15/08/2026
RANMASE NOUVÈL SEMÈN LAN SOTI LENDI 10 POU RIVE SAMDI 15 DAWOUT 2026.
1. POU SA KONGRÈ BWAKAYIMAN REPREZANTE POU PÈP AYISYEN AN, YON JOU FERIYE PA ASE.
NAN OKAZYON 235ÈM ANIVÈSÈ KONGRÈ BWAKAYIMAN 14 DAWOUT 1791-14 DAWOUT 2026, PÈP AYISYEN AN DWE MANDE TÈT LI, KI KOTE NOU YE NAN BATAY ZANSÈT NOU YO TE KÒMANSE NAN LIT POU LIBERASYON PEYI A ? YON DEKRÈ LWA POU KLASE 14 DAWOUT KÒM JOU FERIYE PA ASE, POU SA KONGRÈ BWAKAYIMAN REPREZANTE POU PÈP AYISYEN AN.
Tankou sa fèt chak lane, gen plizyè aktivite nan divès sektè pou make 235èm anivèsè kongrè Bwakaiman an. Gen plizyè òganizasyon ki reyalize konferans deba sou enpòtans senbolik ak istorik kongrè Bwakayiman genyen pou pèp Ayisyen an. Nou jwenn divès aktivite kiltirèl ak atistik pou make dat la.
N ap raple : KPT (Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon) an nan yon dekrè lwa li te pran nan dat 11 desanm 2024 la, klase ofisyèlman 14 dawout kòm yon jou ki pa gen travay ni nan administrasyon prive ni nan administrasyon piblik la. Pandan dirijan Ayisyen yo te pase plis pase 200 lane ap fete 15 dawout kòm fèt legliz katolik, yo pa t fè anyen pou make 14 dawout la. Nan sans sa a, pran yon dekrè lwa ki klase 14 dawout kòm jou feriye, nou kwè se te yon bon dsizyon. Men, nou kwè sa pa ase pou enpòtans kongrè Bwakayiman genyen pou pèp Ayisyen an. Aktivite pou make dat sa a, dwe pran yon dimansyon nasyonal.
2. CHOFÈ MOTO TWAWOU YO MANIFESTE KONT DESIZYON MERI PETYONVIL PRAN POU ENTÈDI YO SIKILE NAN MITAN VIL LA.
PLIZYÈ DIZÈN CHOFÈ MOTO 3 WOU MANIFESTE MADI 11 DAWOUT 2026 LA NAN KOMIN PETYONVIL, POU PWOTESTE KONT DESIZYON MERI A PRAN, POU ENTÈDI YO SIKILE NAN SANT VIL LA. LIMIT YO DWE RIVE SE DÈLMA 95. CHOFÈ YO MANDE MERI A POU BA YO YON ESPAS PIPRE PETYONVIL POU YO RIVE.
Manifestasyon plizyè dizèn chofè moto 3 wou nan komin Petyonvil madi 11 dawout la, pou denonse epi pwoteste kont desizyon meri Petyonvil pran pou entèdi yo sikile nan sant vil la. Chofè yo fè meri a konnen : timoto 3 wou yo, se yon mwayen transpò yo sèvi kòm travay pou okipe tèt yo ak fanmi yo. Chofè moto 3 wou yo denonse polisye k ap rache plak moto yo epi sezi plak yo. Yo raple, se travay y ap travay pou anpeche anpil nan yo tonbe nan gang viv ansanm, pou al fè zak kidnapin ak touye moun. Manifestan yo mande pou meri a ba yo yon lòt espas pou yo fonksyone.
N ap raple, se chofè moto 3 wou ki travay nan sikwi Piblen Djoumbala, ki rive Petyonvil. Yo fè pasaje peye kous la 125 goud. Chofè yo raple, se lwe yo lwe timoto 3 wou yo pou 3500 goud pa jou. Fòk yo travay pou peye mèt moto yo, epi pou jwenn kòb pou okipe tèt yo ak fanmi yo.
3. PNH KRAZE AK KOUT GAZ LAKRIMOJÈN, YON MANIFESTASYON KONT GOUVÈNMAN ALIX DIDIER FILS-AIME A.
ANBA KOUT GAZ LAKRIMOJÈN, LAPOLIS NASYONAL D AYITI KRAZE YON MANIFESTASYON MÈKREDI 12 DAWOUT 2026 LA, DEVAN ANBASAD KANADA ANT DÈLMA 73 AK 75, NAN DEPATMAN LWÈS LA. MANIFESTASYON PLIZYÈ SANTÈN MOUN, KI T AP MANDE KOUKASASYON POU RANPLASE GOUVÈNMAN ALIX DIDIER FILS-AIME A.
Plizyè santèn moun te pran lari mèkredi 12 dawout 2026 la, nan yon manifestasyon ki t ap mande demisyon gouvènman Alix Didier FILS-AIME a, epi mande ba yo lakou kasasyon pou dirije tranzisyon an. Lè manifestan yo rive devan anbasad Kanada ki chita ant Dèlma 73 ak Dèlma 75, lapolis kraze manifestasyon an ak kout gaz lakrimojèm. Lidè ki te lanse manifestasyon an, pa gentan bay mesaj yo te vle fè pase a.
