Collège Saint André de l'Eglise Episcopale d'Haiti ( Hinche)

Collège Saint André de l'Eglise Episcopale d'Haiti ( Hinche)

Partager

In 1982, two students from All Saints Episcopal Day School, who were also members of St. Andre’s parish and school. Andre’s students and parish members. Andre’s.

Dunstan’s Church, traveled to Hinche, a city of 30,000 in the Central Region of Haiti, and established a relationship with St. The relationships that were established, the observations that were made and the needs that were identified became the seeds of our ministry which flourishes today. Parish members travel to Hinche on a regular basis to show our love and support for the struggles of St. In

13/01/2018
30/10/2017

Lèt tou louvri pou Reveran Père BERNIER NOÉ, direktè kolèj (Saint-André), église épiscopale de Hinche.

Reveran, mwen retire chapo m byen ba pou m salye travay trè konsiderab wap fè nan tèt pawas la, espesyalman kòm direktè kolèj Saint-André nan vil Ench. Mèsi pou lanmou ou mete nan akonplisman tach sa.
Mwen se Djimy Ducasse, m se pitit vil Ench, ansyen elèv kolèj Saint-André. Mwen fè klas twazyèm rive nan filo nan kolèj la, kidonk Saint-André vle di anpil pou mwen, li kontribye nan fòmasyon m. Sou pwen sa, map tou salye (Institution mixte fondation chrétienne de Hinche) ak (Petit Séminaire collège Saint-Martin de Porrès), ki yo menm tou kontribye nan fòmasyon m.
Reveran, mwen se jounalis, powèt epi m se etidyan sosyoloji nan inivèsite leta ayisyen an. Paralèlman mwen se yon jenn gason ki ap batay pou kontribye nan devlopman ak epanouyisman jèn Ench sou plan entèlektyèl ak kiltirèl.

Poukisa Mwen ekri w Reveran?
Li klè pou tout moun, sosyete nou an ap fin depafini. Valè moral prèske pa egziste sou ti bout tè sa ankò. Menm enstitisyon moral yo ap benyen nan imoralite. Legliz gen gwo pwen entèwogasyon sou tèt li, la fanmiy prèske pa kanpe sou anyen, lame pa egziste ditou, lekòl menm ta sanble fè menm kantite mal ak byen.
Malgre tout sa yon moun ka di sou lekòl, men lekòl kongreganis yo, te toujou rete referans. Referans nan sa yap ofri kòm enstriksyon, nan sa yap ofri kòm valè moral, nan sa yo enstore kòm prensip tou pou fonksyonman yo, elatriye.
Nan vil Ench, yon paran pat janm gen enkyetid pou kite pitit li ale nan fèt lekòl tankou (Saint-André, Saint-Martin, Sacré-Coeur de Papaye), paske fèt sa yo te reyèlman fèt elèv lekòl, fèt pou timoun ki pa gen aksè rantre nan yon (night-club) a 10è nan aswè. Men genlè van an ap vire, genlè nou kòmanse bay ti baryè lib.
M gen yon anpil lanmou ki marande ak yon dèt anvè lekòl Tankou Petit Séminaire collège Saint Martin de Porrès ak Collège Saint André, sa koz gen bagay depi m tande yo sou lekòl sa yo, mwen deplase al fè konsta.
Reveran, mwen fèmen je m sou 2012, 2013, 2014, 2015, 2016 paske mpat prezan nan moman sa yo, mpap pale sa m pa konnen, men mka diw jiska 2011 aprè m fin fè filo, (prélude) nan Saint-André kòmanse 4è nan aprè midi pou fini 8è nan aswè pou pita. Fèt lekòl la menm kòmanse depi 2è oubyen 3è, pou fini 9è, oubyen 10è nan aswè pou pita si tout fwa ta gen yon atis ki soti Pòtoprens. Jiska 2011, mpat konnen limyè konn ap etèn nan lakou Saint-André pou timoun yo ka danse. Jiska 2011, animasyon fèt Saint-André pat gen resanblans ak animasyon mwen menm kòm MC ofri lèm ap anime nan yon club, ni ak sa lòt MC ofri nan pwogram ti sourit yo. Jiska 2011, yon paran te ka toujou anpeche pitit li vin nan fèt Saint André depandamman de konsepsyon l de fèt epi fwa kretyèn li tou, men se pa paske fèt la ap kòmanse twò ta ni paske li konnen mizik timoun nan pral konsome yo ap gen move enfliyans sou li.

