée) forme de youn oubyen plizyè cellule :

1- CELLULE KERATINOCYTE :
li nan épiderme nan ,li pwodwi kératine ki se yon protéine ki pwoteje peau a kont chaleur , mikwòb kap rantre ak pwodwi chimik

2- MELANOCYTES :
yo bay mélanine , ki responsab koulè peau a , e ki absobe reyon solèy(ultra violets)la ki pa fin bon pou peau a

3- CELLE DE LANGERHANS :
li se youn cellule ki asure système immunitaire peau a pa rapò ak monde extérieur la

4- cellule MERKEL
ki se yon récepteur sensoriels , se li ki an kontak ak yon neurone ki rele CORPUSCULE TACTILE NON CAPSULÉ , ki koz menm yon ti foumi pase sou ou pouw santil

FONCTION DE LA PEAU :

1_ THERMORÉGULATION ( lè li fè cho , trou nan kò nou yo louvri pou aéré , lè li fè frèt yo ferme)

2_ PROTECTION
Keratinocytes yo ki nan tout kouch kò a , sak anba yo lè yap monte yo perdu noyau yo , yo aplati , epi epi yo vin parèt tankou chapo pou evite dlo ak tout mikwòb rantre...

SYNTHÈSE DE LA VITAMINE d :

Vitamin D ki bon pou kò a , lèw wè yon moun konn rete le maten nan solèy kisak vin pase :
Reyon solèy la aktive yon précurseur nan po a , aprè foie ak reins an , gen yon enzyme ki pral modifye précurseur ki nan po a ki pral pwodwi vitamin D a

Gen anpil trouble cutané nou pral etale avèw , saw rankontre deja ,saw konn tande , e sa ou peut-être soufri deja , nou espere wap kontan , konprann epi pataje post la

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Route National #1
Port-au-Prince