Kraze manifestasyon pasifik, se sa polis nasyonal la fè pibyen. Ou ta di, se sa ki ekri nan misyon lapolis la « represyon kont manifestan ». Poutan, lè gen moun ki pran lari a pou rele viv Alix Didier FILS-AIME, lapolis byen akonpaye yo. Ki donk, Vladimir Paraison fè lapolis la tounen yon zouti politik nan men gouvènman Alix Didier fils-aime a. Aòske, peyi a nan yon sitiyasyon ensekirite san parèy, lapolis menm ap fè travay politisyen. Mete sou sa, gen anpil polisye ki nan gang kriminèl viv ansanm yo, ki nan kidnapin. Si gen polisye onèt nan lapolis la, fòk yo demontre sa.
4. MANM BEK AK BED MENASE BLOKE ELEKSYON AN SI LETA PA PEYE YO DÈT LI DWE YO.
NAN YON KONFERAN POU LAPRÈS AJAN ELEKTORAL YO BAY MADI 11 DAWOUT 2026 LA, YO ANONSE 469 MANM BEK (BIWO ELEKTORAL KOMINAL) AK BED (BIWO ELEKTORAL DEPATMANTAL) AP BLOKE ELEKSYON AN, SI GOUVÈNMAN ALIX DIDIER FILS-AIME A PA PEYE YO 45 MWA TRAVAY LETA DWE YO.
Nan yon konferans pou laprès reprezantan ajan elektoral yo bay madi 11 dawout 2026 la, yo anonse 469 manm BEK ak manm BED pral bloke eleksyon an, si gouvènman Alix Didier FILS-AIME a pa peye yo 45 mwa salè Leta Ayisyen dwe yo. Reprezantan BEK ak BED yo raple gouvènman an, kapasite yo genyen pou bloke eleksyon an nan tout peyi a. Nan sa a, ajan elektoral yo lanse yon apèl bay prezidan KEP a, pou l respekte pwomès li te fè yo.
Daprè avoka manm BEK ak manm BED yo, gen anpil gagòt lajan k ap fèt nan KEP a. Alòske, Leta dwe 469 malere 45 mwa travay, li refize peye yo. Se poutèt sa yo mobilize pou fòse gouvènman Alix Didier FILS-AIME peye yo. Yo deklere :se sou kadav nou pou gouvènman sa a ta pase, pou ta fè eleksyon yo. N ap raple 26 jiyè 2026 la, KEP a piblye kalandriye elektoral 2026-2027 la, ki prevwa premye tou eleksyon prezidan 13 novanm 2026, dezyèm tou a pou 21 fevriye 2027.
Pou tout sitwayen Ayisyen konsekan, pa gen okenn kondisyon ki reyini pou bon eleksyon fèt nan peyi a. Si gouvènman an ta fè yon eleksyon pa ta gen yon gwo masak, konnen se gang yo ki pran pouvwa a. Ki donk, sa KEP ak gouvènman an ap prepare la a, se yon eleksyon pike kole, yon eleksyon malatchong. Gen nesesite pou tout patriyòt, tout pwogresis ak revolisyonè yo, bloke maskarad k ap fèt la. Epi, pran dispozisyon pou gen eleksyon onèt ak kredib ki fèt nan peyi a.
5. GANG VIV ANSANM YO FÈ YON NOUVO MASAK NAN ZÒN FÒDIMANCH.
GANG VIV ANSANM YO FÈ YON NOUVO MASAK VANDREDI 7 DAWOUT 2026 LA NAN ZÒN FÒDIMANCH NAN KOMIN SITE SOLÈY NAN DEPATMAN LWÈS LA, KOTE YO TOUYE YON KENZÈN MOUN. NAN MOMAN GWOUP GANG YO T AP GOUMEN, YO TOUYE MOUN EPI YO BOULE PLIZYÈ DIZÈN KAY.
Yon lòt fwa ankò, gang viv ansanm yo fè yon nouvo masak, kote yo touye yon kenzèn moun nan zòn Fòdimanch nan komin site solèy nan depatman Lwès la. Se yon batay ki pete nan zòn la nant gang Mikanò ap dirije a ak yon lòg gang, kote yo touye moun nan popilasyon an epi mete dife nan plizyè dizèn kay.
