22/10/2024
se yon pla ayisyen ki fèt ak lam veritab epi sòs kalalou gonbo. Kontrèman ak lòt moun, Kòdon ble advantis yo fè sòs kalalou a ak pwason sèch osnon vyann bèf. Pou yo prepare lam nan, yo bouyi l, apre sa yo pile l nan gwo pilon. Anpil moun di non pla a sòti nan son pilon an bay lè lam nan ap pile a " ". Se yon pla tradisyonèl ayisyen ki pran nesans nan vil Jeremi nan depatman Grandans. Listwa rapòte nan epòk kolonyal, se yon pla popilasyon ayisyen an te konn konsonmen prèske chak jou, sitou jeremyen yo, akòz depatman sa a te toujou chanpyon nan pwodiksyon lam veritab. N ap fini pou n di w, aprè , genyen yon latriye lòt pla yo ka fè ak lam veritab.
N ap tann ou nan la nan lakou a, vin manje ak nou !
Kontakte n pou enfòmasyon ak si w vle ekspoze : 3773 7400/ 3865 6440.