04/03/2025
Sitiyasyon diglos*k Ayiti ap konnen depi digdantan an se youn nan pi gwo baryè ki kenbe kilti ak edikasyon ayisyen an an nan gòj.
Malgre kreyòl la se lang majorite popilasyon an pale, fransè kontinye domine espas ofisyèl yo, tankou lekòl, administrasyon, ak medya. Sa kreye yon gwo distans nan mitan mas pèp la ak elit ki kontwole aparèy leta ak resous kiltirèl yo. Rezilta sa kite n konprann kijan popilasyon an dekonekte ak pwòp kilti li, paske lang li pale chak jou a pa jwenn valè li merite. Sa lakòz anpil Ayisyen meprize ak wè lang kreyòl la tankou yon lang san enpotans oubyen lang moun sòt , menmsi se li ki soude yo ansanm pou kominike reyalite yo. Diglosi sa a pa sèlman anpeche moun jwenn aksè ak konesans, men li detwi tou jistis kiltirèl epi anpeche peyi a avanse sou baz idantite li.
Sou tout koze sa yo, KLE envite w vin batbouch ak li Mèkredi 4 mas la sou gougèl mit, nan lè 7è yo sou lyen sa a:https://meet.google.com/qjw-vbwz-aei
Envite yon lòt moun vin brase bouch ak nou.
Ayabonmbe konpatriyòt ! 🤝🏽🫂