09/03/2026
Fanm se matris lavi an menm tan tou fanm se pi gwo otorite ki souvan pase sou silans nan anpil sosyete. Dwa fanm pa yon privilèj se yon reyalite e vwa fanm tankou vwa gason nan tout sosyete ki an sante dwe konte. Respekte dwa fanm se asire devlopman yon lòt jenerasyon kote egalite ant fanm ak gason tounen yon bagay nòmal san lit ak konba. 8 mas se yon dat pou raple tout fanm de kijan sa te ye ak jan sa ye jounen jodi ki de lit feminis avan yo tap mennen pou garanti yon jenerasyon fanm lib ki ka tankou gason patisipe politikman nan lavi sosyal peyi y'ap evolye a san konte de jwi de endepandans yo kòm moun.
Se pa yon konba ki ko fini, paske chak pi plis ak tout enfliyans ki chaje sou do bèl mouvman sila lezòt konn fè nou kwè se yon deba san fondman oudimwens yon mwayen pou fanm chache layite nan libètinay.
Mouvman feminis se pou tout fanm kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo ak nivo sosyal yo. Paske wi, se mouvman sila ki kalifye fanm toudabò pou sa li ye ki se yon MOUN ki gen valè tankou gason.
E se pou sa li enpòtan pou nou konprann ke tout moun kit fi, kit gason ka feminis nan limit ke nou tout se moun e nou tout dwe gen valè ak menm dwa.