06/09/2026
Avèk anpil fyète nou kontan anonse CDEJ HA0981 ranpòte tit CHANPYON JENI TIMOUN, kategori 15–22 an, nan 12èm edisyon Jeni Timoun, Cluster Carrefour-Léogâne, Bloc Léogâne!
Viktwa sa a se rezilta konesans, travay, disiplin, konsantrasyon ak detèminasyon. Chapo ba pou tout jèn ki te reprezante CDEJ la avèk fyète nan bèl konpetisyon entèlektyèl sa a.
Yon gwo MÈSI pou tout jwè yo, Coach nou, Staff ak Administrasyon CDEJ la, epi pou tout fanatik ki tap sipòte e ankouraje nou.
Siksè sa a se pou nou tout!
CDEJ HA0981 CHANPYON JENI TIMOUN 2026! 🏆
Compassion Haiti Page Officiel du Cluster Carrefour/Léogâne Cluster Jacmel