Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence

Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence Promotion du Leadership en Haiti

Le centre Haitien du leadership et de L’Excellence est un unique centre de développement du leadership, qui utilise la recherche, des programmes d’éducation et le réseautage comme moyens de renforcement des capacités des leaders haïtiens exemplaires afin de promouvoir le changement mené par les citoyens en Haïti. CLE a été fondé en 2011 par un groupe de leaders Haïtiens du secteur politique, du se

cteur privé et de la société civile, pour promouvoir le leadership collaboratif, civique et percutant à travers les secteurs et instaurer une Haïti autosuffisante et prospère.

Pafwa, gen bagay nou repete tèlman souvan, nou fini pa pran yo pou verite.Ou konn tande moun ap di sa lè y ap pale de bi...
08/09/2026

Pafwa, gen bagay nou repete tèlman souvan, nou fini pa pran yo pou verite.

Ou konn tande moun ap di sa lè y ap pale de biznis ?
Oumenm tou, ou te konn panse konsa?

Ki lòt mit ou konn tande ou ta renmen nou pale sou li? Lage l nan kòmantè yo.

05/09/2026

Imajine sa ki ka rive si nou mete tout enèji ak potansyèl nou ansanm. Lide, fòs, konesans, epi nou deside mache nan menm direksyon an.

Lè nou pa rete chak nan kwen pa nou, men nou pale, pataje, kolabore epi kenbe men pou n ale pi lwen n ap reyalize nou gen plis pouvwa pase sa nou te pase.

An n vanse ansanm. An n kolabore.
̀n ̀s ̀nasyonaljènyo

03/09/2026

Lè n mete fòs ansanm, nou fè pi gwo enpak e nou ale pi lwen 🤝🏾.

Kijan òganizasyon jèn yo kapab kolabore olye yo travay chak bò pa yo? Kisa nou kapab reyalize lè nou mete eksperyans, lide, rezo ak resous nou ansanm?

Se sou kesyon sa yo envite PodCLE yo te chita pou reflechi, pataje eksperyans yo epi montre kijan aksyon kolektif kapab ede òganizasyon jèn yo rive pi lwen epi kreye plis enpak nan kominote yo.

🎙️ Epizòd la disponib sou YouTube : https://youtu.be/BuZRXIdweZM ak Spotify : https://open.spotify.com/episode/1EkoGT03atXPVpWMcruQZL?si=Ryd_G-kgTJ6EDcXXSOs9uQ.

Ou poko gade l oswa koute l? Kouri ale dekouvri konvèzasyon sa.
E si w te deja gade l, petèt gen yon lòt lide ou ka pote avèk ou fwa sa.

PodCLE ap tann ou.
̀n ̀s ̀nasyonaljènyo

Ou sonje randevou nou chak mwa a? 4 atik, 4 ribrik, 4 refleksyon ekip nou an pote pou ou.Mwa sa a ankò, nou gen 4 nouvo ...
01/09/2026

Ou sonje randevou nou chak mwa a?

4 atik, 4 ribrik, 4 refleksyon ekip nou an pote pou ou.

Mwa sa a ankò, nou gen 4 nouvo atik k ap tann ou sou blog nou an✨🤗. Ou gade yo deja ?

Si w poko, kisa w ap tann? Pandan w ap kouri fè sa, pwofite envite yon zanmi w pou l li avè w.

Blog la ap tann ou 😉.

Bonjou Septanm! 🍂✨Yon ti van fre, nouvo enèji, yon pakèt bèl posiblite.☀️ Limyè🦋 Bon nouvèl🌱LaviSe pou nouvo mwa sa...
01/09/2026

Bonjou Septanm! 🍂✨
Yon ti van fre, nouvo enèji, yon pakèt bèl posiblite.

☀️ Limyè
🦋 Bon nouvèl
🌱Lavi

Se pou nouvo mwa sa pote anpil bèl bagay pou ou !
Bon mwa Septanm! 🤎

Nou pa toujou konnen ki kote yon konvèzasyon osinon yon rankont ap mennen nou. Lè nou aprann konnen plis youn sou lòt, s...
31/08/2026

Nou pa toujou konnen ki kote yon konvèzasyon osinon yon rankont ap mennen nou. Lè nou aprann konnen plis youn sou lòt, sa pèmèt nou wè pi klè sa nou kapab fè ansanm, epi se konsa yon kolaborasyon ka kòmanse.

Selebrasyon Jounen Entènasyonal Jèn yo (JIJ) ane sa, nan jounen 11 dawout la, te kreye espas pou moun ki soti nan diferan domèn kwaze, dekouvri travay yonn lòt epi wè ki kote chemen yo ka kwaze.

