bak
Guerrier manou
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Guerrier manou, Enseignement supérieur, Delmas.
map di frem yo mesi
18/08/2025
Lè w deja ap soufri ak yon pitit ke w se fanm ke w se gason, fè tout sa w kapab pou evite yon dezyèm, Mank matirite nou koz tròp timoun ap soufri. Timoun yo ap konnen yon volim mizè pandan ke yo pat mande fèt, pandan ke ou menm granmoun jis kontante w ap voye gouyad moute san panse ak lavi di ki genyen deyò a. Wi fè pitit se bèl bagay, gade pitit ou kap gran se yon lot pi gro benediksyon. Men chita grennen yo youn apre lòt tankou eskalye pandan ke w konnen w pa ka okipe yo se mechanste.
Jodi a fason jenn gason yo alèz pou page pye yo apre grosès la bay kè sote. Fason anpil jenn fi malgre yap soufri ak youn ou plizyè pitit deja men yap kontinye plimen san kapòt tankou sa pat anyen an, li enkyete m anpil. Lèkòl chè kay chè manje chè, tan ap vin pi di chak jou, tanpri edike tèt nou, aprann kontrole pouvwa fè pitit nou. Apre sa nou bay fanmi ak zanmi responsab paske yo pa ede nou. Men nou bliye tou ke yo gen responsablite pa yo, nou bliye tou ke yo pa la pou pote fado pa nou nan plas nou.
17/08/2025
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Delmas