04/02/2022
Men saw dwe konnen avan w komanse
YON ELVAJ POUL
si plizyè elvè ki deja eksperimante rive fè lajan e menm anpil lajan ak aktivite sa ,se pa menm bagay la ki rive yon debitan pou otan?.
Li senp e se pou sa li enpotan pou w kontinye li teks sa, nou pral eksplike w 10 komandman ki ap pèmèt ou reyisi yon elvaj poul. <
Pa bliye pataje l ak moun ou konnen ki enterese ak elvaj poul, renmen paj la pou w kab o kouran le nap pataje lòt teks. Deja mesi anpil !!!
Yon elvè poul dwe :
1e : aranje w pou yo pa janm gen pann manje ak dlo, epi evite poul yo gaspiye manje ak dlo a tou.
2e: fé anpil atansyon nan sa ki gen a wè ak netwayaj ak dezenfeksyon materyèl wap sevi ak yo nan poulaye a, egz: bòt, manjwa, abrevwa elatriye.
3e :cheche respekte lè wap ba yo manje ak dlo, defini yon lè byen detemine, lè sa yap abitye avèl epi sa ap pèmèt ou fè ekonomi manje pandan kel li pap menm deranje yo nan devlopman ak kwasans yo.
4e : ou dwe siveye konpotman yo chak jou, sa ap pèmèt ou reyaji a tan si yo ta trape yon maladi kelkonk.
5e : Pa janm bliye pouw pran poz nan mitan 2 s*k ke wap fè yonn apre lòt., poz sa dwe pou piti 15 jou.
6e : toujou elve poul ki nan menm laj, sa vle di, lew ap achte pousen yo cheche konnen konbyen jou yo gentan genyen, pa melanje pousen yon jou ak sa ki gen plis jou.
7e : ou dwe evite salte andedan ak nan zanviron poulaye a, evite gro bri,tròp chalè, trop fredi, dayè frèt la rann yo strese.
8e : entedi moun rantre nan poulaye a toutan, si ta gen obligasyon pou sa, egzije yo respekte swen sanitè yo. Evite tou lot bèt tankou chen chat eksetera rantre nan poulye .
9e : fé zanmi ak kek lòt elvè ki eksperimente deja pou yo kab baw konsey epi pataje egsperyans yo avèw .
10e : toujou respekte nòm dansite ke moun ki save yo deja defini tankou :
1è semèn: 40/m2
2e semèn : 30/m2
3è semèn: 20/m2
Mesi paske te pran tan w li, mw espere ke w pran kew konprann ew pwè pou al aplike yo
Agr. Noel pechelyn