17/07/2023
Li pa yon bagay ki nouvo pou pèsòn pou w ap mache nan lari a epi w kwaze ak yon moun ki pèdi bon sans li, k ap kouri, voye wòch nan lari a. An jeneral, nou rele moun sa yo «moun fou», «tèt pa dwat», elt.
Fenomèn sila a, se yon twoub sikolojik yo rele nan lang franse a «démence».
Nan ribrik jodiya, nou pote pou ou yon istwa tou kout ant Ti Jak, Jan ak Marie ki t ap f on ti bat bouch sou koze a.
Nou envite w aprann pandan w ap li istwa sa epi, pa ezite ekri nou pou sijere n lòt twoub ou ta vle nou abòde.
Jan nou te di l, nou retounen e djakout nou plen pou n pataje moso lakonesans ak ou.
•
•
•
•
•