30/10/2023
Maladi pawodontal( MP)
Definisyon: se yon maladi ki devlope nan bouch moun ki detwi jansiv avek zo ki kenbe dan( os alvéolaire)swivan sa chèchè yo fè konnen maladi sa evolye lan anpil , li pral montre li la se sou plizye ane ,le sa lap gentan fe petet fe anpil dega ...yo ale pi lwen pou di se nan laj 30ane li montre tet li .Li kapab la ou pa menm konnen siw pran swen bouch ou byen konsa tou li kapab la ou konnen.
Se sak fe li ap enpotan anpil pou vizite dantis o mwen yon fwa nan yon ane oubyen jan sa dwe fet chak 6mwa ,ou pito jan dantis ou a mandew sa!
Kisa ou kapab we lew genyen maladi sa?
1) Ou k remake jansiv ou ap bay san ,swa lew ap manje,lew ap bwose elatriye
2) pafwa jansiv la konn pa senyen tou non li selman paret anfle
3) ou k remake jansiv la ap fe bak ,rasin dan yo komanse paret
4) dan yo konn ap kreye espas nan mitan yo
5) dan yo komanse sekwe ak anpil lot anko
La anko se yon dantis ki pral edew ak bon jan tretman ,epi fe ijyenis dantè a konpanyew chak jou pi byen.
Kisa ki koz?
Se pi souvan Bakteri ki koz moun gen maladi pawodontal,vin jwenn ak plak dantè ki rete swa sou dan oubyen anba jansiv la.
Pafwa se kek medikaman ke nou konn ap konsome pou yon maladi.
Konsa tou se petet yon maladi ki lakoz tankou ,dyabetik yo ,moun ki gen pwob kè yo elatriye ( youn aji sou lot MP / cardiovasculaire)
Konsa tou k se yon deregleman òmonal ki konn koz ak anpil lot anko /stress/gwoses elatriye
NB: konsilte paj Dr GENEUS Berly pou plis detay sou kisa ki dyabet la.
Kisa ou kapab fè pou anpeche oubyen trete maladi pawodontal?
Tankou mwen t di anle a ,ale kay yon dantis o mwen yon fwa nan yon ane
Depi ou ta remake prezans san nan bouch ou san blese ale vit vizite yon dantis
Fanm ansent yo tou
Moun ki gen maladi s*k pi bon fason pou trete epi évite gen maladi pawodontal se vizite yon dantis jan sa dwe ye.
NB : nan pwochen nimewo yo nou ap wè ansanm kek maladi pawodontal !
Mesi se la nou mete fen ak rezime nimewo pou semenn nan
Nou swetew pase yon bon semenn pandan wap swiv epi aplike bon jan prensip ijyèn dantè yo!
Vaut mieux prévenir les maladies que de les guérir !