Manman Pitit

Manman Pitit

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Manman Pitit, Formation, Delmas.

09/03/2026

Fanm se matris lavi an menm tan tou fanm se pi gwo otorite ki souvan pase sou silans nan anpil sosyete. Dwa fanm pa yon privilèj se yon reyalite e vwa fanm tankou vwa gason nan tout sosyete ki an sante dwe konte. Respekte dwa fanm se asire devlopman yon lòt jenerasyon kote egalite ant fanm ak gason tounen yon bagay nòmal san lit ak konba. 8 mas se yon dat pou raple tout fanm de kijan sa te ye ak jan sa ye jounen jodi ki de lit feminis avan yo tap mennen pou garanti yon jenerasyon fanm lib ki ka tankou gason patisipe politikman nan lavi sosyal peyi y'ap evolye a san konte de jwi de endepandans yo kòm moun.
Se pa yon konba ki ko fini, paske chak pi plis ak tout enfliyans ki chaje sou do bèl mouvman sila lezòt konn fè nou kwè se yon deba san fondman oudimwens yon mwayen pou fanm chache layite nan libètinay.
Mouvman feminis se pou tout fanm kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo ak nivo sosyal yo. Paske wi, se mouvman sila ki kalifye fanm toudabò pou sa li ye ki se yon MOUN ki gen valè tankou gason.
E se pou sa li enpòtan pou nou konprann ke tout moun kit fi, kit gason ka feminis nan limit ke nou tout se moun e nou tout dwe gen valè ak menm dwa.

15/09/2025

Anpil fanm toujou pran plezi grennen pitit san konte sou labaz depi li fèt lap viv. Kòmkwa yo pa fè diferans ant viv ak siviv kivle di batay pou viv. Youn ankò kòm timoun lan piti premye batay la jis depann de paran l kidonk yo menm ankò. E anpil fwa nan fanmi selibatè yo kote se manman an pou kò l kap fè ledikasyon timoun sila yo, eksperyans sila vin parèt penib.
Li tounen on gwo sakrifis ki koute lajwa, byenèt ak epanouyisman fanm sila. Kidonk nou ka mande tèt nou èske vreman fanm gen enterè grennen pitit tank li kapab san gade dèyè?
Non non e non! Non pou nou di menm nan yon fanmi ekilibre, kote papa ap jwe wòl li kòmsadwa, pou bonè fwaye a planin familyal se youn nan mwayen ki itil anpil pou mouche ak madanm kontwole pouvwa fè pitit yo pa rapò ak pouvwa ekonomik yo epi paln lavi yo. Men tou pafwa nou konn wè sèlman lajan poutan bagay la plis ke sa, paske nan zafè leve timoun gen dispozisyon lespri pou w asire levasyon ak avni timoun nou fè an. Ki vle di kote pandan yo ap jere vi pa yo epi yap mete yo disponib pou yo asire demen pitit yo fè yo. Leve anpil pitit se yon eksplwa ki mande anpil metriz ak disiplin, li pa enposib men se tou yon pwosesis kote anpil moun konn bliye tèt yo pou yo ka batay pou pitit yo. E se nan sans sila plis kantite a anpil plis batay la konn parèt pi difisil.

Alòs sijè se ki dispozysyon sikolojik, ekonomik nou pou nou leve timoun yo avan nou fè yo oubyen tou konnen èske pwojè lavi nou la gen plas pou resevwa youn, de, twa timoun ou plis.

Fè pitit se pa kòmkwa ale nan mache pran kantite ou jwenn men se pito ale nan mache pran kantite lajan w ka pèmèt epi sak ou ka pote.

14/09/2025

Anpil inégalite fanm ap goumen pou konble nan mouvman feminis lan fò souvan jwenn raisin yo nan mòdèl ledikasyon fanm ankò chwazi bay pitit yo. Sevre sosyete a tou monte men vle ou pa sosyete a pa premye kontak pitit fi w la ou yen pitit gazon w nan matyè relation moun ak moun. Manman ou jwe on wòl enpòtan nan konstrikayon karaktè pitit ou, soti nan jan pou li trete tèt, jan pou li trete moun ak jan pou li chwazi kite moun trete l.

Manman yo pa sèl koupab nan deklen sosyete a nen anpil vue mantalite, blesi emosyonèl, konba enteryè ak depandans emosyonèl pase pa yo. Kounya manman ou gen de pitit on fi on gason ou di tigason w lan se ti kòk ou kite l drive tout kite alòs ke menm nan yon joune koulè ou anpeche tifi w la ale nan lekòl li sou pretèks se tifi swa li gen tou nan manche oubyen zanmi a pran tèt.,😏

Ou egzije ti fi w pwòpte, obeyisans ak disiplin. Pou li kon netwaye fè manje pou lò li va marye demen epi kou se ti gason w la ou pote l sou tèt mache di se tèt sèkèy ou se gason wap sèvi l byen pou l pa pran nenpòt bagay nan men fanm?
Wi patriyaka son chema byen trase men anpil fwa fanm yo nan wòl yo kòm manman pitit se youn nan gwoup moun kap angrese sistèm sila san yo pa konnen.

