20/05/2023
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou
An nou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
An nou, an nou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo
Aprè 218 lane depi bikolò nou te kreye ki pou te senbolize fyète nou antanke nasyon lib, jounen jodia se tankou nou pat gen drapo san nou pa bezwen pale de fyète a menm. Men si nou te vrèman aplike premye estwòf desalinyèn nou an, mw ret kwè sa tap diferan.
a tout konpatriyòt