Nou pap sispann felisite tout moun kap fè yon bagay serye nan peyi a si genyen,konsa tou nou pap sispann pale tout tan pèp la paka jwenn rezilta vòt yo a ki pa lòt ke
Wout,kouran,dlo pòtab...
Poun site sila yo sèlman, e profite lanse yon mesaj ak tout moun
Pou nou pa vote moun ki pa gen pyès program ankò tankou sa yo map swiv la ki kontante yo sèlman nan ame bandi pou mete nou plis nan problèm ke sa nou ye la.
Pèp la fin vote kote se chèf ak bandi ki jwi pouvwa...
Pèp la toujou paka manje yon aleken pa jou men chak chèf gen group bandi pa yo kote yo siyen kontra pou peye yo chak mwa jounen jodi a menm bandi sa yo rann peyi a envivab sa tris...
Yo tèlman konnen yo pa fè anyen pou pèp vre kon gen eleksyon se prepare yo pou goumen pou pèp la pa jwenn chans pou vote
Yo vòlè eleksyon paske se ame bandi ki pwen fò yo.
Ann fè koukou rouj dèyè vakabon sa yo poun vote moun ki sanble nou
Ansanm ansanm nou ka di yon lòt Ayiti prosib...katon rouj pou tout vakabon.
(Joseph Remy dit Journaliste Pèp la)
Remy actualite
Politik san fòs Kote
Yon lòt fwa ankò nap fèw konnen jounen lundi 15 novembre lan map andirèk sou radio xpression 98.9 FM depi vil Pòdepè poun pale sou konferans de presse SONAJED la ak plizyè lòt òganizasyon te bay nan site endepandans lan a 7h 00 e profite pale sou problèm fatra ak kouran nan vil gonayiv (Remy joseph dit journaliste pèp la)
Misye bliye sil te konn depanse lajan peyi a nan bandi !!!
29/10/2021
Yon ekip etidyan ki pap viv nan vil gonayiv pa mete dlo nan bouch yo pou kritike mache prese sa ki genyen nan Ecole de droit et des science economique des Gonaïves(EDSEG) kote ke yo pa retounen sou desizyon yo sou desizyon egzamen ki dwe fèt vendredi 29 oct la pou rive dimanche 31 octobre kap vini la,
E profite pale sou move tretman yap vin resevwa akoz pagen gaz pou otèl yo fonksyone.
Remy actualite
26/10/2021
Remy actualite se yon page jounal kila pou enfòmew sou tout Sakap pase nan peyi a,Aprè jounen grèv 25 octobre la ki paralize konplètman tout aktivite nan vil Gonayiv,
Depi sant vil la pou rive mapou.
Rete konekte pou ka genyen rès Enfòmasyon yo sou dezyèm jou a...
Remy actualite
Depi Remy dil
Se sal ye
Enfòmasyon jounen an
Sou vil gonayiv
24/10/2021
Mwen vle anonse tout moun ke Marc Hubert ke tout pitit enri tap priye pou liberasyonl lan,jwenn liberasyonl jodi a menm
Remy actualite
23/10/2021
Jodi a se 23 oct :
Tout moun konnen sa fen mwa sa pou rive 3 Novembre reprezante nan komin enri tout kalite gaspiyaj ki konn fèt nan moman sa a,
Kote tout jèn profite bwè pou efase strès enjerans komin nan,kote je nou tout kale ap gade men pagen yonn nan nou ki gen kouraj pou ase ak sistèm sa a,alò pitom di nou bouke pasekem pa renmen ase a ...
Kesyonm ta renmen poze :
Èske preparasyon fèt la toujou ankou ?
Èske nou gen nouvèl Marc Hubert ?
Èske konsène yo voye kòb liberasyon an ale ?
Èske jenès la ka tonbe nan bwè pandan Marc Hubert nan men lanmò san jou ?
Ann repanse nou...
Remy actualite
Bonjou Ayiti bonjou peyim
Bonjou ak tout fanatik mwen yo kòman nou leve maten an...
Joseph Remy journaliste Pèp la)
Svp ki wòl majistra gonayiv la ?
MTPTC pa nan depatman ankò
Moun yo anvi viv tankou moun men elas...
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Téléphone
Site Web
Adresse
Roger
Gonaïves