25/09/2022
Allez vous amusez
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Les choses de la vie et feuilleton, Delmas.
25/09/2022
Allez vous amusez
08/07/2022
Béni soit l'Eternel mon Rocher qui exerce mes mains au combat mes droits à la bataille
25/04/2022
Nan dènye jou sayo, tamarin tout kote. Ji tamarin sou tout tab. Tout madan marye ap bay mesye a ji tamarin.
Ebyen nou menm Union sans frontière nou wèl enpòtan poun vin moutrew enpòtans fwi sa..
Tamarin gen:: Mineraux tankou Calcium, Fer, Phosphore, Sodium, potassium.. Vitamine B1, B2, B11, PP ak vitamine C. Ligen :Pectine, s*k, acide organiques el gen sèl, ligen acide tartriques el gen bitartre potassium.. Ligen lwil tankou limonène, géraniol. kòs tamarin an menm se tèt chaje. Tamarin gen fibre, grès , proteyin,. Yo itilize tamarin anpil nan kwizin, e tamarin nan anpil prodwi kosmetik wap itilize.
YON TI ISTWA DE TAMARIN
-Tamarin soti an afrik men li prezan nan karayib la, nan sid azi, e nan sid amerij.. Tamarin gon lòt non "datte des indes"" afriken yo pat tro konn valè tamarin, ebyen se chinwa ak endyen ak Arabe yo ki vin ap fè mèvèy ak tamarin.. Pye a rele tamarinier li pouse nan zòn tropikal
Men kisa tamarin fè pou ou.
-tamarin edew fè dijesyon.
- tamarin ede moun kigen balonnman, dyare.
-tamarin patro alèz ak problèm irinè
-tamarin bon pou moun kigen bronch gras a antioxydant ki nan li an
-tamarin ede selil yo mwens vyeyi
-tamarin soulaje gòj fèmal
-tamarin rezoud problèm po men sepa lèw bwèl
-Tamarin ede moun kont fyèv
-Ji tamarin kapab kanpe vomisman fanm ansent
-ji tamarin bon pou moun tansyon ro
- moun kigen problèm nan jansiv, nan dan.. Kafè dlo bouch a tamarin.
-Fèy tamarin an bon pou maladi tou tankou s*k
- yo fè konfiti ak tamarin, yofè siro ak tamarin...
-yo netwaye vyann ak tamarin
-MEN KIJAN YO FÈ JUS AVÈL... Medam pran kaye pran plim. Nou bay moun tròp ji tamarin siiii🤣
Oupran tamarin an, ou lavel, ou kalel. Ou mete saw jwenn anndanl lan tranpe nan dlo pròp. Paske se menm dlo sa kipral fè ji a.
-metel tranpe matin siw pral fè ji a nan aprè midi, poul ka byen tranpe.. Lèl pabyen tranpe ji a vin pi si.. Madanm sepa bwè mesye a pata bwèl non men oukonn manke kitel tranpe.😁
-lèw pral fè ji a, oupran tamarin yo kitap tranpe a ou bat yo nan paswa. Ouka blennde yo wi men atansyon. Grenn yo konn kraze blenndè.
- ou pasel nan paswa pou retire grenn yo. Ouka remakel fè bouboul oudwe repasel nan paswa ankò.
-apresaw vide dlo kitap tranpe a pase nan paswa poul pa tonbe a grenn. Jete maa yo.
Epi vide s*k mete glas.. Pabliye Ji sa pran anpil s*k
-Men Kijan pou itilize tamarin an pou dyare, po kigen tach, oubyen dlo bouch pou moun ki malad nan dan.
-pran kòs tamarinier an kitel fè 30 minit bouyi nan 2 lit dlo.. Epi kitel fè 2h de tan poze. Sise pou dyare bwè 2 vè pa jou. Sise pou po pase dlo sa sou mak yo jiskakew bon. Sise pou bouch- just fè dlo sa tounen ben de bouch ou.
Pou moun kifè S*k
-pran kèlke fèy tamarin fè te avèyo. Epi bwè. Aprè kèk jou al fè tchèk.
Yo sispèk fwi sa genlè gen on efè sou kansè nan pankreya tou. Koz géraniol lan ki nan li an
- Ouka itilize tamarin pou sizonnen vyann oubyen pwason.. Saveur li pi anfòm ke sitron.
Men kòm nou konnen pagen avantaj san enkonvenyan.. Ebyen men enkonvenyan tamarin
-siw ap bwè aspirine pa konsome tamarin
-siwap bwè anti inflammatoire oubyen AINS yo. Pabwè tamarin
-siwap bwè anticoagulant yo , pabwè tamarin. Lipa zanmi ak stil medikaman sayo
Gen moun se alèji li alèji ak tamarin. Lèl bwèl lifèl toudi, vomi, dyare. Siw fè pati moun sayo pa fòse bwèl.
Tamarin gen anpil asid sakoz siwap plede bwèl chak jou lika atake emay danw
Moun dyabetik ki sou medikaman padwe bwè anpil ji fwi sa.
Fanm ansent tamarin an bon pou men apati de 5 mwa grosès al mande medsenw siw mèt kontinye frapel kif kif.
Pabay timoun yo ji tamarin souvan pou mwen svp.
Se te tout sayo USF te pote pou ou sou tamarin.. Pa bliye pataje laj lan pouka fè moun wè sa ki tamarin an.
Kite koze pran paròl. Ou menm kap li post sa. Pa dekouraje tande zanmim.. Menm siyap imilyew, pran kouraj tamarin te pase plis pasew.. Gade tamarin jodi a ki nan makèt haiti, gade tamarin ki sou tab kay moun le dimanche. . on baay se kochon wi yote konn bay li. Menm kochon te konn ap fè stil souli wi.. Gade tamarin konnya ki tout kote. Menm sou Facebook Union sans frontière oblije ap pale de tamarin. ..antouka lavi a gen revè tande..
Tamarin pat dekouraje😆
Pa bliye like page sa pouka rete konekte ak nou. Se sèl page lèw fin like li oupap janm regrèt.. Nou gen pou tout moun
Epi yodim savon lalwa, avwan, mant, miel, ajil yo prèske fini . siw pa gentan al pran paw sepa mwen +50944588070.. Vizaj ou se paspòw ..sèvi ak savon natirèl.
🙄ala ti tèt post long.
Al bay jeune sayo love lan.. Abòne ak channel Youtube yo. Yapral baw série https://www.youtube.com/channel/UCkPHpN8hJDphBgy2U242KUw
08/12/2021
24/11/2021
La belle Florencia dans entre justice et vengeance, Verdugo dans corazón valiente
Les opportunités n'arrivent qu'une seule fois dans la vie soit on s'y accroche, soit on reste en arrière.