17/03/2023
Bonswa, bonjou tout moun ki ap swiv mwen sou Facebook la.
Mwen pastè you asanble MEBSH nan you zòn ki rele Lessa, 8ème Section senlwi di sid. Li anviron 2 zè de tan de mach lèw kite wout moto ka metew la, se nan mòn li ye. Se sèl legliz la ki gen you lekòl ki soti nan preskolè rive nan 6ème AF.
Moun yo se elvaj ak agrikilti ki resous yo, yo fè siv anpil anlè a, yo koupe anpil pye bwa pou fè chabon.
Dènye jou sa yo lapli te fè anpil tan li pat tonbe, sete you dezas, bagay la grav dlo yo te bese konplètman, tout pye bwa fin koupe nan mòn nan pou fè chabon.
Mwen pran you inityativ kòm lidè poum reyini kazèk, òganizasyon, notab, responsab legliz katolik ki pi pre a poum ka wè kòman nou ka kòmanse you prosesis rebwazman nan mòn nan.
Map rankontre ak moun yo demen dimanch lan kap 19 mas la nan legliz batis Lessa ki se legliz map dirije a a 1h.
Mwen ekri pòs sa pou :
1- jwenn konsèy kèk moun ki nan kontak Mwen sou kesyon rebwazman
2- jwenn moun ki ka fèm jwenn plant oubyen oryentem kote poum jwenn plant pou rebwazman
3- jwenn agwonòm ki disponib e dispoze pou ede
Nou ta renmen jwenn anviwon 3 a 4 mil plantil
Dat nou panse pou kòmanse prosesis la se 1 mai 2023 ak elèv e tout moun Lessa e zòn avwazinant yo.
Ann met men poun chanje vizaj peyi a, ann fè ti sa nou ka fè a.
Ayiti pou ayisyen, ayisyen pou Ayiti
Pasteur Jephté Louis