23/10/2025
"Mieux vaut prévenir que guérir."
L’éducation physique fait partie d’un programme d’éducation bien équilibré qui met l’accent sur un avenir meilleur….
Institution Mixte Irick F. Saint-Cyr est un Institut Académique Chrétien qui existe pour inspirer et construire un avenir meilleur pour les enfants d'Haïti.
Nous fournissons des instructions qui favorisent les plus hautes réalisations académiques
23/10/2025
"Mieux vaut prévenir que guérir."
L’éducation physique fait partie d’un programme d’éducation bien équilibré qui met l’accent sur un avenir meilleur….
17/10/2025
Les élèves, les enseignants et le personnel de l'Institution Mixte Irick F. Saint-Cyr sont concentrés à 100 % sur la réussite de l'année scolaire 2025-2026.... Un avenir meilleur commence ici...
19/06/2025
09/01/2025
Prix Poésie Boisrond-Tonnerre 2024
Institution Mixte Irick Frangel St-Cyr
Jean Phosnel CHARLES
Participant #26
Commentez, likez et partagez = 1 vote
___________________________
Isit legzistans mwen kache anba lanjelis
lannwit pote rèv mwen sou do l
zetwal yo file
Pa bò isit
yo pa pran m pou moun
se vre m s on moso solèy
ki pran nan move tan
M al twouve legzistans mwen nan yon pwent plim
nan yon powèm san fen
nan yon powèm bèl bouton radyo
se la m santi m ta rete
pou m ap vire frekans pwezi
nan yon powèm je solèy
se pa ti mèvèy
Nan mitan flanm
nan mitan bal
ke n paka danse
se sou pwent plim
m leve danse
se la sèlman m santi m ta kadanse
Nan mitan dezespwa
moman nwa
li pote espwa
li fè lavi woz
Pa chèche m nan mond sa
m pa egziste la
m egziste nan chak kout vè
nan chak estwòf
ki ekri nan memwa ti lèzanj ki nan lari
nan memwa chak san k koule
chak avni yo touye
sou avni
Nan memwa
chak mizisyen ki kite tan mizik la
ale kite yo nan kout bal
m ekri poum egziste
se nan pwezi m chita pami rich
chak ri m se chan tristès yon pèp
Powèm lan sou po m
m santi powèm
m swe nan voye plim
m santi souf mwen
chak lè pwezi makonnen lesperans
nan chak kout plim yo
m pran sant lafimen
Pòtoprens
si n bouke ekri
souf nou ap koupe
Ekri s on pati nan mwen
se rezon legzistans mwen
m egziste pou m ekri
Aktivité de sports nan lekòl Institution Mixte Irick Frangel Saint-Cyr…
La Dessalinienne avec la fanfare de l'Institution Mixte Irick F. Saint-Cyr.