Si ou gen yon òganizasyon ou te dekouvri pandan JIJ 2026 la, tag li anba pòs sa. Petèt se la pwochen kolaborasyon an ap kòmanse.

Reyalite diferan. Menm vizyon.

28/08/2026

Ou te suiv li an dirèk oswa ou te rate l?
Kèlkeswa repons ou, ou ka toujou pran tan pou dekouvri epizòd 15 PodCLE a, ki disponib kounya sou YouTube ak Spotify.

Epizòd sa pote pou ou yon bèl konvèzasyon sou tèt ansanm ak angajman nan mitan òganizasyon jèn yo nan kominote yo. Se yon sijè ki merite tande epi pataje.

Tag 3 moun ou panse sijè sa ka enterese.

Lyen Youtube : https://youtu.be/BuZRXIdweZM
Lyen Spotify : https://open.spotify.com/episode/1EkoGT03atXPVpWMcruQZL?si=Ryd_G-kgTJ6EDcXXSOs9uQ
̀n ̀s ̀nasyonaljènyo

Èske ou pa t rate 4 atik mwa dawout yo sou blog CLE a? 👀Si w potko li yo, yo deja ap tann ou nan 4 ribrik nou yo :- Nouv...
27/08/2026

Èske ou pa t rate 4 atik mwa dawout yo sou blog CLE a? 👀

Si w potko li yo, yo deja ap tann ou nan 4 ribrik nou yo :
- Nouvèl CLE
JIJ 2026 : yon okazyon pou selebre, konekte epi prepare lavni
- Kout Je
Aprann, teste, konstwi : istwa Gid Konbit la
- Istwa Angaje yo
Jovie Green : Yon vizyon pou yon kominote
- Kout Plim
Èske gen yon bon moman pou ou kòmanse?

Se pa sèlman 4 atik sa yo 🤗🤗! Si gen kèk ribrik ou poko eksplore, pwofite fè yon ti tou sou blog la pou ou kapab dekouvri lòt istwa, refleksyon ak kontni ekip editoryal nou an ap prepare pou ou.
Yon gwo kout chapo pou redaktè nou yo ki pa janm sispann ekri, reflechi epi travay pou nou toujou genyen bèl kontni pou li. 👏🏾🎩🎩

Fè yon ti tou sou blog la, epi pa bliye : kite yon kòmantè anba atik ki plis touche w la epi pataje l ak yon moun ou panse ki ka renmen l. 💙

Lyen blog la : https://clehaiti.org/blog/

Nou kontan kòmanse yon nouvo patenarya ak Relève Leadership! 🤝🏾Patenarya sa ap pèmèt nou mete tèt ansanm pou reyalize pl...
26/08/2026

Nou kontan kòmanse yon nouvo patenarya ak Relève Leadership! 🤝🏾

Patenarya sa ap pèmèt nou mete tèt ansanm pou reyalize plizyè aktivite, pataje eksperyans ak ekspètiz, fè sikile opòtinite nan rezo nou yo, epi aprann youn nan men lòt atravè pataj konesans, rechèch ak bon pratik.

Nou kwè lè nou mete fòs, eksperyans ak resous nou ansanm, nou ka kreye plis opòtinite pou jèn yo devlope lidèchip yo, pran plas yo kòm sitwayen epi angaje yo nan kominote yo.

Ansanm, nou ka fè pi gwo enpak ✨.

25/08/2026

Yon mesaj pou jèn yo.
Yon mesaj pou nou tout.

Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Jèn yo, Marc Alain Boucicault te pran la pawòl pou l pataje ak jèn yo kèk refleksyon sou vizyon, aksyon ak plas yo nan konstriksyon yon pi bon avni pou peyi nou.

Tout videyo a disponib sou YouTube ak Spotify.

Gade l, tande l epi pataje l ak yon lòt jèn ki bezwen tande l.

Lyen Youtube : https://youtu.be/FWjoG2G3zpU
Lyen Spotify : https://open.spotify.com/episode/4uibZ1Id2dxJO0d4fAcz2v?si=0sX56ykgSeuJ-BdTY2kohQ

Adresse

Domaine Des Acajous, Allée Des Acajous, Par La Rue Pomeyrac Et Delmas 95
Delmas
HT6121

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:30
Mardi 08:00 - 16:30
Mercredi 08:00 - 16:30
Jeudi 08:00 - 16:30
Vendredi 08:00 - 16:30

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'école

Envoyer un message à Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence:

Raccourcis

Partager