Eske an 2017 Saint-André chanje?
Mpa di wi li chanje, men pèmèt mwen diw reveran: Yè dimanch nan, mwen temwen, (prélude) nan Saint-André kòmanse prèske 8è nan aswè. A 9h38 lèm rantre nan lakou lekòl la, m mande eske se nan yon pwogram ti sourit m ye. A 9h58, youn nan animatè yo ki se elèv lekòl la ki ak yon pantalon ki pa menm ka rete nan sentil, mande pou etèn limye nan lakou a, lèm mande poukisa, li dim pou timoun yo ka enjoy sware a. A 10è lakou lekòl la fè nwa, limyè etèn pou bay yon pakèt timoun 12, 13, 14, 15, 16 lane pete chawa. Pa gen enspeksyon nan baryè a pou konnen kisa moun kap rantre nan baryè a genyen sou yo kòm alkòl, oubyen zam tou, elatriye.
Reveran, map kanpe la. Men map fini pou m diw, m konnen ou se yon moun ki responsab. Mwen konnen responsabilite w anpil tou, kidonk sa ka rive ou pa gen kontwòl sou tout ti detay andan kolèj la, men tanpri kreye yon ti tan pou w fè yon kout je sou aktivite festiv yo andan lekòl la.
Prèske tout enstitisyon andan peyi a prèske fin chavire, ann pa kite lekòl la chavire ak yo. Mpap fè tèt Mwen ilizyon, m konnen gen bagay kap fèt nan vil la ou paka anpeche yo fèt reveran, men ou ka anpeche yo fèt andan lekòl la. Yon lekòl rete yon lekòl.

Reveran BERNIER NOÉ, mèsi paske wap pote atansyon ak prewokipasyon m yo. Se pa yon pwovokasyon, men se pito yon plent. Se pa yon kritik, men se pito yon rèl soufrans ak enkyetid. Tanpri reveran, pa rete ap gade aktivite festiv andan lekòl la ap desann nan nivo sa.

Mèsi.

PS: Pa neglije mete non w epi pataje mesaj sa si tout fwa ou pa swete bagay yo dejenere nèt.

Djimy Ducasse
Ki jwennn tout Sipò SAINT-PREUX sterphenson ak H4T ki te reprezante yonn nan group ki toujou jwe nan lekòl yo ak respè ki etabli sou fonksyonman lekòl yo.

Photos 10/04/2013
10/04/2013

Choisissez un travail que vous aimez et vous n'aurez pas à travailler un seul jour de votre vie.

19/03/2013

« N’use pas de violence dans l’éducation des enfants, mais fais en sorte qu’ils s’instruisent en jouant : tu pourras par là mieux discerner les dispositions naturelles de chacun. »
Platon (428-348 av. J.-C.)

19/03/2013

« Enseigner, c’est apprendre deux fois. »
Joseph Joubert (1754-1824)

03/11/2012

Bonne fete a tous les Eleves du Petit Seminaire College St Martin de Porres....

01/11/2012

:) :) :)

Promotion 2010-2011 20/10/2012
Hinche 07/07/2012

Hinche Etre Hinchois c mon choix, jsuis fier d'etre Hinchois.. H4T.. Mc Phel Mc Wis, Mc VIC K-lulu Star-h Wildji42

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Hinche ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Site Web

Adresse


Hinche
509