27/04/2026
https://www.podbean.com/media/share/pb-e696f-1aab9e3?download=1
4 Je Kontre 27 avril 2026
Emisyon 4 Je kontre se yon pwodiksyon SAKS ki analize aktyalite yo nan nivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Sit touristik yo gen anpil valè nan peyi a, yo atire touris. Menm jan tou espas sa a yo ak anviwònman yo ta dwe pw...
21/04/2026
📢 𝗣𝗢𝗧𝗘𝗞𝗢𝗟𝗘 𝗔𝗞 𝗟𝗜𝗩📚 𝗟𝗜𝗧𝗘𝗥𝗔𝗧𝗜.
𝙼𝚎𝚝𝚎 𝚖𝚎𝚗 𝚙𝚘𝚞 𝚗𝚘𝚞 𝚊𝚗𝚔𝚘𝚞𝚛𝚊𝚓𝚎 𝚊𝚔𝚝𝚒𝚟𝚒𝚝𝚎 𝚕𝚎𝚔𝚝𝚒 𝚗𝚊𝚗 𝚙𝚎𝚢𝚒 𝚊.🇭🇹
20/04/2026
✅️ Vyolans ame yo redui anpil espas ak moman rankont toutbon nan kapital la, tandiske lè moun ansanm se yon mannyè wòdpòt pou yo kreye ak ranfòse lyen epi bay lavi yo sans.
🟢 Se poutèt sa a mete kanpe , chak samdi, apati 2 me 2026, depi 10zè:00 nan maten.
✨️DIPLIS, POU YOUN KOUTE LÒT !✨️
18/04/2026
JOF sou
- : pou youn koute lòt
Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) mete kanpe yon espas rankont, detant ak echanj ki pote non Diplis. Chak samdi, apati 2 me 2026, depi 10zè nan maten rive 5è nan aprè midi, gen yon seri aktivite ki pwograme pou patisipan yo : - Jwèt - Fwaye lekti – Dans - Pwojeksyon - Kozri – Moman pou koute mizik, elt.
Se yon moman kote divès domèn ap jwenn yon espas pou yo layite nan SAKS ki chita kò l nan 21 A, Dèlma 75, ang riyèl Levasseur.
Ensekirite k ap taye banda nan peyi a redui espas ak moman rankont yo, tandiske lè moun ansanm se yon mannyè wòdpòt pou yo kreye ak ranfòse lyen epi bay lavi yo sans. Nan sans sa a, objektif SAKS se fasilite moun rankontre pou yo detann yo epi fwote lide sou sa ki entèrese yo. Pòt SAKS ouvè 4 jou nan semèn nan, men aktivite Diplis la ap fèt chak samdi pou tout kategori moun : timoun k ap jwenn akonpayman pi gran, jenn, etidyan, elèv, pwofesyonèl tout kalte, militan, elt.
Kèk detay sou aktivite yo :
- Jwèt : Ap gen jwèt ki disponib. Gen fòmasyon ki prevwa pou moun ka aprann kèk jwèt yo.
- Fwaye lekti : Gentan gen apèl ki lanse pou angajman lektè yo. Gen yon mekanis ki prevwa pou moun li, diskite epi pataje sa yo li ak yon piblik ki pi laj atravè divès fòm pwodiksyon.
- Dans : SAKS prevwa pèmèt moun ki angaje nan espas la aprann danse mizik "tradisyonèl" epi kreye yon twoup dans.
- Pwojeksyon : SAKS ap pase fim pou tout kategori laj (divètisman, syans fiksyon, dokimantè…) epi patisipan yo ap ka diskite sou fim yo.
- Kozri : Enstitsyon an ap ouvè espas echanj lide sou diferan sijè kote tout moun ap gen libète pou yo pale.
- Moman pou koute mizik : SAKS ap chwazi albòm mizik pou moun chita koute yo ansanm epi iskite sou mizik yo tou ak atis yo epi lòt envite.
Pandan aktivite yo ap dewoule, gen kèk pwodui pou moun manje ak bwè k ap disponib nan espas la pou yon kraze monnen.
Dat lansman DIPLIS la se samdi 2 me 2026.
16/04/2026
🎧 𝗘𝗺𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝟰 𝗝𝗲 𝗞𝗼𝗻𝘁𝗿𝗲 - 𝗗𝗲𝗹𝘀𝗼𝗻 𝗖𝗜𝗨𝗦
🎧 𝗘𝗺𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝟰 𝗝𝗲 𝗞𝗼𝗻𝘁𝗿𝗲 - 𝗗𝗲𝗹𝘀𝗼𝗻 𝗖𝗜𝗨𝗦
Enjoy the videos and music you love, upload original content, and share it all with friends, family, and the world on YouTube.
14/04/2026
✨️𝗗𝗜𝗣𝗟𝗜𝗦✨️
👨👩👧👦 𝘙𝘢𝘯𝘬𝘰𝘯𝘵 - 𝘋𝘦𝘵𝘢𝘯𝘵 - 𝘌𝘤𝘩𝘢𝘯𝘫
📅 𝘊𝘩𝘢𝘬 𝘴𝘢𝘮𝘥𝘪
14/04/2026
https://www.podbean.com/media/share/pb-s3xmb-1a9af2f?download=1
Emisyon 4 Je Kontre 14 avril 2026
Emisyon 4 Je kontre se yon pwodiksyon SAKS ki analize aktyalite yo nan nivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Sitiyasyon politik Ayiti ap anpire chak jou piplis. Envite emisyon 4 Je Kontre semèn sa a Delson Cius kritike premy...