Se aprè masak la, polis nasyonal d Ayiti ak GSF (Force de Répression des Gangs) debake nan komin Site Solèy la, ki fè gang yo fè yon kanpe sou zak kriminèl yo. Tankou yon pwovèb kreyòl di :yo kite chwal fin pase, epi y ap rele fèmen baryè. Li klè chak jou pilis, pwoblèm ensekirite Etazini, gang yo ak gouvènman Ayisyen kreye an Ayiti a, se yon gwo biznis pou yo fè lajan epi kenbe peyi a nan enstabilite. N ap raple, gen plis pase 200 militè Kenya ki pase anviwon 10 mwa ap touche lajan san reyalize anyen nan peyi a. Depi avril 2026, GSF la antre an Ayiti, swadizan pou vin konbat gang. Se toujou touris ki vin pran plezi yo nan peyi a. Mete sou sa, gen lapolis ak lame, ensekirite a la pirèd. Jan nou toujou di sa : pèp Ayisyen an dwe endiye epi revòlte kont pwoblèm ensekirite a. Se la vrè solisyon an chita.
N ap raple : nan lannuit 6 pou rive maten 7 oktòb 2024 la, chèf gang Micanor Altès (alyas Wa Mikanò) te fè yon masak sou Waf Jeremi nan komin Site Solèy, kote li te touye plis pase 180 moun.
6. OTORITE ETAZINI PA GEN DWA TRETE MIGRAN AYISYEN KÒM KRIMINÈL.
ICE (IMMIGRATION AND CUSTOMS ENFORCEMENT) NAN PEYI ETAZINI ARETE MIGRAN AYISYEN YO, MINOTE YO EPI METE BRASLÈ ELEKTWONIK NAN PYE YO, METE YO NAN AVYON POU RETOUNEN AN AYITI. OTORITE IMIGRASYON ETAZINI YO TRETE MIGRAN AYISYEN YO TANKOU KRIMINÈL.
Chak jou ajan ICE ap kouri dèyè Ayisyen nan lari, nan espas kote y ap travay, pou arete yo, minote yo epi mete braslè elektwonik nan pye migran yo. Ajan ICE konn fè vyolans sou Ayisyen yo pandan moman arestasyon yo. Se yon machin represyon gouvènman Donald TRUMP lan mete kanpe pou pase sou kadav migran Ayisyen yo. Se yon vrè kanpay rasis gouvènman ekstrèm dwat fachis la ap mennen kont Ayisyen k ap viv nan peyi Etazini. Malerezman, gen anpil Ayisyen ki pran nasyonalite ameriken, ki pa fè solidarite ak migran Ayisyen yo.
Migran Ayisyen k ap viv nan plizyè Eta nan peyi Etazini, pa bay legen. Yo kontinye menmen batay la, y ap fè rezistans pou fòse gouvènman donald TRUMP lan retounen sou desizyon li pran pou kanpe TPS la (Temporary Protected Status).
N ap raple : nan dat 26 jwen 2026, 6 jij sou 9, deside dakò ak desizyon gouvènman Donald TRUMP lan pran pou kanpe sou pwogram TPS la. Gen nan 6 jij konsèvatè ekstrèm dwat sa yo, se Donald TRUMP ki te nonmen yo nan premye manda l 2017-2021.
Popilasyon Ayisyen an endinye lè n ap gade konpòtman ki mele m, gouvènman Alix Didier FILS-AIME a devan kalite imilyasyon gouvènman Donald Trump lan ap bay migran Ayisyen yo. Popilasyon an Ayisyen an dwe mobilize pou fòse gouvènman Ayisyen an pran pozisyon pou defann migran Ayisyen yo anfas rejim teyoris Donald Trump lan.
7. KOLONBI : APRÈ KATASTWÒF POLITIK EKSTRÈM DWAT LA, TÈ A TRANBLE.
PLIZYÈ SANTÈN MOUN MOURI PLIZYÈ MILYE LÒT DISPARÈT APRÈ TRANBLEMANTÈ 7,4 KI FRAPE PEYI KOLONBI LENDI 10 DAWOUT 2026 LA. OTORITE YO KWÈ, MOUN KI MOURI YO TE PLIS KONSANTRE NAN VIL CALI, PEREIRA, MANIZALES AK QUIBDO.
Daprè otorite nan peyi Kolonbi, gen plizyè santèn moun ki mouri, plizyè milye lòt moun disparèt aprè yon tranblemantè 7,4 te fin frape peyi a lendi 10 dawout 2026 la. Toujou daprè otorite yo, se vil Cali, Manizales ak Quibdo, ki gen plis moun ki mouri. Gen plizyè milye kay ki kraze ak andomaje. Otorite yo ak popilasyon an ap fè anpil mobilizasyon pou jwenn moun ki anba dekonb ki poko mouri.
Popilasyon Kolonbi an ap fè solidarite ak moun ki viktim yo. Popilasyon Ayisyen an, mouvman sosyal ak popilè Ayisyen an mande pèp kolonbi a resevwa solidarite nou. Nou konsidere gen yon gwo katastwòf politik ki sot frape peyi Kolonbi, lè Abelardo de la Espriella, ekstrèm dwat la sot genyen dènye eleksyon yo. Tranblemantè sa a ap pèmèt kapitalis dezas la ranmase plizyè milya dola ameriken, sou non popilasyon an, pou yo itilize kont popilasyon an.
Dèlma, Ayiti, 15/08/2026
Ajans Près Popilè Ayisyen (APPA)