01/01/2025
Soup joumou : yon senbòl, libète , endepandans, Konbit ak otonomi.
Bout Zile sa n'ap viv sou li jounen jodi a , tout moun konnen sel sou non Ayiti a, gen tout yon ansanm istwa ki make l kòm tèritwa,
jan jewograf Georges Anglade di sa , konprann tèritwa oubyen abite tèritwa se konn istwa l
konnen sa ki make l sou plan materyèl , senbolik ak estriktirèl.
An lagan, nap di pagen pèp ni peyi san senbòl, se senbòl yo ki ranfòse n , ki rann nou pifò, se nan yo nou resouse n poun rete kanpe lè tout bagay parèt sonm , lè lespwa vle disparèt.
Ayiti kòm tèritwa ki te sibi zak kolonizasyon blan ewopeyen yo (panyòl nan Yon premye tan epi fransè yo an apre)
Gen yon ansanm lit ki mennen pou rive libere peyi sa anba men sanginè ewopeyen sa yo .
Aprè kongrè 14 dawout 1791 lan , 22 dawout 1791 gen yon leve kanpe jeneral ki fèt kote depi aprè dat sa pagen okenn konsantrasyon esklavaj vrèman sou zile daprè sosyològ Jean Casimir,
18 novanm 1803 aprè kalòt marasa nou fin bay lame Napoléon an nan batay Vètyè a, nou vin yon pèp lib epi libè , kote premye janvye 1804 nou pral proklame endepandans sila sou plas Dam Gonayiv lan.
Se nan menm dat sa tou , Soup joumou an vin yon pratik kilinè pou pèp ayisyen an , ki jounen jodi a vin yon patrimwán , se yonn nan pi gwo senbolis nou genyen ki di n se yon pèp lib, ki di tou nou fè 1804 nou fèl nèt okenn moun sou latè pap ka efase sa nan listwa mond lan.
Soup joumou an , wè jou sou lobedyans Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur kise madanm, anperè Jean Jacques Dessalines premye jeneral antiliberal listwa epi premye chèf leta peyi Dayiti tou, nan dat premye janvye 1804 tou suit aprè proklamasyon endepandans premye repiblik nwa epi kouwònman premye revolisyon total ki rive akouche nan listwa nouvo mond lan.
Soup joumou an, anpil moun konnen sou non soup lendepans , se yon pla nasyonal nan peyi Dayiti , ki vle di pèp ayisyen se yon pèp lib , yon pèp ki endepandan, yon pèp ki granmoun tèt li nan tout dimansyon nèt.
Jann dil piwo a, soup lendepans lan wè jou nan dat premye janvye 1804, sa pa vle di avan sa , pat konn gen konsomasyon joumou oubyen soup joumou sou bout Zile a, avan premye janvye 1804, konsomasyon soup joumou an, te rezève pou opresè n yo , kote blan ewopeyen kite al kidnape nou sou bout tè lafrik nan kòmansman ane 1500 yo gras ak kòmès triyangilè a , pou vin mete n la pou travay pou yo
se yo menm sèlman kite gen aksè ak konsomasyon joumou nan koloni an, menm si se nou menm moun yo te redui an esklavaj yo,kite responsab semans ak kiltive joumou nan koloni an , men nou pat gen okenn aksè ak konsomasyon pwodwi sa.
Ebyen premye janvye 1804 , madan anperè Jan Jak Desalin te fè yon kokennchenn Soup joumou pou separe bay prèske tout ansyen esklavazize yo (nan langaj istoryen Jean Fouchard)
ebyen bwè soup joumou se yon siy ki di nou lib
nou pa esklav pèsòn, nou otonòm
men tou se yon senbòl inite ak solidarite, paske se yon soup ki fèt an kominote, sa vle di ak lide pou pataj menm , se senbòl lanmou ak inite nan mitan n kòm pèp.
Nan dat 16 Desanm 2021 , soup joumou ayisyen an relve nan ran patrimwán kiltirèl epi imateryèl limanite pa UNESCO.
soup joumou an kòm senbolis li mache kòt a kòt ak lendepans, se yon siy ki di
nou lib , nou endepandan , nou otonòm.
Bon 221 lane endepandans
Erez lane ak tout ayisyen
Viv 1804
Viv soup lendepans.
Tèks: Rebèl Batayè Sankara
Foto: Pinterest