20/12/2024
ANMWEY,misye Marvel fèmen "DIM MA DIW " wi....()
Se pa sèl grenn emisyon Lib tribinn radyo zile a....? Wi..
Poukil fè sa? Li pa bay rezon non vrèman....,sof kèk preteks ,flou, ki pa kanpe sou anyen,tankou:
-Moun kap "mankel dega" ,
"akizel atô",
oubyen "mete Mo sou bouch li" ,
Youn nan akizasyon sayo paka ni ansanm , ni poukont ,jistifye yon tèl konpôtman oubyen mezi ki angaje yon enstitisyon...,yon enstitisyon ki e goumen pou LIBÈTE lapawôl ,e sibi gwo pên pou sa...
Anplis rezon MÔL sayo,ki ta konsène kêk oditè ,yon tryo kel abitye endekse,li ta manke yon sêten respè pou rês oditè entêvenan yo ,ki yomenm toujou voye flè e pou pèsôn mesye a,e pou rezonman/analiz jou a; e gwoup sa pata dwe viktim yon tèl ARÈ emisyon an.
Ayè,genyen yon oditè/entêvenan ,ki pa yon fidèl emisyon an,ki trete swa misye swa pwopo misye yo de ABERAN-sim byen sonje-, yon lôt ki ta tretel de " tyoul blan meriken": nan menm emisyon an,li repon tou 2 entèvenan sila sayo klèman,enèjikman.
Kòm mwen se yon moun li pa vle wè,(mwen pa vle wè tou,aparaman...), li eseye jodia tou pase pranm tou, kôm youn nan x kita lakoz arè emisyon an, alôske lè pwofesè Bolivar akizel,oubyen kase pozisyon laloz, Mòl liyo,li pa janm eksprime endiyasyon ,ni veksasyon,ni demanti sam repwochel yo ,e li toujou dim : "poukiw pa fèl oumenm",epaw dil oumenm ".sa MARVEL pa renmen lakay nou, pwofesè Bolivar,sè ke refleksyonl souvan pwal afwonte kômantè kritik san pitye nou ,anplis nan salanbe dirijan MALPOUWONT vôlô nouyo;men pa nan kalifye pal de absid,aberan,oubyen lôt (kon kalifye pal yo de BLAG,PLEZANTRI ,tou.
Kôn pagen anken rezon valab pou yon têl desizyon,ki se outraj a oditwa a,ki gen anpil pousantaj ladan yo pou entèvansyon x,y ,yo tande emisyon an,donk pa sèlman pou Marvel ?l li plis ke yon SANTE emisyon an pa selman kanpe sou pilye radyo a,ni Marvel selman,men tou sou pilye kêk entêvenan, kôm ignace ,dr Gotye oubyen pwofesè a?
Kòm desizyon inilzteral sa, ki pa bay VRÈ rezon an,e ki kontrè a LIBÈTE lapawôl ak diskisyon,ki se konba radyo e fondatè liyo,depi nesans li,nou mande misye MARVEL retounen sou desizyon sa oplivit, e swete yon reyinyon antre panèl emisyon an ak plizyê oditè fidèl yo pou antann yo sou kêk koreksyon ki dwe pote.
E Vision 2000 a l'ecoute et mega booster,se 2 emisyon lib tribinn, trè popilè,ke jounalis MACHAN MIKWO touye dja,pou pa otorize oditè entêvenan kontredi analiz miwo miba yo vle fè pou defan gouvênman vòlò, dechèpiyè, gangstê nan têt peyi a,donk MARVEL,pingaw mete dim ma diw nan lis lawont sila,nan memwa Liliane cheri nou an!!!
"pwofesè Bolivar", oditè bawon an,nan non tout oditwa entèvenan fidèl "Dim ma Diw "