29/08/2025

Celebrating my 2nd year on Facebook. Thank you for your continuing support. I could never have made it without you. 🙏🤗🎉

29/08/2025

An ayiti si gon fòs lanmou ki rete toujou se fòs lanmou Manman yo.
Pwoblèm Manman Pitit an ayiti pat janm kalte sakrifis yo dwe fè pou levé pitit yo, men pito eske sosyete a, sistèm lan pap fè tan se pitit yo ki pouta antere yo se yo ki nenpòt lè la antere pitit yo.

AK sipò

20/08/2025

Matènite se youn nan pi gwo moso nan vi tout fanm ki chwazi fè pitit. Paske fè pitit se yon privilèj pa on fado.Kidonk rantre nan eksperyans matènite se youn nan pi gwo desizyon nan vi yon fanm.E jan nou tout konnen l, manman manman nèt.

Pale de preparasyon pou rantre nan matènite anpil fwa vrèman konn parèt vag. Eske sa ta vle di fòk fi sa ta tann lajan li fin kont pou l fè pitit nan on peyi majorite fanm nan chomaj? Oubyen tou eske sa ta vle di pou fanm sa ta chache konn moun li prevwa fè pitit ak li a avan menm li deside tonbe ansent?
De kesyon sa yo, se toujou de sa ki vin an premye nan tèt on fanm, lè nap pale de sijè sa. Toufwa, nou toujou kite pibon kesyon an dèyè, kise mwen antanke fanm ki fè sa chwa èske mantalman, fizikman mwen pare? Jouk kibò fòs mwen ap ka rive poum ka ranpli kòmsadwa wòl mwen tankou on bon Manman Pitit? E si sata rive mvin pou kòm nan eksperyans sila ki mòd sakrifis vreman mwen pare pou m fè pou pwoteje byenèt mwen ak byenèt pitit mwen an?

Tonbe ansen san oare se koze fanm san vizyon, se koze fanm ki pa kwè nan demen e ki tou pa renmen pwòp tèt yo. Kidonk avan menm on fanm avize rantre nan koze fè pitit lap toujou gen enterè mete byenèt li an premye paske manman ou pap ka bay sa w pa genyen.





09/06/2025

An jeneral son bagay ki otomatik kay fanm pou"l pare pou'l goumen pou'l menm mouri pou pitit li.

E se pa on chema sosyete a desinnen mete la pou li men se on chaj lanati ba li.

Nan fim sa mwen aprann anpil bagay:

Sou kijan lòm nan movèz fwa yo ka tounen dyab pou on lòt.

Kijan mank anpati ka rann sosyete a vin pi mechan chak jou pi plis.

Epi tou kijan manman kap leve pitit pou kò yo ka rive nan kafou desespwa total si yo pa jwenn soutyen ak konpreyansyon anviwonnman yo ladan.

Mwen vreman tou kontan tande nan menm fim sa pandan medam yo nan bank lan, youn ba nou on gwo konsèy: APRANN BYEN CHWAZI MOUN KAP VIN PAPA PITIT OU A.
Menmsi ou pap janm fin sèten nou dwe pran tan pou nou triye, analize si vreman moun sila vo pou'w fè pitit pou li.
Menm si li konn fè sèks byen.
Menmsi li bèl gason.
Menmsi se li ou renmen.
Menmsi se li fanmi w ak zanmi w apwouve.
Paske si gen pou nan won se ou kap nan won pou kont ou. Dayè pibèl fraz la ap toujou nan moman sa pensonn pat voye'w.

STRAW pa on senp fil se on rapèl sou anpil bagay ki egziste nan sosyete nou an.
E spesyalman on rapèl pou di pou fè djòb manman an byen fanm yo bezwen sipò papa pitit yo, anviwonnman yo, sosyete a ak leta.

Pandan nap felesite tout ekip pwodiksyon STRAW ou menm fanm raple w ke djòb manman gen dan se pare pou'w pare.

24/05/2025

🚨 *Salon des Mamans/ 3ème édition* 🚨

Le Salon des Mamans est une mission qui a pris forme dans les bras de Toastmasters International🥰.

Qui a dit que nos HPL ne pourraient pas changer des vies???
Modeler de nouvelles visions ???
Impacter le monde???

Moi j'y crois, TMI en Haiti par le biais de ses leaders peut changer les choses. Si nous y travaillons et si nous y croyons.

3 ans déjà et nous sommes là jusqu'à ce que les résultats deviennent de plus en plus palpables💪🏻.

Alors chers amis, supportons ensemble ce travail pour un changement positif et impactant de notre société!

Par votre présence, vos partages de nos affiches ou en amenant quelqu'un à la 3ème édition de cette année.

*Dimanche 25 mai 2025*
🕕 *Heure : 12h30 à 3h30 PM* (Eastern Time)
📍 Sur Zoom
*ID:* 816 8453 5543
*Passcode:* SDM3

*Cliquez.Participez* : https://us06web.zoom.us/j/81684535543?pwd=

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Delmas
6120