19/11/2024
Mwen vle fè pataj sa ak ou, mwen estime li vo lapèn , li enpòtan pou w :
1) Konn kiyès BonDye ye
2) Konn kiyès BonDye fè w ye.
Lè w konnen premye a , san dezyèm nan , w ap limite, potansualite w ap bloke . Lè w konnen dezyèm nan san premye a , w ap fè pwogrè , men ògèy ap detri w, w ap vin lenmi BonDye paske l reziste ak ògeye.
Fè bonjan konbinezon an , ou menm. Aprann konnen ni BonDye ni ou menm .
Depi w gen bon enfòmasyon de potansyalite BonDye mete anndan w e konnen ki rapò ki egziste ant ou menm ak rès kreyasyon an , ou pap janm twouve rèv twò gran , sitiyasyon k ap pase Ayiti e nan lemond pap janm gen pouvwa pou fè w dezespere.
W ap plis wè tèt ou kòm yon sovè pou mond lan, olye w wè mond lan kòm yon menas pou vi w .
W ap konnen , se pa mond lan k ap fè w vin sa w dwe ye , men ou menm w ap fè de mond lan, sa w vle .
Gen yon sèl liv , ki kapab ede w mye sezi sa BonDye ye e fè w sezi kiyès ou ye, se Labib. W ap bezwen anseyan Sentespri pou w konprann li.
Pandan 6 mwa , pran abitid medite labib chak maten, w ap gen pou w mouvmante anlè pwoblèm mond sa .
Li pral pi fasil pou w kontwole aksyon w ak emosyon w , w ap plis mèt tèt ou.
W ap gen yon vèsyon pi pèfòman de lavi w , w ap kontan viv lajwa , byennèt, fòs, detèminasyon san parèy .
W ap viv avèk konviksyon tout batay ou yo ,ganye davans, anyen pap fè w kwè kontrè e l ap tounen reyalite lavi w .
Dezomè , ou pap sibi lavi , men w ap devni yon atizan de avni w .
W ap enfliyanse chak aspè lavi w nan yon nivo siperyè, relasyon w avèk BonDye ap gen yon lòt degre dentimite , paske BonDye revele l atravè pawòl li.
Dezi pou w viv jan BonDye vle a, ap ogmante chak jou pi plis. W ap gen gwo regrè lè w dezobeyi BonDye.
W ap fè fas ak pwoblèm avèk yon meyè atitid , w ap toujou anlè pwoblèm yo .
W ap mwens an kolè, w ap grandi nan imilite, pasyans ou ap ogmante, amou w ap ogmante, w ap sipòte moun plis , w ap sispann yon pwoblèm pou lòt moun , men de preferans yon solisyon , prezans ou ap toujou enpòtan.
W ap anvi ale nan peyi kote wa tout wa a, ye a, pou w kontinye al kontanple kiyès li ye tout bon, paske w ap pran plezi pou w kontinye konn kiyès li ye.
Anyen pap vo BonDye pou ou, BonDye ap devni premye priyorite w nan tout sa w ap fè, w ap yon vrè disip k ap kolabore san moun pa fòse w pou wayòm BonDye avanse .
Sousi Jezi te gen pou nanm nan, w ap pataje l tou. W ap renmen pechè a, malgre peche l.
Ofri tèt ou kado sa, Meditasyon Lapawòl . Se yon mwayen pou w fè mizajou de tèt ou , lakay BonDye.
Benefis yo ap plis ke ineksprimab!!!
Fr Salomon Ludnerson Weedley
37/ 52 Piblikasyon